Koulè Blan
VANDREDI ANNDAN SEMÈN
PAK LA
PREMYE LEKTI
“Pa
gen delivrans nan pèsòn lòt moun”.
NAN TRAVAY APOT YO 4,
1-12
Jou
sa yo:
Pyè
ak Jan t’ap pale ak pèp la toujou, aprè gerizon enfim nan, prèt yo vin rive ak
majistra Tanp la ak sadiseyen yo, yo te kontrarye poutèt yo t’ap bay pèp la
ansèyman an, yo t’ap anonse rezireksyon sot nan pami mò yo nan Jezikri. Yo met
men sou yo, yo mete yo nan prizon nan landmen; paske aswè te deja rive.
Anpil
nan moun yo ki te tande pawòl la, yo te vin kwè; total mesye yo se te kenz mil.
Rive nan landmen, chèf yo rasanble ak ansyen yo ak skrib yo nan Jerizalèm, Án,
gran prèt la ak Kayif ak Jan ak Aleksand ak tout moun nan ras prèt yo, yo fè yo
kanpe nan mitan, y’ap poze yo kesyon: “Nan ki pouvwa oubyen o non kilès nou fè
bagay sa a”? Lè sa a Pyè plen ak Espri Sen an, di yo: “Chèf pèp la ak ansyen
yo, koute. Si jodi a y’ap jije nou pou yon byenfè ki reyalize pou mesye enfim
nan, si nou bezwen konnen nan kilès li sove, ebyen aprann sa nou tout ak tout
pèp Izrayèl la, se o non Granmèt nou Jezikri moun Nazarèt la, sa a nou te
kloure sou kwa a, li menm Bondye leve sot nan pami mò yo, se nan li sa a geri, kanpe
devan nou. Sa a se wòch la, nou menm bòs mason yo nou te rejte a, ki vin tounen
tèt kwen an; pa gen delivrans nan okenn lòt moun; ni pa gen okenn non anba syèl
la yo bay lèzòm, ki pèmèt nou sove”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 117, 1-2 e 4. 22-24. 25-27a
R/ Wòch la bòs mason yo
jete a, li vin tounen tèt kwen an.
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou sa yo ki respekte Granmèt la di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan
Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
Sa
a se jou Granmèt la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.
Granmèt,
sove m’, Granmèt, bay kè kontan.R.
Konpliman
pou sa a k’ap vini o non Granmèt la.
Konpliman
pou nou sot nan kay Granmèt la. Bondye Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
“Jezi
rive, li pran pen an, li ba yo ak pwason an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 21, 1-14
Lè
sa a:
Jezi
parèt ankò devan disip yo bò lanmè Tiberyad la. Men kijan li te parèt la. Yo te
ansanm, Simon Pyè ak Toma, sa yo rele Didim nan, ak Natanayèl, moun Kana Galile
a, ak pitit Zebede yo ak de lòt nan disip li yo.
Simon
Pyè di yo: “M’a pral lapèch”. Yo di l’: “N’a prale avèk ou tou”. Yo sòti, yo
monte nan batiman an, men nannuit sa a yo pa pran anyen. Lè granmaten rive,
Jezi te kanpe sou bò lanmè a; men disip yo pa t’ rekonèt se te Jezi. Jezi di
yo: “Ti moun yo, èske nou gen pwason”?
Yo reponn li: “Non”. Li di yo: “Voye filè a adwat batimán an, n’a
jwenn”. Yo voye l’, yo pa t’ kapab redi l’, tèlman te gen anpil pwason. Disip
Jezi te renmen an di Pyè: “Se Granmèt la”. Lè Simon Pyè tande se Granmèt la, li
pase rad li nan ren l’, (li te nikò), li lage kò l’ nan lanmè. Lòt disip yo
rive nan batiman an (yo pa t’ lwen tè a, se te apeprè san mèt) y’ap remoke filè
pwason yo. Lè yo desann atè a, yo wè chabon dife ki poze, epi pwason ak pen sou
li. Jezi di yo: “Pote nan pwason yo nou sot pran koulye a”. Simon
Pyè monte, li redi file a atè, plen ak gwo pwason, sansenkant twa. Epi
malgre te gen tout kantite sa a, filè a pa chire. Jezi di yo: “Vin manje”.
Pèsòn nan sa k’ t’ap manje yo pa t’ gen kouraj mande l’: “Ki moun ou ye”? Yo te
konnen se Granmèt la. Jezi rive, li pran pen an, li ba yo, ni pwason an tou. Sa
te fè twazyèm fwa Jezi te parèt devan disip li yo, lè l’ te fin resisite sot
nan pami mò yo.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Jezi manifeste li yon twazyèm
fwa nan mitan disip li yo aprè rezireksyon li. Pyè retounen nan aktivite lapèch
li e lòt yo akonpaye li. Kòm se pechè li te ye avan li te rankontre ak Jezi, se
nòmal pou li te kontinye aktivite sa a aprè. Men
gen anpil moun ki panse ke pou yon moun swiv Jezi, li pa oblije abandone yon
travay onèt.
Nan
nuit sa a yo pa pran anyen! Lè granmaten rive, Jezi te kanpe sou bò lanmè a;
men disip yo pa t’ rekonèt se te Jezi. Yo te vin konnen se li menm lè li te
mande yo kichòy pou manje. Lè yo te di yo pa genyen anyen, li te montre yo ki
kote pou yo voye filè a. Malgre pechè yo te pase tout nuit la yo pa t’ pran
anyen, yo obeyi Jezi. Sa se pouvwa obeyisans! Yo pa t’ pran yon grenn pwason
nan nuit la, epi kounye a pwason twòp pou filè a. Nou mèt kwè, se chak jou
mirak kapab fèt. Depi nou fè sa Jezi mande n’ fè, travay nou ap pote anpil fwi!
Levanjelis
la rakonte nou ke yo te genyen «sansenkant twa pwason» (cf. Jn 21,11), men
malgre kantite sa a filè a pa t’ chire. Tout
sa se detay nou ka pran an konsiderasyon; Redanmsyon an fèt ak yon obeyisans
responsab, nan mitan aktivite n’ap mennen chak jou. Yo
te konnen se te Granmèt la. Jezi rive, li pran pen an, li ba yo, ni pwason an
tou (Jn 21,12-13).
Kit
se nouriti espirityèl ou materyèl, li p’ap manke nou si nou obeyi. Li aprann
disip li yo ki te pi pwòch li yo sa, e li di nou sa yon lòt fwa pa lentèmedyè
Jan Pòl II: « Nan kòmansman nouvo milenè a (…) yon lòt fwa ankò, pawòl sa yo
Jezi te di Apot li a, pou li te kapab avanse pi fon an, fè eko nan kè nou: «Duc
in altum» (Lk 5, 4). Pyè ak premye kamarad
li yo te kwè nan pawòl Kris la, e yo te voye filè a. « Yo voye l’, yo pa t’
kapab redi l’, tèlman te gen anpil pwason» (Lk 5,6). Jodi a, Jezi ap di nou
menm bagay la.
Antan
n’ap aprann obeyi menm jan ak Lavyèj Mari, an nou mande Granmèt la pou li
kontinye fè Legliz la rekòlte fwi apostola.
LAPRIYÈ:
Papa Bondye, san ou menm jefò nou yo pa sèvi anyen; pa janm kite nou pou
kont nou. Amèn.
PWOPOZISYON:
Menm si travay misyonè a difisil, m'ap sèvi Jezi temwen nan jan m’ap pwoklame
lafwa m’ ak jan m'ap viv ak pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario