Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Sa nou pa konnen n’ap adore a, se
li menm menm mwen anonse nou an.»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 17, 15. 22-18, 1
Jou
sa yo:
Moun
yo ki te kondui Pòl yo, yo mennen l’ jous Atèn; yo resevwa lòd nan men l’ pou
Silas ak Timote, pou yo vin jwenn li byen vit, epi yo menm yo pati.
Pòl
menm kanpe nan mitan plas la, li di:
«Mesye
Atenyen yo, nan tout bagay mwen wè se nou menm ki gen plis sans relijyon. Sèke
antan m’ap mache, mwen wè zidòl nou yo, mwen jwenn ata yon kay sakre kote yo te
ekri: «Pou Bondye nou pa konnen an». Ebyen sa n’ap sèvi san nou pa konnen an,
se li menm mwen anonse nou.
Bondye,
ki fè tè a, ak tout sa k’ ladan l’, li menm, kòm se Granmèt syèl la ak tè a, li
pa abite nan kay sakre ki fèt ak men moun, ni li pa bezwen pou men lèzòm sèvi
l’ kichòy, paske se li menm ki bay tout moun lavi, respirasyon ak tout bagay.
Apati
yon sèl moun li fè tout ras lèzòm nan abite sou tout fas tè a, li fikse tan
ekzak ak limit abitasyon yo, pou yo chèche Bondye, pou yo eseye antre an kontak
avèk li oubyen pou yo jwenn li, paske li pa lwen chak moun nan nou. Reyèlman
vre se nan li nou viv, nou gen mouvman, nou ekziste; jan kèkzen nan powèt nou
yo te di yo: «Se ras li tou nou ye».
Konsa
si nou se ras Bondye, nou pa dwe konsidere sa Bondye ye a sanble ak lò oubyen
lajan oubyen bijou, fòm pòtre nou kalkile pou yo bèl ak panse lèzòm.
Bondye
pa okipe tan inyorans sa a, li anonse lèzòm koulye a, pou yo tout toupatou
chanje konduit; paske li fikse yon jou, kote l’ap jije fas tè a avèk jistis,
nan yon mesye kote li fikse sa, antan li ofri tout moun lafwa, antan li fè l’
leve sot nan pami mò yo».
Lè
yo tande rezireksyon sot nan pami mò yo, gen nan yo ki pase sa nan rizib,
kèkzen menm di: «N’a tande yon lòt fwa». Se konsa Pòl sòti nan mitan yo.
Gen
kèk mesye ki dakò yo kwè nan li; nan pami yo te gen Deni Lareopajit, ak yon
madanm yo rele Damaris, ak kèk lòt moun avèk yo. Aprè sa, li
kite Atèn, li rive Korent.
Pawòl Granmèt la.
SOM REPONS 148, 1-2. ll-12ab.
12c-14a. 14bcd
R/ Syèl
la ak tè a plen ak bèlte ou.
Fè
lwanj Granmèt la depi sot nan syèl yo, fè lwanj li nan anwo syèl yo. Fè lwanj
li, tout mesaje yo, fè lwanj li, tout pouvwa l’ yo.R.
Wa
yo sou tè a ak tout pèp yo, chèf yo ak tout jij tè yo, jèn jan ak vyèj yo,
granmoun yo ak timoun yo.R.
Se
pou yo fè lwanj pou non Granmèt la, paske se non l’ sèl ki anlè nèt. Lwanj li
anlè syèl la ak tè a.R.
Li
leve kòn pèp li. Lwanj pou tout sen l’ yo, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki tou pre
l’ la.R.
LEVANJIL
«Lespri
laverite a ap aprann nou tout laverite a»
MEN BÒN NOUVÈLJEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 12-15
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Mwen
gen anpil bagay ankò pou m’ di nou; men nou pa kapab pòte yo koulye a. Men lè
lespri laverite sa a ap vini, l’ap aprann nou tout laverite a. Sèke se pa ak
pwòp fòs li l’ap pale; men tout sa l’ tande l’ap deklare l’, epi sa k’ap vini
yo, l’ap anonse nou yo. Li menm l’ap mete m’ nan limyè,
paske se nan men m’ l’ap resevwa, epi l’ap anonse nou.
Tout
sa Papa a genyen, se pou mwen; se pousa mwen di: «Se nan men m’ l’ap resevwa,
epi l’ap anonse nou».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Atèn, se kapital yon peyi yo rele Lagrès. Pèp
Atèn nan te trè relijye, li te vle sèvi Bondye malgre li pa t’ konnen reyèlman
ki Bondye li t’ap sèvi. Pandan Pòl te sou plas Atèn nan, li te pwofite okazyon
sa a pou l’ eksplike yo ki moun Bondye Granmèt la ye, kijan li mande nou pou
nou sèvi l’. Bondye se renmen, li vle nou sèvi l’ nan lespri ak nan lanmou
pwochen yo. Li pa vle nou konfonn li ak lòt bagay; li pa aksepte afè adore
zidòl; li pa se Kreyatè ak Mèt linivè, li pa vle nou mete li nan plas kreyati.
Se yon Bondye kip a mezire lanmou li ak tandrès li pou limanite. Li pa gade sou
figi ak aparans.
Anpil fwa nou konpòte nou menm jan ak pèp Atèn nan, nou pa fikse nou,
nou nan tout sòs. Nou te mèt fenk sot legliz, depi nou gen yon ti mal tèt, kè
nou sote, lespri nou twouble. Nou manke fè Bondye konfyans. Nenpòt ti pay ki
brase, kè nou kase. Nou menm kretyen jounen jodi a, nou dwe viv nan lespri
Jezikri ki resisite pou li sove nou an, sa vlè di, nou dwe viv nan kè kontan,
sitou nan lespwa lavi ki p’ap jan fini an. Se poutèt sa nou pa gen dwa
dekouraje nan tout lit n’ap mennen, paskè si Granmèt nou an kraze lanmò, pa gen
anyen ki enposib pou li, ni pou moun k’ap suiv li yo.
Nan Levanjil la, Jezi
pwomèt nou Lespri Sen an, se li menm k’ap ba nou lavi, k’ap mennen nou nan
verite, limyè k’ap klere fènwa ekzistans nou. Ann ouvri kè nou bay Lespri Sen
an, pou li kapab transfòme nou epi abite nan nou. Nan lespri rezireksyon an,
nou va viv nan renmen, nan pataj, nan padon e nan lapè.
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri klere mwen ak limyè Lespri w’ la pou m’ ka
konprann Pawòl ou a epi mache nan chemen laverite w’ la.
PWOPOZISYON : Fè yon ti revizyon nan
pwòp lavi m’ pou m’ wè ki lide mwen genyen de Bondye, kijan m’adore l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario