Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Si ou kwè
ak tout kè ou, ou kapab batize».
LEKTI
TRAVAY APOT YO 8,26-40
Jou
sa yo:
Zanj
Granmèt la pale ak Filip, li di:
«Leve,
al nan sid, sou wout ki desann sot Jerizalèm al Gaza a: li pa gen pèsòn. Li
leve, 1’ale.
Te
gen yon mesye Etyopi, yon minis Kandas, rèn Etyopi a, li te gen gwo pouvwa, se
li menm ki te responsab tout richès li yo, li te vin adore Jerizalèm.
Pandan
l’ap tounen, li te chita nan charyo li, l’ap li pwofèt Izayi. Lespri a di
Filip: «Pwoche, rive kot charyo sa a». Filip pwoche, li tande l’ap li pwofèt
Izayi a; li di: «Èske ou kwè ou konprann sa ou ap li a»? Li di:
«Epi,
kijan mwen ta kapab, si pèsòn pa montre m’»? Li mande Filip pou l’ monte, pou
l’ chita avèk li. Pasaj sa k’ ekri a li t’ap li a, men li: «Tankou yon mouton
yo kondui labatwa, tankou yon mouton devan moun k’ap koupe lenn li, san vwa, se
konsa li pa louvri bouch li. Yo rabese l’, yo wete jijman l’. Ras li, ki moun
k’ap rakonte l’? paske yo wete lavi l’ sot sou tè a». Minis la pran lapawòl, li
di Filip: «Tanpri, osijè ki moun pwofèt la ap di sa a? Èske se osijè pwòp tèt
pa l’ oubyen osijè yon lòt»? Filip ouvri bouch li, li kòmanse depi nan pasaj sa
k’ ekri la a, li ba l’ bòn nouvèl Jezi a.
Pandan
yo t’ap vwayaje sou wout la, yo rive nan yon dlo, li di minis la: «Men dlo; ki
sa k’ anpeche m’ batize»? Filip di:
«Si ou kwè ak tout kè ou, ou kapab».
Li reponn, li di:
«Mwen
kwè Jezikri se Pitit Bondye». Li pase lòd pou yo fè rete charyo a. Yo tou le de
desann nan dlo a, ni Filip, ni minis la, li batize l’. Pandan y’ap monte sot
nan dlo a, Lespri Granmèt la sezi Filip, minis la pa wè l’ ankò; li kontinye
wout li ak kè kontan. Filip menm rive Azòt, li travèse, l’ap bay bòn nouvèl la
nan tout vil yo, joustan li rive Sezare.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
65, 8-9. 16-17. 20
R/
Bat bravo
pou Bondye, tout tè a.
Fè konpliman pou Bondye nou, nasyon
yo, fè tande vwa lwanj li;
li menm ki mete nanm nou nan lavi,
ki pa kite pye nou frape.R.
Vini, koute, nou tout ki krenn
Bondye, m’ap rakonte tout sa l’ fè pou nam mwen. Se kote l’ mwen rele ak bouch
mwen, mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
Konpliman pou Bondye, ki pa meprize
priyè m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
LEVANJIL
«Mwen se pen vivan an, ki desann sot
nan syèl la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 44-52
Lè
sa a: Jezi di foul yo:
«Pèsòn
pa kapab vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m’ nan pa rale l’; epi mwen menm
m’ap fè l’ resisite l’ nan dènye jou a. Men sa ki ekri nan pwofèt yo: «Yo tout
ap jwenn ansèyman nan men Bondye».
Tout
moun ki koute Papa a epi ki kite l’ ba l’ ansèyman, l’ap vin jwenn mwen.Se pa
paske gen moun ki wè Papa a, sof sa a ki sot nan Bondye a, se li menm ki wè
Papa a. Amèn, amèn mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, li gen lavi tout tan an.
Mwen
se pen lavi a.
Papa
nou yo te manje mán nan dezè a, yo mouri; sa a se pen ki desann sot nan syèl
la, pou si yon moun manje ladan l’, li pa mouri.
Mwen
se pen vivan an ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap
viv tout tan, epi pen an m’ap bay la, se kò m’ pou lavi tè a».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Premye lekti a pale
nou sou eksperyans levanjelizasyon apot Filip ak minis trezò rèn Etyopi a ki
t’ap sòti Jerizalèm nan pelerinaj tounen lakay li. Apot Filip, se moun rejyon
Betsayida, se te senkyèm apot Jezi te chwazi, se li menm ki te fè Natanayèl
rekonèt Jezi (Jan 1,45), se li menm nan miltiplikasyon pen yo Jezi te rele l’
mande l’ konbyen pen ki te genyen (Jan 6,5), se li menm ki te di Jezi nan dènye
repa (soupe Granmèt la): «Montre nou Papa
a e sa ap sifi pou nou» (Jan 14,8). Depi nan kòmansman misyon Jezi Filip te
prezan.
Jodi a nou li ke Lespri a mennen li sou wout
yon mesye ki t’al chèche Bondye Jerizalem, li t’ap li yon pawòl, men li pa t’
konprann li. Apot la eksplike l’
mesaj ki gen nan pawòl l’ap li yo, li pale li de Jezi ki se Mouton Bondye a yo
te touye a, se li menm ki te leve vivan sòti pami mò yo. Sètènman li eksplike
l’ lavi Jezi depi nan kòmansman rive jis nan aparisyon l’ yo aprè li te leve
pami mò yo. Kòm konsekans, minis la deside resevwa batèm.
Nou menm
tou, pafwa nou konn ap li yon pati nan Labib la e nou pa konprann li, nan moman
sa yo, li toujou bon pou nou chèche konkou yon lòt moun; se pou sa tou li bon
pou nou reyini nan kominote pou n’ pataje pawòl Bondye a.
Pòsyon
levanjil pwolonje diskou Jezi a. Sa ki bèl nan diskou sa, sa ki fè diskou sa a
diferan, sèke Jezi ap pale de tèt li, men nan tout sa l’ap di, li fè referans ak Papa l’. Se Papa l’ ki voye
l’. Moun ki koute l’, se Papa a li koute. Moun ki kwè nan li, li kwè nan Papa
a, e l’ap viv pou tout tan.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki
ekziste tout tan, fè nou santi bon kè ou pi plis nan jou sa yo, kote nou konnen
l’ pi byen gras a favè ou la, pou sa yo ou fin delivre sot nan fènwa move
chemen an, ou fè yo kole kò yo pi fèm nan ansèyman verite ou la. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON : Si m’ prete
plis atansyon ak moun ki nan antouraj mwen, m’a dekouvri Bondye prezan nan yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario