Páginas

MADI 2

ATANAZ KI SEN,  Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Granmèt Jezi, resevwa lespri m’».
LEKTI TRAVAY APOT YO 7, 51-59
Jou sa yo: Etyèn t’ap di foul la ak ansyen yo ak skrib yo:
«Tèt di, je ak zòrèy bouche, tout tan n’ap reziste Espri Sen an; menm jan ak papa nou yo, se konsa nou ye tou. Kilès nan pwofèt yo papa nou yo pa t’ pèsekite? Yo te touye sa yo ki te anonse davans sa a ki kòrèk la t’ap vini an, li menm nou te renmèt koulye a, nou te touye a. Nou menm ki te resevwa lalwa a nan men zanj yo epi nou pa t’ kenbe l’ la». Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè kè yo vin di kont li, yo t’ap sere dan kont li. Li menm li te plen ak Lespri Sen an, li fikse syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: «Mwen wè syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye». Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vil la, yo kòmanse kalonnen l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl. Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch, Etyèn t’ap lapriyè, li t’ap di: «Granmèt, resevwa lespri m’». Sòl menm te dakò avèk sa yo ki te touye l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 3cd-4. 6ab; 7b e 8a. 17 e 21ab
R/ Se nan men ou, Granmèt, mwen renmèt lespri m’.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch kachèt ak yon kay defans, pou ou kap sove m’.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.
Mwen menm se nan Granmèt la mwen met esperans mwen.
M’ap danse, m’ap kontan nan kè sansib ou a.R.
Klere fas ou sou sèvitè ou la. Sove m’ nan kè sansib ou a.
W’a kache yo nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm.R.
LEVANJIL
«Se pa Moyiz, men se Papa m’ ki bay pen ki sot nan syèl la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 30-35
Lè sa a: foul la di Jezi:
«Ki siy ou fè, pou nou wè, pou nou kwè nan ou? Ki sa ou fè? Papa nou yo te manje mán nan dezè a, jan sa ekri a: «Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje». Jezi di yo: «Amèn, amèn mwen di nou, se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se Papa m’ ki ba nou pen ki sot nan syèl la, veritab pen an. Pen Bondye a se sa a ki desann sot nan syèl la epi ki bay tè a lavi a». Yo di l’: «Granmèt, toujou ba nou pen sa a». Jezi di yo: «Mwen menm mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a, pawòl Bondye envite nou fikse atansyon nou sou manifestasyon mistè renmen san limit Bondye a pou limanite. Kalite renmen sa a, se nan Jezi nou dekouvri li, Li menm ki ba nou pwòp chè li ak pwòp san li nan mistè sakreman Lekaristi a.
Aprè Jezi fin fè mirak pen an, li kòmanse yon katechèz. Moun yo vin sonje lamán nan dezè a. Jezi korije kalite panse moun yo te genyen sou sa: «se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se Papa m’ ki ba nou pen ki sot nan syèl la, veritab pen an». Jezi ofri tèt li kòm vrè pen lavi a; moun ki manje li p’ap janm grangou ankò.
Eksperyans grangou a, sa nou santi nan kò nou an, grangou reyèl la, se yon eksperyans ki fè nou kapab sonje yon eksperyans espirityèl, yon eksperyans kretyèn.Grangou a mande yon solisyon; si li dire twòp li ka lakòz lanmò. Si nou fè anpil tan ak li, menm si li pa touye nou tousuit l’ap fè nou febli. Moun ki sansib avèk bagay ki konsène moun, ak bagay espirityèl tou, li gen yon grangou ke li dwe jwenn solisyon pou li: Jezi bay tèt li kòm Pen lavi a, pen ki ka pase grangou nou.
Manje Jezi ba nou an pa konparab ak lamán nan, paske lamán nan se te yon manje ki te pase grangou pou yon ti tan, epi se kò a sèlman li te soutni. Men dlo nouvo sa k’ap pase swaf nou jodi a, se san Jezi, ki se lank ki siyen papye nouvo kontra Bondye pase ak nou an. Se yon kontra Renmen ak Mizerikòd, jistis ak lapè.
Nouriti Jezi ba nou, se pou soutni kò nou, men sitou pou nouri nanm nou; se gras a li menm ki fè tout dezi nou yo, tout vid nou gen nan lavi nou kapab rive konble.
An nou fikse zye nou sou Jezi ki byen vivan nan Sakreman Lekaristi a, li menm ki gran men ki fè li tou piti; ann kontanple vizaj Renmen an antan n’ap kite li klere fènwa kè nou ki ranpli ak move santiman. Si nou te kapab bwè nan sous Jezi a!
An nou di Jezi mwen renmen w’, mwen adore ou, epi an nou montre li sa antan n’ap bese pou nou lave pye lòt yo, pou nou sèvi yo san nou p’ap chèche enterè pèsonèl.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè nou antre nan mistè Jezi, Pen ki bay lavi a.

PWOPOZISYON: M’ap gade sa mwen ka fè pou mwen  ede yon moun ki bò kote mwen viv pi byen. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario