Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni
nou menm ni kay ou a».
LEKTI
TRAVAY APOT YO 16, 22-34
Jou
sa yo:
Foul
Filipyen yo rasanble kont Pòl ak Silas; majistra yo chire rad yo, yo pase lòd
pou yo bat yo ak fwèt. Lè yo fin ba yo anpil kou, yo voye yo nan prizon, yo
pase yo lòd pou yo veye yo byen. Moun nan ki resevwa lòd sa a, li mete yo nan
prizon ki anndan an, li mare pye yo sere avèk bwa.
Nan
mitan nannuit, Pòl ak Silas t’ap lapriyè pou fè lwanj Bondye; santinèl yo te
tande yo. Yon ti moman, gen yon gran tranbleman-tè ki rive, atèl
pwen fondasyon prizon an souke. Menm lè a, tout pòt yo louvri, chenn tout moun
lage. Gadyen prizon an reveye, li wè pòt
prizon yo louvri, li rale epe a, li te vle touye tèt li, li te konprann
prizonye yo te chape. Pòl menm rele byen fò, li di: «Pa fè tèt ou anyen ki mal:
sèke nou tout nou isit la».
Li
mande limyè, li antre, li sezi, li lage kò l’ nan pye Pòl ak Silas. Li fè yo
sòti deyò, li di: «Mèt, ki sa pou m’ fè, pou m’ sove»? Yo di: «Kwè nan Granmèt
Jezi, w’ap sove, ni ou menm ni kay ou a».
Yo
anonse l’ pawòl Granmèt la avèk tout moun ki te nan kay li a. Li pran yo menm
lè sa a nan nuit la, li lave kote yo te blese yo; li batize, ni li menm ni tout
kay li a menm lè a. Li kondui yo nan lakay li, li ba yo manje, li kontan ansanm
avèk tout kay li a, antan l’ kwè nan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
137, l-2a. 2bc-3. 7c-8
R/
Men dwat ou
ap sove m’, Granmèt
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout
kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen yo. Devan fas mesaje yo m’ap chante pou
ou. M’ap adore nan kay sakre ou la ki sen an.R.
M’ap fè lwanj pou non ou, poutèt kè
sansib ou ak verite ou.Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou reponn mwen; w’ap devlope
bon kalite nan nam mwen.R.
Men dwat ou ap sove m’. Granmèt la
ap reyalize travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men
ou yo, pa renmèt li.R.
LEVANJIL
«Si m’ pa ale Avoka a p’ap vin jwenn
nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 5b-ll
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Koulye
a m’a pral jwenn sila a ki te voye m’ nan, epi pèsòn nan nou pa poze m’ kesyon:
«Kote ou a prale»? Men, poutèt bagay sa yo mwen di nou an, chagren plen
kè nou. Epoutan se laverite mwen di nou: li pi bon pou nou pou m’ ale; sèke si
m’ pa ale, Avoka a p’ap vin jwenn nou; si m’ ale, m’ap voye l’ vin jwenn nou.
Lè l’ap rive, l’ap akize tè a sou peche, ak jistis ak jijman: sou peche a,
paske yo pa t’ kwè nan mwen; sou jistis la, paske m’a pral kay Papa a, epi nou
p’ap wè m’ ankò; sou jijman an, paske chèf tè sa a deja jije».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Gen kèk gwoup karismatik an Ayiti ki konn chante pawòl sa yo: «Lapriyè
se kle ki louvri tout pòt, nenpòt kijan li fèmen l’ap louvri l’ kan menm».
Istwa nou li nan
premye lekti a vin konfime nou verite pawòl sa yo. Pòl ak Silas te anba kadna,
yo te fèmen nan prizon pou yo te kapab sispann pale de Jezi. Men, lè mesye yo
te nan prizon an, yo te rete ap lapriyè. Se konsa «te gen yon gran tranbleman-tè ki rive, atèl
pwen fondasyon prizon an souke. Menm lè a,
tout pòt yo louvri, chenn tout moun lage. Gadyen prizon an reveye, li wè pòt
prizon yo louvri, li rale epe a, li te vle touye tèt li, li te konprann
prizonye yo te chape».
Gadyen
prizon an t’ap tranble, se pa paske tè a te souke, men se paske li te panse
prizonye yo te gen posiblite pou yo te tou chape epi li te kapab peye sa byen
chè! Kidonk, inosan te ka vin pase pou koupab. Poutan, Pòl ak Banabe misye t’ap
veye a, se yo menm ki pral libere li anba laperèz li a. Gadyen an te menm vle
touye tèt li tèlman li te dezespere, li santi ki kalite pinisyon ke li ta pral
resevwa.
Pòl
konsole li lè li rele byen fò pou di li: «Pa
fè tèt ou anyen ki mal: sèke nou tout nou isit la». Se konsa li mande
limyè, li antre, li sezi, li lage kò l’ nan pye Pòl ak Silas. Li fè yo sòti
deyò, li di: «Mèt, ki sa pou m’ fè, pou
m’ sove»? Yo di: «Kwè nan Granmèt
Jezi, w’ap sove, ni ou menm ni kay ou a». Kidonk gadyen an te bezwen yon
sèl bagay pou li te sove: lafwa nan Jezikri.
Sila
yo ki te prizonye yo, se yo menm li pral libere sila a ki t’ap veye yo nan
prizon an. Bondye delivre moun nan tout fason. Si Pòl ak Silas pa t’ nan
prizon, petèt gadyen prizon an, pa t’ap jwenn yon okazyon pou li te sove. Tout
sa te pase pou glwa Bondye te ka eklate.
Nou
menm tou, frè ak sè m’ yo, nan kèlke swa sitiyasyon nan lavi a, se pou nou fè
Bondye konfyans, se pou nou lapriyè. Paske lapriyè se kle ki louvri tout pòt,
nenpòt ki jan li fèmen, l’ap louvri li kan menm. Se pou Bondye libere nou anba
tout prizon nou yo, prizon maladi, prizon enjistis, prizon lanbisyon, prizon
gran dizè, prizon chire pit. Se pou lafwa nou fè nou rete kole sou Bondye epi
ede anpil lòt moun sòti nan prizon.
LAPRIYÈ: Granmèt mwen se yon prizonye, tanpri
vin kase chenn move santiman mwen yo, pou mwen ka tounen liberasyon pou lòt yo,
pou glwa ou.
PWOPOZISYON: M’ap eseye idantifye nan lavi mwen ki chenn
ki mare mwen, nan ki prizon mwen ye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario