Koulè Vyolèt
MÈKREDI
SEN
PREMYE LEKTI
«Mwen pa vire fas mwen lwen moun
k’ap maltrete m’ yo».
LEKTI
LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-9a
Granmèt
la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a.
Depi granmaten li reveye, granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou
se yon mèt k’ap pale. Granmèt la louvri zòrèy mwen.
Mwen
menm mwen pa kontrarye, mwen pa rekile dèyè. Mwen renmèt kòm bay moun yo k’ap
frape m’ nan; mwen renmèt figi m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an; mwen
pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an.
Granmèt Bondye ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont, se pousa mwen fè fas
mwen vin tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap wont.
Li
tou pre, sa a k’ap rann mwen jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou
kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’? Se pou l’ pwoche kote m’. Men Granmèt
Bondye k’ap pote m’ sekou; kilès k’ap kondane m’?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 68, 8-l0. 21bcd-22. 31 e
33-34
R/Nan
pakèt kè sansib ou, Granmèt, koute m’, nan tan gras la.
Sèke
se poutèt ou mwen sipòte afwon, lawont kouvri fas mwen;
mwen
vin tounen etranje pou frè m’ yo, ak moun deyò pou pitit manman m’ yo. Sèke
jalouzi kay ou a devore m’, afwon moun k’ap manke ou dega yo, yo tonbe sou
mwen.R.
Afwon an kraze kè m’, mwen febli.
Mwen t’ap tann moun ki pou pran lapenn avèk mwen, pa genyen, moun ki pou
console m’, mwen pa jwenn. Yo
mete fyèl nan manje m’, nan swaf mwen yo ban m’ bwè vinèg.R.
M’ap
fè lwanj non Bondye a avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj.
Se
pou pòv yo wè, pou yo kontan; chèche Bondye, se pou kè nou viv.Paske Granmèt la
koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.R.
LEVANJIL
«Pitit
moun nan a prale jan sa ekri a; men ala malè pou sa a ki sèvi lantremiz pou bay
li a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 26, 14-25
Lè
sa a:
Youn
nan douz yo ale, sa yo rele Jida Iskaryòt la, li rive kot gran prèt yo, li di
yo: «Sa nou vle ban mwen, m’ap renmèt li ba nou»? Yo dakò avèk li pou trant
pyès lajan. Depi lè sa a li t’ap chèche yon okazyon pou l’ bay li.
Premye
jou Azim, disip yo pwoche kot Jezi, yo di: «Kote ou vle pou nou pare pou ou,
pou nou manje Pak la»?
Jezi
menm di: «Al nan vil la, kay entèl, di l’ konsa: «Mèt la di: «Tan m’ nan tou
pre; se kay ou m’ap fè Pak la, avèk disip mwen yo». Disip yo fè jan Jezi te
pase yo lòd la, yo pare Pak la.
Lè
aswè rive, 1’al sou tab avèk douz disip li yo. Pandan y’ap manje, li di: «An
verite mwen di nou, youn nan nou ap trayi m’».
Yo
te vin gen lapenn anpil, yo chak kòmanse di: «Èske se mwen, Granmèt»? Li menm
li pran lapawòl, li di: «Sa a ki plonje men avèk mwen nan plat la, se li menm
k’ap trayi m’. Pitit moun nan a prale, jan sa ekri sou li a; men ala malè pou
moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo renmèt Pitit moun nan! li ta pi bon pou li,
si moun sa a pa t’ janm fèt». Jida pran lapawòl tou, li menm ki t’ap trayi l’
la, li di: «Èske se mwen, Rabi»? Li di l’: «Ou di l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nou nan mitan semèn ki apa
pou Granmèt la, kote n’ap mache nan direksyon Solèy ki anwo nèt la, Pak la. Nan
premye lekti a ke nou li nan Liv Izayi a nou deja santi fòs sa a k’ap vini an,
nou santi yon lespwa ekstrawòdinè. Pawòl sa yo Izayi te pwononse avèk fòs la,
se nan Jezi, Sèvitè Bondye a, yo pral jwenn akonplisman yo. Li menm ki se Laverite
a, Lavi a ak Chemen an. Li kite lèzòm akize l’, bat li, fè manti sou li, mete
men sou li epi maltrete l’ tankou yon vòlè. Li menm ki t’ap mache fè byen tout
kote l’ pase a, yo fè l’ sibi menm sò yo rezève pou malfèktè.
Jezi lonje figi li bay moun ki t’ap souflete
l’ yo, li konnen Papa l’ p’ap abandone l’. Li konnen Sila a ki voye l’ la gen pouvwa pou l’ ba li jistis li.
Deja nan
mèkredi ki apa a avan nou tonbe nan lapasyon Jezi pral soufri jou vandredi Sen
an, nou te deja santi nan bouch pwofèt la gwo rèl laviktwa li a pandan li di: «Li
tou pre, sa a k’ap rann mwen jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou
kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’? Se pou l’ pwoche kote m’.»
Devan
soufrans lavi a, anpil fwa nou konn anvi kouri kite sa, anpil fwa lafwa nou
febli, nou vle dekouraje. Men Jezi ba nou ekzanp pèseverans nou dwe genyen jous
nan bout la, Jezi montre nou kòman nou dwe mete konfyans nou nèt ale nan Sila a
ki p’ap janm kite nou pran lawont. Menm jan ak Jezi nou dwe mache ak konviksyon
sa a, travay pwoklamasyon wayòm Bondye a n’ap fè a, temwayaj n’ap bay yo,
defans moun y’ap pilonnen yo, travay avèk moun ki pòv yo, tout sa dwe fè n’
konnen Bondye p’ap janm lage nou, menm si gen anpil moun ki opoze ak nou, menm si
nou sibi pèsekisyon.
Youn
nan bagay nou bezwen kòm kretyen, se rive viv nan laverite, nan renmen, nan tèt
ansanm tout bon vre a, nan dyalòg ki chita sou respè youn pou lòt. Nou dwe
evite gen lanbisyon, jalouzi ki ka fè n’ vin mechan. Jida trayi Mèt la ki t’ap
sèvi l’ la, ki t’ap aji byen ak tout kominote a pou pwòp enterè pèsonèl li.
Jodi a, konbyen fwa nou trayi Jezi pandan n’ pa aksepte met tèt ansanm pou n’
travay pou bati sosyete tou nèf sa a.
Jezi, nan fason li aji, li montre n’
viv nan laverite: «An verite mwen di nou, youn nan nou ap trayi m’». Pa gen
dyalòg ki ka fèt san laverite. Jezi pral aksepte monte sou kwa a pou l’ montre
nou ki enpòtans renmen, padon ak sakrifis pou sèvi lòt yo. Konsa, nou dwe gade
pwòp lavi nou, pwòp relasyon nou youn ak lòt, daprè sa Granmèt la li menm li
vle pou nou an, dezi pou n’ kapab viv nan kè poze a ak kè kontan an.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, ou menm ki konn sa ki nan pwofondè kè nou, vin
ede n’ pran mwayen ki korèk pou n’ chanje sa k’ pa bon nan nou menm epi pou n’
aksepte aji daprè sa ou menm ou mande nou. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap evalye tèt mwen, m’ap gade ki desizyon
mwen ta dwe pran pèsonèlman pandan tan Karèm sa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario