Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
"Ach
kontra Granmèt la ap pase devan nou, pou l’ travèse Jouden an".
LEKTI LIV JOZYE
3, 7-10a. 11. 13-17
Jou sa yo:
Granmèt la di Jozye: "Jodi a
m’ap kòmanse leve ou devan tout Izrayèl pou yo konnen, menm jan mwen te avèk
Moyiz la, se konsa m’ap avèk ou tou.
Ou menm pase prèt yo lòd, yo
menm k’ap pote ach kontra a, di yo: 'Lè n’a antre nan dlo Jouden an, rete ladan
l’".
Jozye di pitit Izrayèl yo:
"Pwoche isit la, koute pawòl Granmèt Bondye nou an". Epi tou, li di:
"Men kijan n’ap konnen Granmèt Bondye ki vivan an nan mitan nou, l’ap gaye
Kananeyen yo devan fas nou. Men ach kontra Granmèt tout tè-a
ap pase devan nou nan Jouden an. Prèt yo k’ap pote ach Granmèt Bondye tout
tè-a, lè y’ap poze plant pye yo nan dlo Jouden-an, dlo yo ki anba yo, y’ap
kontinye koule, sa k’ap vini anwo yo menm, y’ap kanpe nan yon sèl blòk".
Konsa pèp la sòti nan joupa l’
yo, pou l’ travèse Jouden an; prèt yo ki t’ap pote ach kontra a, yo t’ap pase
devan l’. Lè yo antre nan Jouden an, lè pye yo touche dlo-a (pandan sezon
rekòlt la, larivyè Jouden-an plen ra-bò), dlo yo ki t’ap desann nan, yo kanpe
yon sèl kote, tankou yon gwo mòn yo parèt byen lwen depi vil yo rele Adon-an,
jous kote yo rele Sartan-an; dlo yo menm ki te anba a, yo desann nan lanmè
dezè-a (sa yo rele lanmè Mòt la koulye-a), joustan yo fin koule nèt. Pèp la
menm t’ap travèse an fas Jeriko, prèt yo ki t’ap pote ach kontra Granmèt la, yo
te kanpe sou tè sèk la, nan mitan Jouden an, san yo pa deplase, epi tout pèp la
t’ap pase nan fon larivyè-a ki sèk la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 113a, 1-2. 3-4. 5-6
R/Alelouya.
Lè Izrayèl t’ap kite Lejip la,
kay Jakòb la t’ap sot nan pèp etranje a,
Jida vin tounen kay sakre l’,
Izrayèl vin tounen pwopriyete l’.R.
Lanmè a wè sa, li sove, Jouden
an tounen dèyè, mòn yo vòltije tankou kabrit, ti wotè yo tankou pitit mouton.R.
Sa ou genyen, lanmè, pou ou ap
sove a?
Epi ou menm, Jouden, pou w’ap
tounen dèyè a?
Mòn yo, pouki sa n’ap vòltije
tankou ti kabrit la, ti wotè yo, tankou pitit mouton an?
LEVANJIL
"Mwen
pa di ou pou ou renmèt jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa sèt fwa".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE
18, 21-19, 1
Lè sa a:
Pyè pwoche kot Jezi, li di:
"Granmèt, konbyen fwa, si frè m’ fè peche kont mwen, pou m’ padonnen l’?
Èske se sèt fwa?"
Jezi di l’: "Mwen pa di ou
jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa sèt fwa.
Se pousa rèy syèl la sanble ak
yon wa, ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle, yo mennen youn
ba li ki te dwe di-mil goud. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ renmèt, mèt li pase
lòd pou yo vann li, ansanm ak madanm li, ak pitit li yo, ak tout sa l’ te
genyen, pou l’ kapab renmèt. Men sèvitè a menm lage kò l’ atè, li lapriyè l’,
li di: 'Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay'. Mèt sèvitè sa a
pran pitye pou li, li lage l’, li padonnen l’ dèt li a.
Men kon sèvitè sa a sòti, li rankontre
youn nan sa k’ konn sèvi ansanm avèk li yo, ki te dwe l’ san goud; li sezi l’,
pou l’ toufe l’, li di: 'Renmèt sa ou dwe'. Sèvitè sa a lage kò l’ atè, li
lapriyè l’, li di: 'Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay'. Li menm
menm, li refize, li pati, li voye l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt la.
Lè lòt sèvitè yo wè sa l’ te fè,
yo pran chagren anpil, yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te pase. Mèt li
rele l’, li di l’: 'Move sèvitè, mwen te renmèt ou tout dèt la, paske ou te
lapriyè m’; èske ou menm tou ou pa t’ dwe pran pitye pou sila a k’ap sèvi
ansanm avèk ou a, menm jan mwen te pran pitye pou ou a?' Mèt li fache, li
renmèt li bay gad yo, joustan li renmèt tout sa l’ te dwe.
Se konsa tou Papa m’ ki nan syèl
la ap fè avèk nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout kè nou".
Lè Jezi fin fè prèch sa yo, li
pati sot Lagalile, li rive nan limit Jida, lòt bò Jouden an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan premye lekti jodi a nou kontanple yon
imaj ki sanble ak imaj travèse Lanmè Wouj la. Menm jan travèse lanmè wouj la te
make sòti definitif Izrayèl nan peyi Legip la, travèse larivyè Jouden an make
antre pèp la nan tè pwomès la.
Menm jan Moyiz te lonje baton an
sou lanmè a pou l’ te ouvri kite fanm, gason, granmoun timoun ak bèt pase, se
konsa tou prèt yo ki antre nan dlo a ak ach Alyans Bondye a, dlo a fann ba yo
pase;kidonk, travèse lanmè wouj la, tankou travèse Jouden an make ak prezans
Granmèt la, ki onore pwomès li, ki kenbe pawòl li.
Se nan tan Izrayèl te nan konba
evénman sa a pase; men li gen yon karaktè sakre, paske se pouvwa Bondye k’ap
aji.
Nou rekonèt nan jès travèse sa
yo batèm Izrayèl kòm pèp Bondye chwazi. Rivyè Jouden an reprezante fwontyè Tè
Pwomès la e tout sa ki travèse l’, se eritye. Se nan sans sa a Jan Batis t’ap
batize moun yo nan tan pa li, pou yo te kapab sonje yo se eritye pwomès Bondye.
Batèm Jezi a nan dlo a manifeste presans Bondye k’ap pase nan Ach Alyans la.
Nan Levanjil la, Jezi fin bay
disip yo ansèyman, li rive nan teritwa Jida lòt bò larivyè Jouden an, kòm si
Jezi pote bòn nouvèl la bay lòt nasyon yo, bay sila yo ki pa fè pati pèp chwazi
a, men ki vin tounen eritye nan Jezi.
Se yon Levanjil ki envite nou
gen mizerikòd ak konpasyon youn pou lòt, menm jan Bondye gen mizerikòd ak
konpasyon pou nou. Si Bondye ki Sen padone nou, nou menm ki pechè nou dwe
padone frè nou yo tou san nou pa mezire padon an. Li pa fasil ditou, men se sa
Jezi mande nou ; se repons Jezi fè apot Pyè ki mande l’ si yon frè l’ofanse
anpil fwa si l’ dwe padone l’.
LAPRIYÈ: Granmèt mèsi paske ou padone tout peche m’
yo, tanpri ban m’ kouraj pou m’ padone ak tout kè m’ moun ki fè m’ mal.
PWOPOZISYON: Si Bondye padone peche mwen yo, kilès mwen ye pou m’ kenbe pwochen m’
nan kè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario