Páginas

JEDI 20

Koulè Blan
JEDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
«Nou touye lotè lavi a, Bondye leve l’ sot nan pami mò yo».
NAN TRAVAY APOT YO 3, 11-26
Jou sa yo:
Kòm enfim nan ki te geri a te kenbe Pyè ak Jan, tout pèp la kouri kote yo, bò pòtay yo rele pòtay Salomon an, yo te sezi. Lè Pyè wè sa, li reponn pèp la: “Mesye Izrayèl yo, poukisa nou sezi pou bagay sa a? Oubyen pouki sa n’ap gade nou an, kòm si se ak fòs nou oubyen se ak pouvwa nou nou fè mesye sa a mache a? Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la, Bondye papa nou yo fè wè glwa Pitit li a Jezi, li menm nou te bay la, nou te nye devan fas Pilat la, lè Pilat te jije pou l’ te lage l’ la. Nou menm se Sen an ak sa a ki kòrèk la nou te nye, nou te mande pou yo ba nou yon moun ki touye moun; Lotè lavi a menm, nou touye l’, men Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, nou sèvi l’ temwen. Nan lafwa o non l’, sa a nou wè a, nou konnen an, non l’ fè l’ kanpe fèm; se lafwa ki reyalize pa lantremiz li a, ki bay sante sa a ki entak la devan fas nou tout la. Koulye a frè m’ yo mwen konnen se paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa, menm jan ak chèf nou yo. Men Bondye, sa l’ te anonse davans nan bouch pwofèt yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li reyalize l’. Konsa se pou nou fè penitans, se pou nou chanje konduit, pou peche nou yo efase; pou lè tan frechè yo rive vin sot nan fas Granmèt la, li voye sa a yo te preche nou an, Jezikri, li menm syèl la gen pou l’ kenbe jous nan tan y’ap remete tout bagay nan plas yo a, sa Bondye te pale nan bouch sen l’ yo lontan an, pwofèt yo. Sèke Moyiz te di: “Granmèt Bondye nou an ap fè yon pwofèt leve pou nou nan mitan frè nou yo, tankou mwen menm; se pou nou koute l’, daprè tout sa l’ap di nou. Tout moun ki pa koute pwofèt sa a, y’ap wete l’ sot nan pèp la”. Tout pwofèt yo depi Samyèl ak sa k’ vin aprè l’ yo, ki te pale yo, yo te anonse jou sa yo.
Nou menm nou se pitit pwofèt yo ak alyans la, sa Bondye te pase ak papa nou yo, lè l’ te di Abraam nan: “Nan ras ou tout fanmi tè a ap jwenn benediksyon”. Se nou menm an premye Bondye voye Pitit li a ba nou, sa l’ leve a, ki beni nou an, pou nou chak vire do sot nan peche l’ yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt, Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a!
Granmèt, Granmèt nou, sa moun nan ye, pou ou sonje l’? oubyen pitit moun nan, pou w’ vizite l’? R.
Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba zanj yo, ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’; ou enstale l’ anlè travay men w’ yo. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’: R.
Ni mouton ni bèf, yo tout, menm bèt nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo,tout sa k’ap mache nan santye lanmè yo.R.
LEVANJIL
«Se konsa Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ resisite sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 35- 48
Lè sa a:
Disip yo t’ap rakonte bagay ki te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt Jezi nan kase pen an.
Pandan y’ap pale bagay sa yo, Jezi kanpe nan mitan yo, li di yo: “Lapè pou nou: se mwen menm, pa pè”. Yo twouble, yo sezi, yo te konprann se yon espri yo te wè a.
Li di yo:
“Poukisa nou twouble a, ak panse sa yo k’ap monte nan kè nou an? Gade men m’ yo ak pye m’ yo, se mwen menm menm; touche pou nou wè: yon espri pa gen chè ak zo, jan nou wè mwen genyen an”. Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak pye yo. Yo pa t’ ko kwè, yo te sezi ak kontantman, li di: “Èske nou gen kichòy pou manje isit la”? Yo ofri l’ yon moso pwason griye ak yon gato myèl. Li manje devan yo li pran rès yo, li ba yo.
Li di yo:
“Se pawòl sa yo mwen te pale nou an lè m’ te avèk nou toujou a, li te nesesè pou tout sa k’ ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la ni pwofèt yo ni sòm yo, pou yo te reyalize”.
Lè sa a li louvri lentèlijans yo, pou yo konprann sa k’ ekri yo.
Li di yo: “Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la te gen pou l’ soufri, pou l’ leve sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo preche penitans o non l’ ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse sou Jerizalèm. Nou menm nou temwen bagay sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Dispip Emayis yo rakonte onz Apot yo sa ki te pase. Jezi te parèt devan yo, yo te pè, yo t’ap tranble, yo te panse se te yon zonbi. Jezi mande yo pou yo gade byen, pou yo touche men li ak pye li.  Li eksplike yo sa ki te ekri e li kase pen an ak yo. Li fè yo tounen temwen rezireksyon li a.
Nou ta di tèks la kite nou konprann kèk nan disip yo te panse rezireksyon Jezi a, tankou yon zonbi ki lage. Levanjelis la vle nou konprann byen Jezi ki leve vivan an, se Jezi yo te klouwe sou kwa a : se li menm menm. Li mande yo pou yo touche mak klou yo nan men li ak nan pye li. Lafwa nou kòm kretyen, li pa baze sou aparisyon majik, ezoterik, bagay moun mal pou konprann. Se yon lafwa ki makonnen ak kalite nou kòm disip Jezi.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, jodi a, fè nou viv tankou disip Pitit ou a yo te klouwe a e ki leve byen vivan an. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON:Lafwa mwen nan Jezi ki leve vivan mande m’ trete pwochen mwen avèk dousè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario