FILIP NERI KI SEN, Prèt
(Memwa)
Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Mwen gen yon gran pèp nan lavil sa
a»
LEKTI TRAVAY APOT YO 18, 9-18
Pandan
Pòl te Korent, Granmèt la di l’ yon nuit nan vizyon: «Pa pè, se pou ou pale, pa
pe bouch ou. Paske mwen avèk ou, pèsòn p’ap poze men sou ou pou yo fè ou
kichòy, sèke mwen gen yon pèp ki anpil pou mwen nan vil sa a». Li rete la yon
ane ak si mwa, l’ap anseye pawòl Bondye a lakay yo. Pandan Galyon te prefè
Lagrès, Juif yo met ansanm yo fè konplo kont Pòl, yo kondui l’ nan tribinal, yo
di: «Sila a ale kont lalwa a, l’ap pran tèt moun yo pou yo adore Bondye». Pòl
menm te kòmanse ap louvri bouch li, Galyon di Juif yo: «Si se te yon krim
oubyen yon move aksyon, mesye Juif yo, mwen ta pran ka nou byen Men si se
kesyon sou mo ak non ak lalwa nou an, se nou menm ki pou wè sa; mwen pa vle jij
bagay sa yo». Li ranvwaye yo sot nan tribinal la. Tout moun sezi Sostèn, chèf
kay reyinyon an, yo kòmanse frape l’ devan tribinal la, Galyon menm pa okipe
yo. Kanta Pòl, li te rete ankò kèk jou, aprè sa li kite frè yo, li navige pou
Lasiri (Prisil avèk Akila te avèk li). Li te fè koupé cheve l’ Sankre; paske li
te fè yon ve.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
46, 2-3. 4-5. 6-7
R/
Bondye wa
tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li
terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Li mete pèp yo anba lòd nou, ak
nasyon yo anba pye nou.
Li
chwazi eritaj nou pou nou, bèlte Jakòb la, sila a li renmen an.R
Bondye
monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon. Fè lwanj pou Bondye, fè
lwanj; fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
LEVANJIL
«Kè kontan
nou an, pèsòn p’ap wete l’ sot nan nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKR A DAPRÈ JAN KI
SEN 16, 20-23a
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«An verite, an verite mwen di nou,
n’ap kriye, n’ap plenn, tè a menm ap nan kè kontan. N’ap gen lapenn, men lapenn
nou an ap vin tounen kè kontan.Yon madanm k’ap anfante, li nan lapenn, paske lè
l’ rive; men lè l’ fin fè pitit la, li pa sonje soufrans la ankò akoz kè kontan
an, paske yon moun fèt sou tè a. Konsa nou menm tou koulye a nou gen lapenn;
men m’ap wè nou ankò, kè nou ap kontan, kè kontan nou an, pèsòn p’ap pran l’
sot nan nou. Jou sa a nou p’ap mande m’ anyen».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Lapenn nou an ap vin tounen kè
kontan».
Jodi a, nou kapab kòmanse panse ak sa ki pral rive
nan dis jou: Evénman Lapannkot la. Antan n’ap reviv Senak la, nou wè Manman
Jezi, Manman Bon Konsèy la, li nan konvèsasyon avèk Apot yo. Se yon konvèsasyon sensè! Yo
sonje tout bèl moman yo te pase ak Mèt la. Y’ap sonje tou tout sa ki te pase
depi aprè Jezi te leve byen vivan an, Asansyon an ak pwomès Jezi yo. Soufrans
Jezi yo vin tounen kè kontan. Se yon bèl anbyans ki genyen nan Senak la! Genyen
yon lòt bèl anbyans k’ap tann yo selon sa Jezi di!
Nou menm, nou konnen Mari,
Rèn Apòt yo, Madanm Lespri Sen an, Manman Legliz la k’ap boujonnen, l’ap gide
nou pou nou resevwa kado ak fui Lespri Sen an. Kado yo, se vwal bato a lè l’ap
deplwaye, e van an- senbòl lagras la- li favorab pou li: ala yon chemen fasil e
rapid!
Nou menm tou, Granmèt la
pwomèt l’ap fè lapenn nou an ap vin tounen kè kontan: «kè kontan nou an, pèsòn
p’ap pran l’ sot nan nou» (Jn 16,22), « jou sa a nou
p’ap mande m’ anyen» (Jn 16,24). Nou li
nan Sòm 126,6: «Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan
jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap
pote rekòt la lakay yo».
Pandan tout semèn sa, litiji
a pral pale nou sou rajenisman (kè kontan), lajwa k’ap dire pou tout tan. Tout
bagay pral sèvi pou ede nou viv nan lapriyè. Sen Jozmari di nou: «Mwen vle kè ou toujou kontan,
paske kè kontan fè pati chemen an. Mande pou tout moun kè kontan sa ki sòti nan
Bondye a».
Pou li ka gen sante fizik ak sinatirèl, moun nan
bezwen ri. Se yon sans ki aprann moun viv. Sen Pòl pral di nou: «nan tout
bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l'» (Wom 8, 28).
LAPRIYÈ: Bondye ki refè nou pou lavi tout
tan an nan leve vivan Jezikri a, drese nou kot lotè delivrans nou an ki chita
adwat ou a, pou lè Sovè nou an rive nan bèlte l’ la, sila yo ou te refè nan
batèm nan, ou a fè yo abiye avèk lavi ki p’ap fini an, ki sen an. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Si m’ rann
yon moun yon sèvis, se yon fason mwen kapab pataje kè Kontan Kris la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario