koulè blan
PREMYE LEKTI
“Apolon te fè wè daprè labib kijan
jezi se kris”.
Nan travay apot yo 18, 23-28
Aprè kèk tan li pase Antyòch, Pòl
pati, li travèse rejyon Galasi a ak Friji a youn aprè lòt, l’ap bay tout disip
yo asirans. Te gen yon
juif yo te rele Apolon, yon moun Aleksandri, ki te konn pale byen, li rive
Efèz, li te fò nan Labib. Li te gen konesans chemen Granmèt la; li te gen chalè
lespri nan pawòl li, li t’ap bay lansèyman sou Jezi yon fason ekzak, men se
batèm jan an sèlman li te konnen. Li kòmanse met aktivite avèk asirans
nan kay reyinyon an. Lè
prisil avèk akila tande l’, yo pran l’, yo montre l’ chemen Granmèt la yon
fason pi ekzak ankò. Kòm li te vle ale Lagrès, frè yo mete ankourajman, yo ekri
disip yo pou yo resevwa l’. Lè l’ rive, li bay fidèl yo gran konkou. Sèke li
t’ap kontredi juif yo an piblik, antan l’ montre daprè Labib Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
46, 2-3. 8-9. 10
R/
Bondye wa
tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la,
li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Paske Bondye se Wa tout tè a, fè
lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
Chèf pèp yo rasanble, ansanm ak pèp
Bondye Abraam nan, paske zam defans yo sou tè a, se pou Bondye: li leve byen
wo.R.
LEVANJIL
"Papa a
renmen nou, paske nou renmen m’, epi nou kwè nan mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 23- 28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"An verite, an verite mwen di
nou, si nou mande Papa a kichòy o non m’, l’ap ba nou l’. Jous koulye a nou pa
mande anyen o non m’. Mande, n’ap jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt. Bagay sa
yo se an parabòl mwen te pale nou yo. Lè a rive, se pa an parabòl ankò m’ap
pale avèk nou, men se aklè m’ap anonse nou sa k’ konsène Papa a.
Jou sa a n’ap mande o non m’; mwen
pa di nou m’ap lapriyè Papa a pou nou. Papa a li menm li renmen nou, paske nou
renmen m’, epi nou kwè se nan Bondye mwen sòti. Mwen sòti nan Papa a, mwen vini
sou tè a; m’ap kite tè a ankò pou m’ ale kay Papa a".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi ban nou asirans,
si nou mande Papa a nan non li, n’ap jwenn sa nou mande a. Kisa pawòl sa vle di?
Mande nan non Jezi vle di kwè nan li ; kwè nan pwisans li ; kwè li se
Bondye; kwè ke li ka fè tout bagay. Se menm pawòl sa pè a di chak jou nan lamès
nou yo aprè chak lapriyè : « nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri
Granmèt nou an ». Se
yon pawòl ki plen fòs; se yon pawòl lafwa.
Atravè pawòl sa a Jezi ap mande nou pou nou
kwè nan li pi plis toujou ; l’ap mande nou pou nou kole sou li pi plis
toujou. Anpil fwa nou pa ka wè fwi lapriyè nou yo, se paske nou pa priye ak
lafwa ; nou manke konviksyon nan lapriyè nou yo.
Lapriyè pa mache san lafwa. Ebyen frè m’ak sè
m’ yo, fòk nou mande ak anpil konfyans. Se Jezi menm ki di nou nan Pawòl li si
lafwa nou gwo tankou yon grenn moutad n’ap di mòn yo deplase epi y’ap obeyi. Sa
mande nou pou kwè nan Jezi ki se pitit Papa a.
Frè m’ak sè m’ yo nou konnen trè byen ke nou
pa ka di nou kwè nan Granmèt la san nou pa fè travay li mande nou pou nou fè a.
Nou konnen trè byen ke lafwa pa mache san aksyon. Se nan zèv nou yo n’ap montre
nou kwè nan Granmèt la tout bon vre.
Jodi a nan premye lekti a, nou wè modèl moun
ki te kwè tout bon nan Granmèt la. Nou wè Pòl ki t’ap bay Bòn Nouvèl la tout
kote li pase. Nou wè tou yon jwif ki rele Apolon ki t’ap anonse pawòl la tout
kote li pase. Sa montre nou a klè ke fòk nou viv selon sa nou kwè a ; fòk
nou anonse sa nou kwè a.
N’ap viv nan yon mond ki de jou an jou ap vin
pi materyalize ; kote dejou an jou tarif moun ki kwè nan Granmèt la yo ap
bese. Jodi a Jezi di nou si nou mande Papa nan non l’, n’ap jwenn sa nou mande
a. Ebyen kretyen, an nou mande Bondye fòs konkou Lespri Sen an pou nou ka
anonse Rèy delivrans lan tout kote nou pase.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou menm ki gen tout pouvwa, vire je w’ gade pèp
ou a k’ap lapriyè w’. Tanpri souple Papa, voye fòs Lespri Sen ou an vin antre
nan feblès nou pou nou kapab ret kole sou ou pi fèm toujou ; nou mande ou
sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON : Si nou mande Papa a
nan non Jezi, n’a jwenn sa nou mande a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario