Páginas

MADI 11

Koulè Vyolèt
MADI SEN
PREMYE LEKTI
«Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a».
LÉKTU LIV PROFÈT IZAYI 49, 1-6
Koute, zile yo, fè atansyon, pèp ki lwen yo: Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi nan zantray manman m’ li sonje non m’; li mete bouch mwen tankou yon epe pwenti, li pwoteje m’ nan lonbraj men l’, li mete m’ tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan sak li.
Li di m’: «Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen». Epi mwen menm mwen te di: «Se pou granmesi mwen te travay, se san rezon ak pou anyen mwen te depanse fòs mwen; epoutan jijman m’ avèk Granmèt la, rezilta travay mwen avèk Bondye m’ nan».
Koulye a, men sa Granmèt la di, li menm ki fòme m’ depi nan vant pou m’ kapab vin tounen sèvitè l’, pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li, pou m’ rasanble Izrayèl ba li, mwen jwenn glwa devan je Granmèt la, Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen. Li di: «Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou ou kapab leve ras Jakòb yo, pou ou fè debri pèp Izrayèl yo tounen: men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15 e 17
R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou a, Granmèt,
Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan.
Nan jistis ou a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay defans, pou ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm. Bondye mwen, wete m’ nan men pechè a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen, Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apuiye depi m’ nan vant, depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
Bouch mwen ap anonse jistis ou, tout jounen delivrans ou a, pou m’ ta konte l’, mwen pa kapab. Bondye, ou ban m’ ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
«Youn nan nou ap bay mwen. Kòk la p’ap chante, w’ap gen tan nye m’ twa fwa».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 13, 21-33. 36-38
Lè sa a:
Jezi te sou tab avèk disip li yo, espri l’ vin twouble, li temwaye, li di: «Amèn, amèn mwen di nou sa, youn nan nou ap trayi m’».  Disip yo youn t’ap gade lòt, yo pa t’ fin konprann sa l’ te vle di a.
Youn nan disip Jezi yo ki te sou tab yo te kouche sou lestonmak li, sa a Jezi te renmen an. Simon Pyè fè l’ siy, li di l’: «Ki moun l’ap pale a»? Kòm sa a te kouche sou pwatrin Jezi, li di l’: «Granmèt, kilès»?
Jezi reponn: «Se sa a m’ap lonje pen an mwen fin tranpe a ba li». Kon l’ tranpe pen an, li bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Aprè bouche a, Satan antre nan li.
Jezi di l’: «Sa w’ap fè a, fè l’ vit». Bagay sa a, pèsòn nan sa k’ te sou tab yo pa konnen pouki sa li te di l’. Genyen ki te konprann, kòm Jida te gen bous la, Jezi te di l’: «Achte sa nou bezwen pou jou fèt la», oubyen pou l’ te bay pòv yo kichòy. Kon l’ fin pran bouche a, li sòti menm lè a. Se te nannuit.
Kon l’ fin sòti, Jezi di: «Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa li, Bondye jwenn glwa li nan li tou. Si Bondye jwenn glwa li nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan li menm tou, l’ap fè l’ jwenn glwa a tou suit.
Ti pitit mwen yo, mwen avèk nou toujou pou yon ti moman ankò. N’ap chèche m’, men jan m’ te di Juif yo, «kote m’a prale a nou pa kapab vini, mwen di nou sa davans».
Simon Pyè di l’: «Granmèt, kote w’a prale»?
Jezi reponn: «Kote m’a prale a, ou pa kapab suiv mwen koulye a, w’a suiv mwen apre».
Pyè di l’: «Pouki sa mwen pa kapab suiv ou koulye a? M’ap bay lavi m’ pou ou».
Jezi reponn li: «W’ap bay lavi ou pou mwen? Amèn, amèn mwen di ou, kòk la p’ap chante, w’ap deja nye m’ twa fwa».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Se te nannuit».
Jodi a, se madi sen. Litiji a mete aksan sou trajedi y’ap prepare ki pral debouche sou lakwa vandredi sen an. «Kon Jida fin pran bouche a, li sòti menm lè a. Se te nannuit» (Jan 13, 30). Se nan nuit lè nou ale lwen sila ki se «limyè ki sòti nan Limyè, Bondye ki sòti nan Bondye» (Kredo Nise- Konstantinòpl).
Pechè a, se sila ki vire do bay Granmèt la e ki bay enpòtans ak bagay ki kreye yo, san li pa konsidere Kreyatè a. Sen Ogisten di nou, peche a se lè «ou renmen tèt ou jiskaske ou meprize Bondye». Kidonk, se yon trayizon. Se yon Krim, ki sòti nan «awogans nou, awogans sa a ki fè nou vle sòti anba kontwòl Bondye pou nou kapab aji selon nou menm, se awogans sa a ki fè nou kwè nou pa bezwen lanmou k’ap dire pou toutan an, awogans ki vle nou pran kontwòl tèt nou pou kont nou» (Benwa XVI). Nou kapab konprann, nan sware sa kijan lespri Jezi te twouble.
Bondye fè peche a pa gen dènye mo. Dènye mo a, se mizerikòd Bondye. Men se yon mizerikòd ki mande nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Mizerikòd Bondye mande nou detache nou ak bagay ki kreye yo pou nou kapab atache nou ak Bondye, epi nan fason sa a, n’a rive jwenn vrè libète a. An nou pa rete tann gwo desepsyon nan chwa nou yo pou nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Tankou Boudalou di nou, «nou vle konvèti lè nou fatige ak mond lan oubyen lè mond lan fatige avèk nou». Nou dwe aji ak plis entelijans. An nou desike kounye a menm. Semèn sent la se yon bon moman pou nou fè sa.  Jezi ki sou kwa a louvri bra li bay tout moun. Li pa mete pèsonn sou kote. Tout lawon ki repanti kapab jwenn plas li nan nan paradi a. A kondisyon li chanje fason l’ap vive pi li fè reparasyon, tankou sila a nan Levanjil la: «Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen» (Lik 23,41).
LAPRIYÈ :Bondye,ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, fè nou reyalize sakreman pasyon Granmèt la yon fason pou nou resevwa padon. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : M’ap mande Bondye padon pou chak fwa mwen te aji tankou Jida, lè mwen te bay fo temwayaj sou yon moun. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario