Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Ou se yon veso mwen chwazi pou l’
pote non m’ devan nasyon yo».
LEKTI
TRAVAY APOT YO 9, 1-20
Jou
sa yo:
Sòl
t’ap respire menas ak kou toujou kont disip Granmèt yo, li prezante devan chèf
prèt yo, li mande l’ lèt pou Damas nan sinagòg yo, pou, si l’ jwenn kèk moun
k’ap suiv wout sa a, gason kon fi, li kondui yo prizonye Jerizalèm.
Pandan
li t’ap vwayaje, li te prèske rive Damas.Yon moman, yon limyè sot nan syèl la
li antoure l’; li tonbe atè a, li tande yon vwa k’ap di l’: «Sòl, Sòl, pouki sa
w’ap pèsekite m’ nan»?
Li di: «Kilès ou ye, Granmèt»?
Li menm li di: «Mwen se Jezi, sa a
w’ap pèsekite a; sa rèd pou ou, pou ou ap voye pye kont fwenn nan».
Li tranble, li sezi, li di:
«Granmèt, ki sa ou vle pou m’ fè»?
Granmèt
la di l’: «Leve, antre nan vil la, la a y’a di ou ki sa ou gen pou ou fè».
Mesye
yo ki t’ap vwayaje ansanm avèk li yo, yo te kanpe, yo te sezi lè yo tande vwa
a, men yo pa wè pèsòn. Sòl menm leve sot atè a; li louvri je l’, men li pa wè
anyen.Yo kondui l’ nan men, yo fè l’ antre Damas.Li ret la twa jou san l’ pa
wè, san l’ pa manje, san l’ pa bwè.
Te
gen yon disip nan Damas yo te rele Ananyas; Granmèt la di l’ nan vizyon:
«Ananyas»!
Li di: «Men mwen, Granmèt».
Granmèt
la di l’: «Leve, al nan ri yo rele Dwat la, chèche nan kay Jid la yon moun Tas
yo rele Sòl. Men l’ap lapriyè». (Li wè yon moun yo rele Ananyas k’ap antre epi
k’ap poze men sou li, pou l’ kapab wè ankò).
Ananyas
reponn: «Granmèt, mwen te tande anpil moun rakonte sa mesye sa a fè, konbyen
mal li fè sen ou yo nan Jerizalèm; epi isit la li gen pouvwa nan men chèf prèt
yo pou l’ mare tout moun k’ap rele non ou».
Granmèt
la di l’: «Ale, paske se yon veso mwen chwazi, pou l’ pote non m’ devan nasyon
yo, ak wa yo, ak pitit Izrayèl yo. Mwen menm m’ap montre l’ tout sa l’
gen pou l’ sibi pou non m’».
Ananyas ale, li antre nan kay la, li
poze men sou li, li di: «Sòl frè m’, Granmèt Jezi voye m’, li menm ki te parèt
devan ou sou wout la kote ou t’ap vini an, pou ou kapab wè, pou ou plen ak
Lespri Sen an». Menm lè a se tankou kal ki sot tonbe nan je l’, li vin wè ankò,
li leve, li resevwa batèm. Lè
l’ pran manje, li vin gen fòs.
Li
rete kèk jou avèk disip yo ki te Damas yo. Menm lè a nan sinagòg yo li t’ap
preche Jezi se Pitit Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1. 2
R/ Ale
sou tout tè a, preche bòn nouvèl la.
Fè
lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske kè sansib li asire sou nou,
verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Chè m’ se
yon manje tout bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 53- 60
Lè
sa a:
Jwif
yo t’ap diskite antre yo, yo t’ap di: «Kijan sa a kapab ba nou chè l’ pou nou
manje»?
Jezi
di yo:
«Amèn,
amèn mwen di nou, si nou pa manje chè Pitit moun nan, si nou pa bwè san l’, nou
p’ap gen lavi nan nou.Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li gen lavi ki p’ap
janm fini an: mwen menm m’ap resisite l’ nan dènye jou a.
Kò
m’ se yon manje tout bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre.Moun ki manje
chè m’, ki bwè san m’, li ret nan mwen, mwen menm nan li.
Menm
jan Papa a ki vivan an voye m’ nan, epi mwen viv akoz Papa a; konsa tou moun ki
manje m’, l’ap viv akoz mwen tou. Sa a se pen an ki desann sot nan syèl la. Se
pa tankou zansèt nou yo ki te manje mán nan, epi ki te mouri yo.Moun ki manje
pen sa a l’ap viv pou tout tan».Li di sa nan sinagòg la antan l’ap bay ansèyman
nan Kafanawòm.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Zanmi Bondye yo, Pòl envite n’ poze Jezi
kesyon sa a chak jou nan lavi nou, epi koute repons l’ap ba nou; kilès ou ye Granmèt? - «Mwen se Jezi
w’ap pèsekite a».
Premye non Pòl, se te Sòl. Pi gwo plezi Sòl, se te menase kretyen yo,
pèsekite yo. Tout moun ki te patizan chemen Laverite a, fi tankou gason te gen
pou pase.Yon kretyen k’ap swiv chemen Jezi, se pa yon bagay ki fasil, men se
yon misyon. Sòl t’al kote prèt an chèf la pou l’ mande l’ yon lèt otorizasyon
pou l’ t’al nan Sinagòg vil Damas pou si tout fwa li ta rankontre kèk patizan
Jezi pou l’ mete yo anba kòd. Pandan misye te sou wout la, tou pre vil Damas,
yon limyè te sòti nan syèl la sanzatann klere li epi li te tande yon vwa, menm
moman an li te tonbe plat atè; li pa t’ konprann si se te vwa Granmèt la ki t’ap
pale avèk li.
Sa fè nou konprann nan tout demach, se Jezi li menm ki toujou fè
premye pa pou l’ vin rankontre nou, menm jan li te fè premye pa a pou l’ t’al
rankontre Sòl pou l’ te kab tounen yon Apot. Sòl pase twa jou nan fènwa, li te
avèg, li pa t’ manje ni bwè; tout sa fè nou sonje Jezi ki te mouri epi ki leve
byen vivan sou twazyèm jou a.
Tout sa ede nou konprann ke konvèsyon se yon chanjman, sòti nan lanmò
al nan lavi. Pòl te chanje vizyon, se yon senbòl ki montre nou kòman nou dwe
chanje vizyon pou nou wè daprè vizyon Jezikri. Jezi te chwazi nèg sa tankou
zouti pou l’ pote non l’ nan tout nasyon: plan Bondye se pa plan lèzom; li
montre Pòl pwogram misyon li, wi Sòl tounen Apot Jezikri, epi temwayaj li a ap
lakòz anpil soufrans.
Nou kapab konprann byen, depi yon moun rankontre ak Jezi, li pa kapab
rete menm moun li te ye avan an, se tout lavi l’ ki vin transfòme. Jodi a, nan
tan n’ap viv la, nou dwe aprann fè sakrifis nan ofri tèt nou pou lòt yo, puiske
Kris la ba nou ekzanp lan, an nou swiv li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki gen tout pouvwa,
n’ap lapriyè ou; nou rekonèt gras Granmèt la ba nou, nan rezireksyon an. Nou menm tou, fè nou leve nan yon
lavi tou nèf, gras a Lespri Sen an ki renmen nou an.Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Antan m’ap lapriyè pou kretyen ki sibi
pèsekisyon nan tan sa a, m’ap chèche idantifye tout sa ki anpeche m’ rankontre
ak Jezi pou m’ kab swiv li tout bon vre.
No hay comentarios:
Publicar un comentario