Páginas

LENDI 10

Koulè Vyolèt
LENDI SEN
PREMYE LEKTI
«Li p’ap rele, yo p’ap tande vwa l’ deyò».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 42, 1-7
Men pawòl Granmèt la:
«Men sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a nam mwen jwenn plezi nan li: mwen mete Espri m’ sou li, l’ap pote jijman an nan nasyon yo. Li p’ap rele, li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ deyò. Wozo ki fele a, li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li, se nan verite a l’ap fè jijman an sòti. Li p’ap tris, li p’ap sakaje anyen, joustan li poze jijman an sou tè a; zile yo ap tann lalwa l’ la».
Men pawòl Granmèt Bondye a, li menm ki kreye syèl yo, li menm ki deplwaye yo, li menm ki asire tè a, ni sa k’ap jèmen nan li, li menm ki bay pèp la lapawòl, pèp sa a ki sou tè a, li menm ki mete espri pou sa yo k’ap mache sou tè a:
Mwen menm Granmèt la, mwen rele ou nan jistis, mwen pran men ou, mwen pwoteje ou, mwen mete ou kòm alyans pèp la, kòm limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou fè prizonye yo sot nan prizon, pou ou fè sa k’ chita nan fènwa yo sòti nan kacho a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 1. 2. 3. 13-l5
R/ Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Lè moun k’ap chèche fè m’ ditò yo pwoche sou mwen, pou yo manje chè m’; sa yo k’ap fè m’ pase tray la ak ènmi m’ yo, se yo menm ki febli, epi ki tonbe.R.
Si lame kanpe an fas mwen, kè m’ pa gen dwa pè; si batay leve kont mwen, se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Mwen kwè m’ap jwenn byen Granmèt la nan peyi vivan yo.
Tann Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Kite l’, se pou jou antèman m’ li te konsève sa».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN12, 1-l1
Sis jou anvan Pak la, Jezi rive Betani, kote Laza te mouri a, li menm Jezi te leve a. Yo te fè yon resepsyon; Mat t’ap sèvi, Laza te nan pami moun yo ki te sou tab avèk li a. Mari menm pran yon liv losyon bon kalite ki koute byen chè, li benyen pye Jezi, li souye pye l’ avèk cheve l’; kay la vin plen ak odè losyon an.
Youn nan disip li yo, Jida Iskaryòt, sa a ki t’ap bay li a, li di: «Pouki sa yo pa vann losyon sa a twasan pyès lajan pou yo bay pòv»? Li te di sa, se pa paske li te gen konsiderasyon pou pòv yo, men se paske se vòlè li te ye, epi se li menm ki te gen bous la, sa yo te mete ladan l’, li te pran l’.
Konsa Jezi di: «Kite l’ se pou jou antèman m’ li te konsève l’. Pòv yo reyèlman, se tout tan n’ap genyen yo avèk nou, kanta mwen menm, nou p’ap genyen m’ tout tan».
Anpil foul nan Juif yo vin konnen li la, yo pa vini pou Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza tou, sa a li te leve sot nan pami mò yo. Gran prèt yo menm t’ap fè kalkil pou yo touye Laza tou, paske anpil moun te kite Juif yo poutèt li, yo te kwè nan Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Levanjil la montre nou de (2) atitid nou ka genyen anvè Bondye, anvè Jezikri ak anvè lavi a menm. Mari vide pafen sou pye Jezi, Jida pa kontan pou sa, li di : «Pouki sa yo pa vann losyon sa a twasan pyès lajan pou yo bay pòv ?» (Jn 12,4-5). Se pa paske Jida te sòt ki fè li di sa ; okontrè Jezi te kapab menm dakò ak lojik li a. Pou nou menm, li fasil pou nou kritike sa lòt yo ap fè, menm si se san ipokrizi, menm jan Jida te fè sa.
Nenpòt kritik dwe fèt ak responsablite : lè nou kritike yon moun, nou dwe mande tèt nou tou kisa nou te ka fè si nou te nan plas entèl, kisa nou te ka pare pou nou fè. Si se pa konsa, nou kapab di kritik la, se lè yon moun movèz fwa plenyen kont yon moun ki eseye fè sa ki posib pou fè sa ki byen, tankou nan ka sa a nan levanjil jodi a.
Mari vide pafen sou pye Jezi e li souye pye li yo avèk cheve li, paske li kwè se devwa li. Aksyon sa a montre kalite bon kè Mari: li fè jès sa a antan «li pran yon liv losyon bon kalite ki koute byen chè» (Jan 12,3). Se yon jès renmen, e tout jès lanmou difisil pou yon moun konprann si li pa pataje l’.
Jida plenyen, sa pa itil li anyen, okontrè sa mennen l’ nan trayizon sèlman. Aksyon Mari a lakòz li plis renmen Granmèt li a toujou.
LAPRIYÈ:Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, n’ap lapriyè ou ; nou malad, n’ap febli ; koute sèl Pitit ou a ki soufri pou nou, fè nou jwenn yon souf. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:Bondye toujou lonje men ba ou, konbyen fwa ou lonje men bay yon moun ki nan nesesite ? Èske ou toujou sonje di mèsi lè ou resevwa ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario