Koulè Blan
FILIP NERI
KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Granmèt la louvri kè l’ pou l’ met
atansyon nan sa Pòl t’ap di yo»
LEKTI TRAVAY APOT YO 16, 11-15
Nou navige sot Twoas, nou rive tou
dwat Samotras, epi nan landmen nou rive Neapolis; nou sot la, nou rive Filip,
vil ki pi enpòtan nan rejyon Masedwán nan, kote anpil etranje abite.
Nou
te rete pase kèk jou nan vil sa a. Jou saba a, nou sòti deyò pòt la, bò larivyè
a, kote yo konn lapriyè a, nou chita, nou t’ap pale avèk medam yo, ki te
rasanble yo.
Yon
madanm yo rele Lidi, yon machann vlou nan vil Tiati, ki te adore Bondye, li
t’ap koute; Granmèt la louvri kè l’ pou l’ fè atansyon nan sa Pòl t’ap di yo.
Lè l’ fin batize, ni kay li tou, li ensiste, li di: Si nou konsidere m’ kòm
fidèl Granmèt la, antre lakay mwen, rete la». Li fòse nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt
la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante
pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo. Se pou Izrayèl
kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se
pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou
li. Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn
konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se
pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo. Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou
tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Lespri laverite a ap sèvi m’
temwen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 15, 26-16, 4
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè
Avoka a ap rive, li menm m’ap voye ba nou sot kot Papa a, lespri laverite a ki
sòti nan Papa a, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou menm tou n’ap sèvi m’
temwen, paske se depi nan kòmansman nou avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo, pou
nou pa dekontwole. Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap rive,
tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap fè
nou sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.Men mwen di nou bagay sa yo,
pou lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Liv travay apot yo ap
ede nou viv tan Pak la nan fason l’ap rakonte nou istwa wvoyaj misyon disip yo.
Jodi a l’ap rakonte nou istwa premye wvoyaj apot Pòl ak ekip li nan kontinan
Ewòp la. Lè nou medite istwa sa a, nou kapab konprann kijan Bondye sèvi ak
kalite chak moun pou pawòl li a kontinye simaye toupatou sou tè a. Apot Pòl se
yon gwo ekzanp nan sans sa a. Jounen jodi a Bondye ap sèvi avèk ou pou li kapab
rive nan lavi lòt yo.
Nan levanjil la Jezi ap anonse disip yo reyalite difisil k’ap tan n’ yo
nan lavi lafwa a epi l’ap fè yo sonje yo p’ap pou kont yo, l’ap voye yon
defansè pou yo. Pawòl sa yo ap ede nou viv lafwa nou ak plis konviksyon epi kè
kontan.
Legliz la ap vanse gras a defansè sa a ki se Lespri Sen an. Lespri sa a
ap ede nou mache nan chemen Jezi te trase pou nou. Se gras a Lespri Sen an Jezi
toujou prezan nan selebrasyon sakreman yo, nan misyon Legliz la ak nan lavi
kretyen vivan.
LAPRIYÈ:
Bondye ki gen kè sansib, favè tan pak la ofri a, fè nou pwofite fui li
donnen pou nou tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap patisipe nan aktivite pawas mwen òganize.
No hay comentarios:
Publicar un comentario