Páginas

SAMDI 19

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Chwazi jodi a kilès nou pito sèvi".
LEKTI LIV JOZYE 24, 14-29
Jou sa yo: Jozye pale avèk pèp la, li di:
"Koulye a se pou nou respekte Granmèt la, se pou nou sèvi l’ ak tout kè nou, ak tout senserite nou; wete dye yo, se zansèt nou yo te konn sèvi nan Mezopotami ak nan Lejip la, se Granmèt la pou nou sèvi. Otreman si sa parèt move pou nou, pou nou sèvi Granmèt la, nou gen dwa chwazi: chwazi jodi a sa nou pito, kilès nou pito sèvi, si se dye yo zansèt nou yo te konn sèvi nan Mezopotami a, oubyen si se dye Amoreyen yo, kote nou abite a; kanta mwen menm ak kay mwen, n’ap sèvi Granmèt la".
Pèp la reponn, li di:
"Nou pa gen dwa lage Granmèt la pou nou sèvi dye etranje yo. Se Granmèt Bondye nou an li menm ki te fè nou sòti Lejip avèk zansèt nou yo, sot nan kay esklavaj la; li fè mèvèy ekstrawòdinè devan je nou, li pwoteje nou sou tout wout, kote nou pase, ak nan tout pèp kote nou travèse. Li chase tout nasyon yo, Amoreyen an ki te abite peyi kote nou antre a. Konsa se Granmèt la n’ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou".
Jozye di pèp la: "Nou pa kapab sèvi Granmèt la. Sèke se yon Bondye ki sen, ki fò, ki jalou, li p’ap padonnen fot nou ak peche nou. Si nou lage Granmèt la pou nou sèvi dye etranje yo, l’ap vire, l’ap pini nou, l’ap detui nou, aprè l’ fin fè nou dibyen an".
Pèp la di Jozye: "Ou pa dwe pale konsa, se Granmèt la n’ap sèvi". Jozye di pèp la: "Nou temwen, se nou menm ki chwazi Granmèt la pou nou sèvi l’". Yo reponn: "Nou temwen". Li di: "Koulye a, wete dye etranje yo sot nan mitan nou, vire kè nou kot Granmèt Bondye Izrayèl la". Pèp la di Jozye: "Se Granmèt Bondye nou n’ap sèvi, n’ap obeyi lòd li yo".
Jou sa a, Jozye pase yon kontra, li prezante pèp la kòmandman ak desizyon yo nan Sikèm. Li ekri tout pawòl sa yo tou nan woulo liv Granmèt la; li pran yon gwo wòch, li mete l’ anba pye bwa-d-chèn nan ki te nan kay sakre Granmèt la; li di tout pèp la: "Men wòch sa a ap sèvi temwen kont nou, li tande tout pawòl Granmèt la, sa l’ di nou yo, pou nou pa gen lide di se pa vre, pou nou bay Granmèt Bondye nou an manti". Li ranvwaye pèp la, chak moun nan eritaj li.
Aprè sa, Jozye, pitit Noun, sèvitè Granmèt la, mouri, li te gen san-dizan.
SÒM REPONS 15, l-2a é 5. 7-8. 11 (r.: cf. 5a)
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Granmèt, paske mwen espere nan ou.
Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt mwen ou ye,
Granmèt, pòsyon eritaj mwen avèk kalis mwen:
Se ou menm ki kenbe destine mwen".R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans;
menm nan nuit ren m’ ban m’ leson.
Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan,
paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo,
kè kontan k’ap debòde avèk fas ou,
plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
"Pa anpeche ti moun piti yo vin jwenn mwen: se pou yo rèy syèl yo ye".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19, 13-15
Lè sa a:
Yo vin prezante ti moun bay Jezi, pou l’ poze men sou yo, pou l’ lapriyè pou yo; men disip li yo fè yo lobsèvasyon. Jezi menm di yo: "Kite ti moun yo, pa anpeche yo vin jwenn mwen; se pou moun ki sanble yo rèy syèl la ye". Li poze men sou yo, li pati sot la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi di disip li yo: «Kite ti moun yo, pa anpeche yo vin jwenn mwen; se pou moun ki sanble yo rèy sièl la ye». Nan sans sa a, Jezi montre kijan li renmen timoun yo yon fason espesyal, e nou menm antan nou konsidere nou granmoun, nou anpeche yo pwoche kot Jezi ak kot Papa a. Pafwa nou di: lè yo gran, y’a chwazi si se volonte yo…!
Pòv yo, sila yo ki gen plis nesesite, Jezi gen yon preferans pou yo. Ti moun yo tou, yo se moun ki gen nesesite. Yo pòv nan sa ki gen pou wè ak laj yo, fòmasyon yo… Sa vle di, yo san defans. Se pou sa, Legliz la, Manman nou, ankouraje paran yo batize timoun yo bonè, pou Lespri Sen an kapab vin rete nan nanm yo, epi nan fason sa a, pou yo antre nan chalè kominote kretyèn nan.
Avan nou di «lè timoun yo gran y’a chwazi», se pou nou poze tèt nou kesyon: kisa timoun yo pral manje? Ebyen, yo pral manje sa manman yo ba yo, e li p’ap tann pitit la di l’ kisa li prefere. Ki lang pitit sa a pral pale? Lang paran li, si se pa sa pitit la p’ap kapab chwazi nenpòt lang. Nan ki lekòl pitit la prale? Li prale nan lekòl kote paran li te enskri li, paran li yo p’ap tann li gen yon lide klè sou pwofesyon l’ap chwazi pou yo enskri li nan yon lekòl.
Kisa Jezi te konn manje? Sa manman li te konn prepare pou li. Ki lang li te pale? Lang manman ak papa li. Ki relijyon li te konnen e pratike? Menm relijyon ak paran li yo, relijyon Juif yo.  Lè Jezi vin gran, granmesi enstwiksyon li te genyen sou relijyon paran li, li te fonde yon lòt relijyon…Men avan sa se relijyon paran li yo li te pratike, natirèlman.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri pa kite mwen tounen yon obstak pou frè ak sè m’ yo, tanpri ede m’ sèvi yon pon pito pou yo rive jwenn ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Si m’ vle vin pi pre Bondye, fòk mwen sanble ak yon ti moun: sa vle di, fòk mwen sensè, fòk mwen kè mwen pwòp, fòk mwen trete pwochen mwen avèk dousè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario