Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Mwen fini
kous mwen, ak sèvis pawòl la mwen te resevwa nan men Granmèt Jezi a»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 20, 17-27
Jou
sa yo:
Antan
Pòl Milè, li voye Efèz pou yo rele chèf Legliz yo. Lè yo rive kote l’, yo te
rasanble, li di yo:
«Nou
konnen, depi premye jou mwen antre nan Lazi a, kijan mwen te aji avèk nou
pandan tout tan, antan m’ap sèvi Granmèt la avèk lespri m’ byen ba, avèk dlo
nan je, avèk tray yo ki te rive m’ nan konplo Juif yo; kijan mwen pa t’ neglije
anyen ki te kapab sèvi nou, pandan m’ap anonse nou mesaj la, m’ap anseye nou an
piblik ak nan kay yo, antan m’ap bay Juif yo ak nasyon yo temwayaj pou yo
chanje vin jwenn Bondye, pou yo met lafwa nan Granmèt nou Jezikri.
Koulye
a menm men mwen mare nan Lespri a m’a pral Jerizalèm, san m’ pa konn anyen nan
sa k’ gen pou yo rive m’ yo; sof Lespri Sen an avèti m’ nan tout vil, li di:
«Se chenn ak tray k’ap tann mwen Jerizalèm». Men mwen pa pè bagay sa yo, mwen
pa konsidere lavi m’ gen plis enpòtans pase m’, yon fwa mwen fini kous mwen an,
ak sèvis pawòl la, sa m’ te resevwa nan men Granmèt Jezi a, pou m’ sèvi
levanjil favè Bondye a temwen.
Koulye
a men mwen konnen nou p’ap wè fas mwen ankò, nou tout, kote mwen te pase antan
m’ap preche rèy Bondye a. Se pousa mwen avèti nou jodi a menm mwen inosan pou
san tout moun. Mwen pa t’ konn rale kò m’ chak fwa mwen te dwe anonse
nou tout avètisman Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 10-11. 20-21
R/ Rèy
tè yo, chante Bondye.
Se
yon lapli favè ou te vide, Bondye; eritaj ou a ki fèb la, ou te refè l’.Vivan
ou yo te abite ladan l’, ou te pare l’ pou pòv la nan bon kè ou, Bondye.R.
Konpliman
pou Granmèt la chak jou; Bondye delivrans nou yo ap pote nou. Bondye nou, se
Bondye k’ap sove nou; nan menm Granmèt la, pòt lanmò a ye.R.
LEVANJIL
«Papa, bay
Pitit ou a bèlte a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 17, 1-11a
Lè sa a:
Jezi leve je l’ nan syèl la, li di:
«papa, lè a rive, bay Pitit ou a bèlte a, pou Pitit ou a fè wè bèlte ou; menm
jan ou te ba l’ pouvwa sou tout chè a, pou tout sa ou te ba l’, li ba yo lavi
tout tan an.
Mwen
te fè wè bèlte ou sou tè a; mwen fini sa ou te ban m’ fè a. Koulye a ban m’
bèlte a, Papa, kote ou, bèlte sa a mwen te genyen an, anvan tè a te fèt la,
kote ou la.
Mwen
te fè moun yo wè non ou, yo menm ou te ban mwen sot sou tè a. Se pou ou yo te
ye, ou te ban mwen yo; yo te kenbe pawòl ou a. Koulye a yo konnen tout sa ou te
ban mwen yo, se nan ou yo sòti, paske ou ba yo pawòl yo ou te ban mwen an; yo
menm yo resevwa yo, yo konnen reyèlman vre se nan ou mwen sòti, yo kwè se ou
menm ki te voye m’.
Mwen
lapriyè pou yo: se pa pou tè a mwen lapriyè, men pou sila yo te ban mwen yo;
paske se pou ou yo ye. Tout sa m’ genyen se pou ou yo ye, epi sa ou genyen se
pou mwen yo ye, epi mwen jwenn bèlte m’ nan yo. Mwen deja pa sou tè a, yo menm
yo sou tè a, mwen menm m’ap vin jwenn ou».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tout lavi Jezikri sou tè a, se ansèyman pou nou menm kòm
moun epi kòm kretyen. Chak fwa nou panse n’ fin aprann yon leson nan yon moso
levanjil, lè nou tounen sou li nou rann nou kont ke gen yon richès ki te chape
anba limyè zye nou. Nan tèks sen Jan prezante nou jodi a, n’ap pote plis enterè
a li ke lòt tèks yo, paske mesaj santral la sanse rezime lòt de tèks yo pi
byen.
Yon senp koudèy sou levanjil la pèmèt nou wè
kijan Jezi sousye de lavi nou chak : « Mwen lapriyè pou yo : se pa pou tè a mwen lapriyè, men pou sila yo te
ban mwen yo… ». Menm lè li konnen li p’ap lage nou, l’ap toujou avèk
nou, sa pa anpeche l’ kontinye lapriyè pou nou. Sepandan sa ki plis atire
atansyon nou nan lekti sa a, se satisfaksyon Granmèt nou, gran frè nou pou
reyalizasyon misyon li. « Mwen te fè wè bèlte ou sou tè a; mwen fini sa ou
te ban m’ fè a… Mwen te fè moun yo wè non ou ». Kidonk, Jezi vin fè konnen
non Bondye. Se nan Jezi nou konnen Bondye, paske Papa ak Pitit la, yo fè yon
sèl.
Levanjil jodi a fè nou yon envitasyon
spesyal. Li di nou chèche satisfaksyon nou nan men Granmèt la. Epi sèl fason
pou nou rive gen satisfaksyon sa a, se nan renmen. Se pou sa Sen Jan di
nou :« moun ki pa renmen pa konnen Bondye » (1 Jn 4, 8). Men
atansyon ! Nou konjige vèb renmen chak jou pou montre tandrès pou fanmi
nou, zanmi nou, manb koral, manb gwoup parèy nou pandan n’ap koupe moun nou pa
rekonèt kout je, yon kout je ki ka koupe souf. Kijan pou nou santi nou satisfè
de travay nou fè si se pwòp lwanj nou n’ap chache ak popilarite ?
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè san mati yo vin
tounen semans kretyen yo, tanpri, fè jaden Legliz ou a Chal ak zanmi l’ yo ki
sen wouze ak san yo a vin donnen ba ou tout tan nan anpil rekòlt. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan nan jounen an pou analize tèt nou
pou wè konbyen fwa nou trayi non nou kòm patizan Jezikri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario