Koulè Wouj
FILIP AK JAK
KI SEN, Apot
PREMYE LEKTI
«Granmèt la parèt devan Jak, apre sa
devan tout Apot yo».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 15, 1-8
Mwen fè nou sonje frè m’ yo, Bòn
Nouvèl la mwen te preche nou an, li menm nou te resevwa a, nan li nou rete a,
pa lentèmedyè l’ nou sove a, si nou kenbe l’ jan mwen te anonse nou li, otreman,
se pou granmesi nou ta kwè.
Reyèlman mwen te transmèt nou tou
dabò sa mwen menm mwen te resevwa: Jezikri mouri pou peche nou yo, daprè sa k’
ekri yo, yo antere l’, li resisite sou twazyèm jou a, daprè sa k’ ekri yo, li
parèt devan Sefas, aprè sa devan onz yo; aprè sa li parèt devan plis pase
senk-san frè ansanm, nan pami yo gen anpil ki la jous koulye a, kèk menm mouri;
aprè sa li parèt devan Jak, aprè sa devan tout Apot yo; aprè tout moun, li
parèt devan m’ tou, mwen menm ki tankou yon pitit ki fèt anvan tèm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou
tout tè a yo tande vwa yo
Syèl
yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou,
nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa
gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo.
Sou
tout tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
«Depi tout tan sa a mwen avèk nou,
epi nou pa konnen m’»?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 6-14
Lè
sa a: Jezi di Toma:
«Mwen
se chemen an, verite a ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa
lentèmedyè m’. Si nou te konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou
konnen l’, epi nou wè li».
Filip di l’: «Granmèt, montre nou
Papa a, epi sa ap kont nou».
Jezi di l’: «Depi tout tan sa a mwen
avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip, moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kijan ou fè di: «Montre nou Papa a»?
Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo mwen pale nou an, se
pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm ki fè
travay yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Omwen poutèt travay
yo se pou nou kwè.
Amèn,
amèn, mwen di nou, sa ki kwè nan mwen, travay mwen fè yo, l’ap fè yo tou, l’ap
fè pi gran pase yo menm, paske m’a pral kay Papa a; nenpòt ki sa n’ap mande
Papa a o non m’, m’ap fè l’, pou Papa a kapab jwenn glwa nan Pitit la. Si nou
mande yon bagay o non m’, m’ap fè li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete de apot
nan mitan douz yo, ki te zanmi Jezi. Se fèt Sen Filip ak Sen Jak. Jan Sen Pòl
di sa nan premye lekti a, Jezi te parèt devan apot yo lè l’aprè li te fin leve
byen vivan. Se yo menm ki bay temwayaj reyalite sa a, pi bon enfòmasyon nou genyen sou leve vivan
Jezi a, se yo menm ki ba nou li, yo se poto mitan Legliz la, ki fè Bòn Nouvèl
la rive nan tout jenerasyon, gras ak temwayaj yo nou gen chans resevwa mesaj kè
kontan sa a nan tan sa a.
Disip yo t’ap chèche
konnen kisa ki pral rive Jezi, yo te mande li kesyon sou sa. Jezi pale sou
chemen k’ap mennen kot Papa a. Pou Jezi bay yon repons ak enkyetid Toma a, li
prezante tèt li kòm «Chemen» an. Filip mande Jezi pou «montre» li Papa a. Jezi
fè konnen Papa a, pa gen yon lòt ke yo dwe tann.
Disip yo vle konnen
plis sou Jezi, li menm ki ede yo antre piti piti nan mistè li a. Kesyon ki plis
atire atansyon moun depi byen lontan, se kesyon sa : Kisa Jezi genyen pou wè ak Bondye ? Nan Levanjil li a, Sen Jan
prezante Jezi tankou revelasyon Papa : moun ki wè Jezi, se Papa a li wè.
Kounye a, se nou menm ki pou sèvi temwen pou jenerasyon pa nou an, ak
pou jenerasyon k’ap vin aprè nou yo. Men piga nou kwè nou plis pase lòt moun, paske
Granmèt la ba nou misyon sa a. Pap Franswa di nou «chak moun se yon don». Sen
Pòl te rekonèt li pa anyen, menm si Bondye te chwazi li pou yon misyon
espesyal.
Nou menm tou, sa nou te resevwa gratis, se pou nou bay li gratis.
Temwayaj Jezi a, se yon pwosesis li ye. Se pa yon bagay nou kapab fè yon
sèl kou. Premye apot yo, tankou Filip, te gen anpil bagay yo pa t’ konprann,
Jezi te oblije eksplike yo, tankou li fè sa nan Levanjil jodi a. Se piti piti
li louvri je yo, pou yo fin konprann. Jezi montre nou kiyès Bondye ye. Menm jan
tou, fòk nou reflechi sou Pawòl li a chak jou, fòk nou dyaloge ansanm avè l’
chak jou nan lapriyè, fòk nou al jwenn li nan pòv yo chak jou, pou nou kapab
tande ak apwofondi mesaj li a.
Se Jezi ki chemen an, verite a, ak lavi a. Lè nou pèdi, nou pa konnen sa
pou n’ fè, se chemen Jezi a pou n’ swiv. Lè n’ap doute, nou pa konn sa pou n’
kwè, n’ap jwenn verite a nan Jezi. Epi si n’ap chache lavi, n’ap jwenn lavi nèt
ale nan Jezi.
LAPRIYÈ : Bondye,
ou menm ki fè kè nou kontan nan fèt apot Filip ak Jak n’ap fete chak ane, fè
nou favè, gras a priyè yo, pou nou patisipe nan soufrans ak rezireksyon Sèl
Pitit ou a, pou nou merite rive wè ou tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Bondye bay sa nou ye
a plis enpòtans ke sa n’ap fè. Jodi a m’ap gade ki aspè mwen bay plis enpòtans
nan lavi pwochen mwen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario