Koulè Wouj
JISTEN KI
SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Granmèt la te vle sove moun ki
kwè yo gras a foli prèch la"
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 1, 18-25
Frè m’ yo:
Pawòl kwa a se yon foli pou moun k’ap
peri yo; men pou sa yo k’ap sove yo, sètadi nou menm, se pouvwa Bondye. Men sa k’
ekri a di: «M’ap pèdi sajès moun ki gen sajès yo, m’ap rejte entelijans moun ki
entelijan yo».Kote moun sajès la? kote pwofesè a? kote moun k’ap ranpòte laviktwa
sou tè sa a? Èske Bondye pa fè sajès tè sa a vin tounen foli?
Reyèlman, paske nan sajès Bondye a,
tè a pa t’ konprann Bondye, Bondye deside sove moun ki kwè yo gras a foli prèch
la. Sèke Juif yo ap mande siy, Grèk yo ap chèche sajès; nou menm menm n’ap preche
Jezikri yo kloure sou kwa a, pou Juif yo se yon baryè, pou nasyon yo se yon
foli, men pou sa yo yo rele yo, Juif ak Grèk, se Jezikri, pouvwa Bondye ak
sajès Bondye a; paske sa k’ fou pou Bondye; li gen plis sajès pase moun yo; sa k’
fèb la pou Bondye, li pi fò pase moun yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 33,
2-3. 4-5. 6-7. 8-9 (r.: 5b)
R/
Nan tout
tray mwen yo Granmèt la sove m’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
tout tan,
tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn
konsiderasyon l’,
se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen,
se pou nou leve non l’ anlè ansanm,
mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen,
anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre
m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont.
Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’,
anba tout tray li li sove l’.R.
Anj Granmèt la ap veye alantou moun
ki krenn li yo,
l’ap delivre yo.
Goute, n’a wè jan Granmèt la bon;
ala kontantman pou moun ki espere
nan li.R.
LEVANJIL
«Nou se limyè tè a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN: 5, 13-16
Lè
sa a Jezi di patizan l’ yo:
«Nou
se sèl ak limyè tè a. Si sèl la vin fad, ak kisa y’ap sale l’? li pa vo anyen
ankò, sof pou yo jete l’ deyò, pou moun pile l’.
Nou
se limyè tè a. Yon vil ki poze sou yon mòn pa kapab kache. Yo pa limen yon lanp
pou yo mete l’ anba mamit; men sou yon etajè, pou l’ klere tout moun ki nan kay
la.
Se
konsa pou limyè nou klere devan moun yo pou yo wè bon aksyon nou yo, pou yo fè
lwanj pou Papa nou ki nan syèl la.»
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Legliz la ap sonje e fè sonje jodi a Sen Jisten. Se
youn nan premye defansè doktrin Kris la, li te fèt nan lane 100 aprè Jezi, yon kote yo rele
Samari. Li te mouri mati nan lane 165, nan vil Wòm, nan peyi Itali. Se yon nèg
ki te mete tout konesans li ak enèji li nan defans Legliz Katolik, nan fason sa
li te vle ede anpil moun kwè nan lansèyman Jezi a.
Jodi a, Jezi montre nou temwayaj la tankou misyon
esansyèl kretyen an: « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo pou yo wè
bon aksyon nou yo, pou yo fè lwanj pou Papa nou ki nan syèl la.» (Mt.
5,16). Limyè sa a vin ranpli nou ak Levanjil la pou dife Lespri Sen an kapab
flanbe nou. Nou menm tou, Jezi envite nou tounen sèl: « Nou se sèl ak limyè tè a (Mt 5, 13).
A kisa sèl la sèvi menm? Prensipalman yo itilize li pou
2 bagay: pou bay manje gou e, nan epòk sa yo te itilize li tou pou konsève
aliman. Granmèt la vle nou bay gou lagras Bondye a nan mond nou an ki tèlman
bezwen sa, konsa tou pou nou pa pèdi bon abitid nou genyen nan sosyete nou an,
viv ansanm, jistis ak respè pou diyiti lavi
tout moun.
- Nan tout epòk, toujou genyen moun kip ran apèl Bondye fè yo oserye, e
sen n’ap sonje jodi a, Sen Jisten (ki te viv nan 2èm syèk), se youn nan yo.
Konsa, nan premye tan Legliz la, li te sèl ak limyè; an menm tan tou se youn
nan premye sen sekilye Legliz la. Antan ke filozòf ak chèchè, li te jwenn nan
lafwa kretyèn nan rezon lavi li ak repons kesyon li yo, tankou li menm li te
deklare sa devan prefè a sou chemen mati a: «Mwen fè tout jefò mwen te kapab
pou m’ konnen tout sa Kris la anseye, e mwen suiv vrè doktrin kretyen yo».Nan dokiman «Lumen Fidei» (=Limyè
Lafwa) Pap Franswa di konsa: «Moun ki
kwè, li wè; li wè gras a limyè ki klere tout chemen an, paske se yon limyè ki
sòti nan Kris la ki leve byen vivan an, zetwal douvan jou kip a konn sa yo rele
kouche a».
Sen Jisten te gen anpil
pasyon pou etid filozofi ak tewoloji, se youn nan premye moun ki te pwopaje
lansèyman Kris la. Li te konn bay konferans pou l’ te kapab fè plis moun konnen
lansèyman sa a. Se li menm ki an premye ki te fè yon ekspozisyon detaye sou Lekaristi
dimanch ak rit litijik yo.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki bay Jisten ki sen, ki mati
bèl ansèyman sou syans Jezikri a ki depase tout konesans la, nan foli lakwa a,
fè nou favè gras a priyè l’, pou nou chase move ansèyman k’ap antoure nou, pou
nou jwenn solidite lafwa a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Pi bon fason pou m’ sèvi Jezi temwen, se nan
ekzanp m’ap bay ak pwòp lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario