Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Legliz la
t’ap bati, li t’ap plen ak konsolasyon Lespri Sen an.»
LEKTI
TRAVAY APOT YO 9, 31- 42
Jou
sa yo:
Legliz
la te gen lapè nan tout Jide a, Galile a ak Samari a; li t’ap devlope antan
l’ap mache nan krent Granmèt la, li te plen ak konsolasyon Lespri Sen an.
Pandan
Pyè t’ap pase tout kote, li rive kot sen yo te abite Lida a. Li jwenn yon mesye
la, yo te rele Ene, ki te kouche sou kabann depi uitan, li te enfim. Pyè di l’:
«Ene, Granmèt Jezikri geri ou; leve, ranje kabann ou». Menm lè a, li leve. Tout moun ki te
abite Lida ak Saron yo wè l’; yo konvèti vin jwenn Granmèt la.
Nan
Jope, te gen yon fi ki disip, yo te rele Tabita, sa vle di Dòkas. Li te plen ak
bon travay ak charite li te konn fè. Jou sa yo, li vin malad, li mouri. Lè yo
fin lave l’, yo enstale l’ nan chanmòt la. Kòm Lida te tou pre Jope, epi disip
yo te tande Pyè te la, yo voye de mesye kote l’, pou mande l’: «pa mize, rive
kote nou».
Pyè
leve, li vin avèk yo. Lè l’ rive, yo mennen l’ nan chanmòt la, tout vèv yo
antoure l’, yo t’ap kriye, yo t’ap montre l’ chemiz ak manto Dòkas te konn fè
pou yo. Pyè fè tout moun sòti deyò, li ajenou, li lapriyè, li vire kot kò a, li
di: «Tabita, leve». Fi a louvri je l’, li wè Pyè, li chita. Pyè ba l’ men l’,
li leve l’; li rele sen yo ak vèv yo, li renmèt li nan men yo byen vivan. Bagay
sa a tout Jope vin konnen l’, anpil moun vin kwè nan Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Sa
pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
Kisa
pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
M’ap
pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap
renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp li a.
Li
gen valè devan je Granmèt la lanmò sen l’ yo.R.
Granmèt,
mwen se sèvitè ou, mwen se sèvitè ou ak pitit sèvant ou. Ou kase
chenn mwen yo. M’ap sakrifye sakrifis lwanj ba ou,
M’ap rele non Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Kot kilès
pou n’ ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 61-70
Lè
sa a:
Anpil
nan disip Jezi yo te di: «Pawòl sa a rèd, ki moun ki kapab tande li»? Jezi
konnen disip li yo t’ap bougonnen sou sa antre yo, li di yo: «Sa dekontwole
nou? Si nou te wè Pitit moun nan k’ap monte kote l’ te ye anvan an? Se Lespri a
ki bay lavi, chè a pa kapab sèvi anyen. Pawòl yo mwen pale nou an, se Lespri ak
lavi yo ye. Men gen nan nou ki pa kwè». Jezi te konnen depi nan kòmansman kilès
ki pa t’ kwè, epi kilès ki t’ap bay li a. Li t’ap di: «Se pousa mwen te di nou,
pèsòn pa kapab vin jwenn mwen, si se pa yon gras Papa m’ fè li». Depi lè sa a
anpil nan disip li yo pati kite l’, yo pa mache avèk li ankò. Jezi di douz
yo: «Èske nou menm tou nou vle pati»? Simon Pyè reponn: «Granmèt, kot ki moun
pou n’ ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an. Nou menm nou kwè, nou konnen ou se
Kris la, Pitit Bondye a».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Sitiyasyon
an te konplike pou apot yo, aprè lanmò Jezi: yo te nan kouri ansanm ak lòt
disip yo, yo te nan kache paske yo te pè pou sa k’ te pase Jezi a pa t’ pase yo
tou. Yo te fèmen kò yo yon kote, yo te fèmen pòt la byen di. Sikonstans la la
te mande sa, paske te gen yon pakèt asasen, san pitye, ki pa t’ap padone yo si
yo te jwenn y’ap site non Jezi.Yo te pase yo lòd sevè pou yo pa t’ pale nan non
nèg sa ke yo te konsidere kòm yon gwo bandi, yon blasfematè, yon mantè e ki te
mouri sou kwa a.
Men atitid apot yo ta pral chanje nan
kèk jou, lè Bondye Papa ak Jezi te vide Lespri Sen an sou yo pou te konsakre yo
kòm misyonè pou yo te ka al kaye Bòn nouvèl laviktwa lavi sou lanmò a nan tout
kwen. Avan, yo te tris, yo te pè, yo t’ap tranble, yo te frikat; men a pati de
jou Lapannkot la, kè yo te kontan, yo
te brav, yo te dyanm, yo te vanyan.Jou sa a, se jou ki te konsakre inogirasyon Legliz Inivèsèl la, Legliz Jezikri a, ke
li te fonde sou lafwa apot Pyè a.
Jou Lapannkot la Jezi te reyalize bèl
pwomès li te fè apot yo: «Mwen p’ap kite nou pou kont nou, men m’ap voye yon
Avoka, yon Konsolatè pou nou...». Avoka sa a, Konsolatè a, se sa nou rele Paraklè a, se gras a pouvwa li ki fè
apot yo te opere anpil mirak, epi kòm konsekans anpil moun te rive kwè nan
Granmèt la.
Nan premye lekti a nou li nan Travay Apot yo,
nou wè apot Pyè opere de kokenn chenn mirak: Premye a, se kote yo te rele Lida
a. Pyè te geri yon mesye yo te rele Ene ki te gen uitan kouche sou kabann, li te enfim. Pyè di l’: «Ene, Granmèt Jezikri geri ou; leve, ranje
kabann ou». Menm
lè a, li leve. Tout moun ki te abite Lida ak Saron yo wè l’; yo konvèti vin
jwenn Granmèt la.
Dezyèm
Mirak la, Pyè leve yon mò. Te gen yon fi disip ki te mouri nan Jope, epi gen
kèk patizan ki te pwofite prezans Apot Pyè nan zòn nan, yo voye kote li pou
mande li: «pa mize, rive kote nou».
Lè
Pyè rive, yo mennen l’ nan chanmòt la, tout vèv yo antoure kadav la, yo t’ap
kriye, yo t’ap montre l’ chemiz defen an te konn fè pou yo. Pyè fè tout moun
sòti deyò, li ajenou, li lapriyè, li vire kot kò a, li di: «Tabita, leve». La menm, fi a louvri je
l’, li wè Pyè, li chita. Pyè ba l’ men l’, li leve l’; li rele sen yo ak vèv
yo, li renmèt li nan men yo byen vivan. Bagay sa a tout Jope vin konnen l’,
anpil moun vin kwè nan Granmèt la.
Konsa
frè ak sè m’, li enpòtan nou menm tou pou nou kwè, nou pa oblije wè mirak pou
nou kwè; men se pou nou kwè tou senpleman, paske aprè reziresyon an Jezi te di
Toma: «Se chans pou moun ki kwè san yo pa
wè». Se pou lafwa nou pèmèt nou rete kole sou Jezi, menm jan ak Apot li yo,
epi pou nou di: «Granmèt, kot ki moun pou
n’ ale? Ou gen pawòl
lavi tout tan an. Nou menm nou kwè, nou konnen ou se Kris la, Pitit Bondye a».
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen se yon moun ki kokobe, paske
peche a peze lou sou mwen, mwen se yon kadav doubout, mwen se yon mò an vakans,
tanpri vin pote mwen sekou; fè mwen resisite ak Jezi, Pitit ou a. Li menm k’ap
kòmande ansanm ak ou, ansanm ak Lespri Sen an depi tout tan e pou tout tan.
Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap deklare lafwa mwen nan
Lespri Sen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario