Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Èske nou te
resevwa lespri Sen an lè nou te kwè a»?
LEKTI TRAVAY APOT YO 19, 1-8
Pandan Apolon te Korent, Pòl travèse
rejyon anwo yo, li rive Efèz, li jwenn kèk disip. Li di yo: «Èske nou te
resevwa Lepri Sen an lè nou te kwè a»? Yo di l’: «Nou pa menm tande pale sou
Lespri Sen an». Li
di: «Nan ki sa nou te batize»? Yo di: «Nan batèm Jan an». Pòl di: «Jan te
batize pèp la nan batèm penitans, antan li te di pou yo kwè nan sila a ki gen
pou l’ vini aprè l’ la, sila a menm sa vle di nan Jezi».
Lè
yo tande sa, yo batize o non Granmèt Jezi. Lè Pòl poze men sou yo, Lespri Sen
an vin sou yo; yo t’ap pale nan lang, yo t’ap fè deklarasyon pwofèt. Tout mesye
yo te apeprè douz. Li antre nan kay reyinyon an, li pale avèk asirans pandan
twa mwa, l’ap diskite, l’ap bay prèv sou rèy Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 2-3. 4-5ac. 6-7ab
R/ Rèy
tè yo, chante pou Bondye,
Bondye
leve, se pou lènmi l’ yo gaye; se pou sila yo ki rayi l’ yo sove kò yo devan
fas li. Tankou lafimen gaye, ou gaye yo; tankou lasi fonn devan fas dife, konsa
moun peche yo peri devan fas Bondye.R.
Se
pou moun ki kòrèk yo fè kè yo kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jwi
nan kè kontan. Chante pou Bondye, di kantik pou non l’; Granmèt la se non l’
sa.R.
Papa
òfelen yo ak jij vèv yo, Bondye nan lakay li ki sen an. Bondye ki fè pòv yo
abite nan yon kay, ki kondui prizonye yo nan richès.R.
LEVANJIL
«Pran
konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 29-33
Lè
sa a:
Disip
yo di Jezi: «Koulye a menm w’ap pale klè, ou pa di anyen an parabòl. Koulye a
nou konnen ou konnen tout bagay, pèsòn pa bezwen poze ou kesyon: konsa nou kwè
se nan Bondye ou sòti». Jezi reponn yo: «Koulye a nou kwè? Men lè a ap rive, li
deja rive, chak moun ap gaye kote pa l’, n’ap kite m’ pou kont mwen; men mwen
pa pou kont mwen, paske Papa a avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo pou nou gen
lapè nan mwen. Sou tè a n’ap gen tray, men, konfyans, mwen ranpòte
laviktwa sou tè a».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè Sen Pòl te rive nan zòn Efèz, li te jwenn yon gwoup
disip ki pa t’ ko batize nan non Jezi, paske yo pa t’ menm konnen si sa te
ekziste. Aprè yon ti
eksplikasyon, Sen Pòl te tou batize yo. Men sa ki pi enteresan toujou,
aprè sa li te rete avèk yo pandan twa mwa, pou ba yo fòmasyon nan lafwa, ak pou
reponn a dout yo.
Pafwa nou menm, nou batize, men nou pa vrèman gen yon
fòmasyon nan lafwa nou. Petèt, lè nou te timoun nou te konn al nan katechèz pou
n’ kominye, men aprè sa nou pa t’ janm resevwa lòt fòmasyon ankò. Nou vin granmoun, men lafwa nou rete yon lafwa timoun.
Antan ke Legliz tou, fò n’ ta evalye pastoral nou, paske pafwa nou tèlman
santre nou sou sakreman yo, nou bliye si moun yo ka pa twò konprann sa n’ap selebre
a.
Se sa k’ fè lè yo site Labib pou kritike nou, nou pa
konn kisa pou n’ reponn. Lè fini nou ka gen anpil dout ak bagay nou pa konprann
nan relijyon nou. Nan sans sa a, li enpòtan pou nou chache fòme tèt nou pi
byen, pou nou chache etidye Labib ak katechèz pou granmoun, ak istwa Legliz la.
Jan nou wè nan Levanjil jodi a, lè disip yo te fin
konnprann tout bagay, Jezi avèti yo konsa, talè yo pral gaye, kite l’ pou kont
li. Sa
k’ nan tèt konte, men se sa k’ nan kè moun nan ki pi enpòtan. Pou nou rete fidèl ak Granmèt la, fò n’ kenbe lafwa
nou. Se pou fòmasyon an ede nou pwofondi nan sa nou kwè, pou nou kwè ak plis
konfyans toujou.
LAPRIYÈ : Jezi, ede m’
kenbe lafwa m’, ede m’ kanpe avèk ou nan tout sikonstans lavi mwen. Pa kite m’
pou kont mwen tou ! Amèn.
PWOPOZISYON : M’ap chache mwayen pou m’ prann plis fòmasyon nan sa m’
kwè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario