Páginas

DIMANCH 20

Koulè Vèt
VENTYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Pitit etranje yo, m’ap mennen yo sou mòn mwen an ki sen an»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 56, 1.6-7
Men pawòl Granmèt la: «Kenbe jijman, fè jistis, paske delivrans mwen an san lè pou l’ rive, jistis mwen an san lè pou l’ devwale.
Pitit etranje yo, ki kole kò yo sou Granmèt la, pou yo adore l’, pou yo renmen non l’, pou yo vin tounen sèvitè l’, antan yo kenbe saba a pou yo pa sal li, antan yo kenbe kontra m’ nan, m’ap mennen yo sou mòn mwen an ki sen an, m’ap fè kè yo kontan nan kay lapriyè m’ nan; sakrifis antye yo ak bèt yo sakrifye yo ap fè m’ plezi sou lotèl mwen an, paske kay mwen an se kay lapriyè y’ap rele l’ pou tout pèp yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Kado yo Bondye fè Izrayèl la, li p’ap tounen sou sa»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 11, 13-15 29-32
Frè m’ yo:
Mwen di nou nou menm payen yo: «Toutotan se mwen menm ki apot nasyon yo, m’ap jwenn fyète nan sèvis mwen an si mwen rive eksite ras mwen an pou yo fè jalouzi, epi si m’ ta kapab sove kèkzen nan yo. Sèke si pati yo pati a, sa sèvi pou rekonsilyasyon tè a: lè y’ap tounen an menm, ki sa l’ap ye, si se pa lavi k’ap sòti nan pami mò yo.
Sèke lè Bondye bay kado ak lè li fin rele moun yo, li pa chanje lide l’.Menm jan lontan nou pa t’ kwè nan Bondye, koulye a menm nou jwenn kè sansib poutèt yo menm yo pa kwè a; konsa tou yo menm koulye a yo pa kwè nan kè sansib nou jwenn nan, men sa se pou yo menm tou yo rive jwenn kè sansib.Sèke Bondye fèmen tout bagay nan dezobeyisans, pou l’ pran pitye pou tout moun».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
LEVANJIL
«Madanm, lafwa ou gran!»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
15, 21-28
Lè sa a:
Jezi pati, l’ale nan zòn Ti ak Sidon an. Yon madanm Kanaan sòti nan limit zòn sa yo, li rele byen fò, li di l’: «Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David; pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete l’ anpil». Li menm li pa reponn li yon mo.
Disip li yo pwoche kote l’, yo lapriyè l’, yo di: «Ranvwaye l’ paske l’ap rele aprè nou».
Li menm, li reponn, li di: «Yo voye m’ sèlman bò kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la».
Madanm nan menm rive, li adore l’, li di: «Granmèt, pote m’ sekou».
Li reponn, li di: «Sa pa bon pou pran pen ti moun yo, pou jete l’ bay chyen».
Madanm nan menm di: «Wi, Granmèt; men ti chyen yo manje nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo».
Lè sa a atò Jezi reponn, li di: «Madanm, lafwa ou gran, se pou sa rive pou ou jan ou vle a». Pitit fi l’ la geri menm lè sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Ti chyen yo manje nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo».
Jodi a, n’ap kontanple istwa madanm Kanaan sa, yon madanm payèn, ki pa t’ izrayelit, ki te gen pitit fi li malad anba pouvwa move lespri. Madanm sa a te tande pale de Jezi. Li sòti al rankontre li ak gwo kout rèl: «Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David! Pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete l’ anpil» (Mt 15,22).En reyalite madanm nan pa mande anyen, li sèlman prezante Jezi mal (pwoblèm) k’ap fatige pitit fi li a, e li gen espwa Jezi ap fè kichòy pou li.
Jezi fè kòmsi li pa tande. Poukisa?  Pètèt se paske li te remake fi a te gen lafwa epi li te vle lafwa li grandi. Madanm nan kontinye sipliye Jezi, li ensiste atèl pwen disip yo mande Jezi pou fè madanm nan pati sot dèye li: «Ranvwaye l’ paske l’ap rele aprè nou».
Madanm nan kontinye rele byen fò e li pa bouke. Sa ki eksplike silans Jezi a, se paske se sèlman pou kay Izrayèl la li te vini. Se sèlman aprè li te fin leve byen vivan pami mò yo Jezi te di disip yo: «Ale toutoupatou nan lemond, pwoklame bòn nouvèl la nan tout nasyon» (Mak 16,15).
Pafwa, lè Bondye fè silans, nou santi nou toumante.Konbyen fwa nan lavi nou nou plenyen poutèt silans sa a? Men madanm Kanaan an li menm, li te koube li byen ba, li te mete jenou li atè. Li mete li nan pozisyon adorasyon. Jezi reponn li ke sa pa bon pou pran pen ti moun yo, pou jete l’ bay chyen. Men li menm li reponn li: «Wi, Granmèt; men ti chyen yo manje nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo» (Mt 15, 26-27).
Fanm sa a debouye li ase byen. Li pa fache ak Jezi, li pa ba li yon repons piman bouk, okontrè li ba li rezon: «Wi, Granmèt»; nan sans sa li rive konvenk Jezi, li fè Jezi vin zanmi li. Se kòmsi madanm nan te di Jezi: Mwen se yon chyèn, men se mèt mwen k’ap veye sou mwen.
Madanm Kanaan an ba nou yon bèl leson: Li bay Granmèt la rezon (menm si Granmèt la toujou gen rezon). Lè nou prezante devan Granmèt la, nou pa dwe janm chèche gen rezon. Nou pa dwe janm plenn, e si nou plenn, alafen nou dwe di li «Granmèt, se pou volonte ou fèt».
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ak ti kras lafwa mwen an, mwen vin prezante ou tout pwoblèm k’ap trakase mwen, tout pwoblèm lagè, enjistis, grangou k’ap detwi mond nou an. Tanpri gen pitye pou nou. Ede nou viv nan renmen ak solidarite youn ak lòt, pou tout moun ka viv an pè.

PWOPOZISYON: Menm si mwen gen enpresyon Jezi pa tande mwen, m’ap kontinye rele ba li pou li pote mwen sekou, m’ap fè li konfyans nèt ale.

No hay comentarios:

Publicar un comentario