Koulè Blan
VIZITASYON MARI
KI SEN, KI VYÈJ
Fèt
PREMYE LEKTI
«Wa Izrayèl la Granmèt la nan mitan
ou»
LEKTI
LIV PWOFÈT SOFONI 3, 14-18
Fè
lwanj, pitit fi Siyon; bat bravo, Izrayèl; fè kè ou kontan, danse ak tout kè
ou, pitit fi Jerizalèm: Granmèt la leve kondanasyon ou nan, li pouse lènmi ou
yo; wa Izrayèl la Granmèt la nan mitan ou, ou pa bezwen pè malè ankò.
Jou sa a y’ap di Jerizalèm: «Pa pè,
Siyon; pa kite men ou febli. Granmèt Bondye ou la nan mitan ou, li menm ki fò
a, l’ap sove ou; l’ap kontan nan ou avèk anpil kontantman, l’ap fè silans nan
renmen l’ nan, l’ap fete pou ou avèk lwanj.
Moun ki te pèdi chemen, ki te pati
lwen lalwa a, m’ap rasanble yo, paske se nan ou yo te sòti; konsa ou p’ap gen
lawont ankò sou ou.
OUBYEN:
«Se pou nou patisipe nan bezwen sen
yo; se pou nou resevwa etranje».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 12, 9-16b
Frè m’ yo:
Renmen an pa nan fè sanblan, se pou
nou rayi sa k’ mal, se pou nou kole kò nou sou sa k’ bon, se pou nou youn
renmen lòt tankou frè, se pou nou youn bay lòt konsiderasyon, se pou nou gen
devouman san nou pa fè regadan, se pou nou cho nan Espri a, antan n’ap rann
sèvis pou Granmèt la, se pou nou kontan nan esperans la, se pou nou gen pasyans
nan tray la, se pou nou pèsevere nan priyè a, se pou nou patisipe nan bezwen
sen yo, se pou nou resevwa etranje.
Se
pou nou beni moun k’ap pèsekite nou yo: se pou nou beni yo, se pa pou nou ba yo
madichon.
Se
pou nou kontan avèk moun ki kontan yo, se pou nou kriye avèk moun k’ap kriye
yo, se pou nou gen yon sèl kè antre nou, pa chèche bagay ki wo, men se nan
bagay ki ba pou nou mete kè nou ansanm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Iz 12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/ Li
gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.
Men Bondye ki sove m’ nan, mwen gen
konfyans, mwen p’ap pè,
paske fòs mwen ak lwanj mwen, se
Granmèt la, se li menm ki vin sove m’.N’ap tire dlo ak kè kontan sot nan sous
delivrans la.R.
Fè lwanj Granmèt la, rele non li, fè
konnen mèvèy li yo nan pèp yo, fè sonje kijan non l’ anlè nèt.R.
Chante pou Granmèt la, paske li fè
mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon, paske li
gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
«Kote sa
sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 39-56
Jou
sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre
nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive,
lè Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, Elizabèt vin
plen ak Espri Sen an, li rele byen fò, li di:
«Ou
beni pase tout fi; li beni tou, fwi vant ou a. Kote sa sòti pou mwen, pou
manman Granmèt mwen an vin vizite m’? Gade, lè vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou
salye m’ nan, ti pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan.Ala kontantman pou
ou, poutèt ou te kwè sa Granmèt la voye di ou yo, y’ap reyalize».
Mari
di:
«M’ap
fè lwanj Granmèt la, espri m’ap fete nan Bondye Sovè mwen an, paske li voye je
sou pòv sèvant li a. Gade vre depi koulye a tout jenerasyon ap di ala
kontantman pou mwen: paske li fè gran mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a, non
l’ sen, mizerikòd li sot nan ras al nan ras pou moun ki krenn li yo.
Li
mete fòs nan bra l’, li gaye sa k’ t’ap fè grandizè nan kè yo a; li depoze sa
k’ gen pouvoua yo sot sou fotèy yo,
li leve pòv yo; sa k’ grangou yo, li plen yo ak byen, rich yo li ranvwaye yo
grangou.
Li
soutni Izrayèl, sèvitè l’ li sonje mizerikòd li a, jan l’ te pale ak zansèt nou
yo, Abraam ak ras li a pou tout tan.» Mari rete avèk li apeprè twa mwa, apre
sa, li tounen lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a 31 me, nan Legliz la n’ap fete jou Lasent Vyѐj Mari t’al vizite kouzin li Elizabѐt. Si nou gade Levanjil ki espesyal pou jou sa a, nou
kapab di gen yon relasyon ant Lespri Sen an avѐk Lavyѐj Mari. Nan kèk lὸt pasaj nan Labib la, nou wѐ chak fwa Mari parѐt, Lespri Sen an toujou ap travay nan menm tan an tou.
Se pa san rezon anj Gabriyèl te rele l’ «plen
lagras», se paske prezans Lespri Sen an te deja ranpli li ak tout gras ki sòti
anwo bὸ kote Papa a. Lѐ li fin resevwa lagras sa a, pou l’ pote Sovѐ a ki se zѐv Lespri Sen an, menm kѐ kontan sa a pouse l’ monte nan mὸn kote kouzin li Elizabèt ki te ansent, ki t’ap pote
li menm tou yon pitit espesyal, ki se Jan Batis, ki te genyen yon misyon
espesyal, pou l’ te prepare wout pou Granmѐt la. Lespri Sen an mete nan Mari yon kѐ kontan ki pouse l’ pwoklame «Mayifikat» la pou l’ di Bondye mѐsi pou mѐvѐy li fѐ nan lavi li, favѐ pou l’ pote nan vant li Sovѐ a.
Kote Mari ye, jan nou te di l’ anvan, Lespri Sen an
prezan, se sa k’ fѐ pitit ki te nan vant Elizabѐt la sote nan vant li lѐ Mari salye l’ la. Nou kapab di premyѐman, kѐ kontan sa a Mari te resevwa a, li pa kenbe l’ pou
kont li, li sòti al pataje l’ avѐk Elizabѐt, ki fѐ li vin tounen premye disip misyonѐ.
Dezyѐmman, li te ale pou l’ ka rann Elizabѐt sѐvis paske li konnen epi li santi li te bezwen ѐd.Jodi a an nou gade nou menm kijan nou sѐvi ak bѐl ekzanp manman Mari ban nou yo. Lѐ nou fin resevwa yon gras nan men Bondye, ѐske nou
pran tan pou nou chante grandѐ li pou sa l’ fѐ nan lavi nou ? Lѐ nou
wѐ pwochen nou bezwen yon sѐvis, ѐske nou prѐt pou nou ede l’ ? Byen souvan, moun
nou konnen ki ka ede nou oubyen ki ka ba nou yon bagay lѐ nou fin rann yo yon
sѐvis, ѐske se pa moun sa yo nou prѐt pou nou ede ? Menm jan avѐk
manman Mari, ѐske nou pataje kѐ kontan nou ak lòt yo pou nou kapab fѐ yo goute
yon ti kras kѐ kontan tou ?
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, ki
ekziste tout tan, lè Mari ki Sen, ki Vyèj, t’ap pote Pitit ou a nan vant la, ou
te ba l’ide pou l’ t’al vizite Elizabèt, tanpri, fè nou obeyi souf Lespri a,
pou nou kapab fè lwanj ou tout tan avèk li. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap vizite yon moun ki gen pwoblèm, si m’ pa gen anyen pou m’ ba li, m’a
priye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario