Koulè
vèt
PREMYE LEKTI
“Moyiz mouri la, sou lòd Granmèt
la, pa gen dòt pwofèt ki leve ankò tankou li menm”.
NAN LIV DETEWONÒM
34, 1-12
Jou sa yo:
Moyiz monte sot nan plenn Moab
yo, l’al sou mòn Nebo a, nan pwent tèt Fasga, an fas Jeriko. Granmèt la montre
l’ tout peyi Galaad la jous Dan ak tout Neftali, ni peyi Efrayim ak Manase a ak
tout peyi Jida a jous nan dènye lanmè a, ak pati nan Sid la ak grandè plenn Jeriko
a, vil pye dat yo, jous rive Segò. Granmèt la di l’: “Se tè a mwen te fè sèman
bay Abraam, Izaak ak Jakòb, lè m’ te di: “Se ras ou m’ap bay li a”. Gade l’ ak
je ou, men ou p’ap antre ladan li”.
Moyiz, sèvitè Granmèt la, mouri
kote sa a menm, nan tè Moab la, sou lòd Granmèt la; li antere l’ nan tè fon
Moab la, an fas Fogò, pèsonn pa konnen kavo l’ jous jodi a. Moyiz te gen
san-ven-tan lè l’ mouri. Je l’ pa t’ vwale, dan l’ pa t’ souke. Pitit Izrayèl
yo kriye pou li nan plenn Moab yo, pandan trant jou; jou dèy rèl Moyiz yo fini.
Jozye menm, pitit Noun, te plen
ak lespri sajès, paske Moyiz te poze men sou li; pitit Izrayèl yo obeyi l’, yo
aji daprè sa Granmèt la te kòmande Moyiz la.
Pa gen pwofèt ankò ki leve nan
Izrayèl tankou Moyiz, pou Bondye konnen l’ fas a fas, pa gen lòt ki janm fè siy
ak mèvèy sa yo Bondye te voye l’ al fè nan peyi Lejip devan Farawon ak tout
sèvitè l’ yo ak tout peyi l’ la; pa gen lòt ki janm gen tout fòs ponyèt sa a e
ki janm fè gran mèvèy sa yo Moyiz te fè devan tout Izrayèl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 65, l-3a. 5 e 8. 16-17
R/ Konpliman
pou Bondye, li menm ki sove lavi m’.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a,
chante bèlte non l’, fè lwanj li. Di Bondye: “Ala respè travay ou yo merite”.R.
Vini, n’a wè travay Bondye yo, li
merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo. Fè konpliman pou Bondye nou,
nasyon yo, fè tande vwa lwanj li. R
Vini, koute, m’ap rakonte, nou
tout ki respekte Bondye, tout sa l’ fè pou nanm mwen. Se kote l’ mwen rele ak
bouch mwen, mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
LEVANJIL
“Si l’
koute ou, w’ap pran tèt frè w’ la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN 18, 15- 20
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si frè w’ fè peche kont ou, ale
pran l’ apa, korije l’. Si l’ koute ou, w’ap pran tèt frè w’ la; men si l’ pa
koute ou, pran youn oubyen de avèk ou ankò, pou tout pawòl kapab fiske nan
bouch de oubyen twa temwen. Si l’ pa koute yo, di legliz la sa; si l’ pa koute
legliz la, se pou l’ tankou payen ak pibliken pou ou.
An verite mwen di nou, tout sa
n’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la tou; tout sa n’ap lage sou tè a, l’ap
lage nan syèl la tou.
Mwen di nou ankò, si de nan nou
mete yo dakò sou tè a, pou yo mande nenpòt ki bagay, y’ap jwenn li nan men Papa
m’ ki nan syèl la. Sèke kote gen de oubyen twa moun ki rasanble o non m’, mwen
la nan mitan yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON
Premye Lekti a, se yon chapit nan liv Lalwa a ki pote anpil tristès
ak anpil dezolasyon, paske li pale nou de lanmò Moyiz, pèsonaj santral ki make
senk premye liv nan Ansyen Testaman; lè yo konpile 5 liv sa yo ansanm, yo rele
konpilasyon an “Pentatek”, ki vle di
nan lang grèk la, «senk woulo» (penta = 5, teuchos = woulo). Yo pale de
woulo paske nan tan sa a, pawòl Bondye a te ekri sou yon papye espesyal ke yo
te rele “papyrus”, e se woule yo te
konn woule li sou yon sipò an bwa ki fèt menm jan ak moul an bwa nou wè boulanje
yo woule farin pou fè pen.
Nou di Moyiz se pèsonaj santral
nan Ansyen Testaman ki make senk premye liv Lalwa yo (Torah), paske nou konnen liv sa yo pale de istwa liberasyon yon pèp
ki se pèp Izrayèl e moun Bondye te chwa kòm lidè ak medyatè nan istwa sa a, se
te Moyiz. Moyiz te fè yon gwo wout ak pèp la, li te pase anpil move moman ak
li, men tou li te pase anpil moman kè kontan, paske se men Bondye ki t’ap
dirije yo e yo pa t’ janm echwe. Moyiz te prezante devan Farawon
e li te pale ak li selon jan Granmèt la te mande li pou li te pale. Moyiz te
travèse dezè a ansanm ak pèp la, tout pwoblèm pèp la te konnen, li te konnen yo
tou. Moyiz se enstriman ke Bondye te itilize pou li te kapab delivre pèp li a,
anba zak maspinay Ejipsyen yo. Nan Liv Ekzòd la nou kapab jwenn tout istwa ki
pale nou sou kòman pèp la te travèse soti an Ejip pou li ale nan peyi Kanaan.
Se sa yo rele “Pak” nan Ansyen Testaman. Mo Pak la vle di Travèse.
Nou konnen lè nou gen yon moun
nou te abitye avèk li mouri kijan sa fè mal; sa plis fè nou mal toujou lè se
yon paran oubyen yon moun ki te konn sipòte nou. Nou santi nou pran yon gwo kou
nan nen nou, sa fè je nou kouri dlo. San dout, nou kapab di lanmò Moyiz te kite
anpil tristès nan Izrayèl, paske se li menm ki te frape wòch la pou te fè pèp
la bwè nan sous dlo ki te fre a; se Moyiz ki te louvri lanmè a ak pouvwa ki
soti nan Bondye pou pèp la te kapab pase san pye li pa t’ mouye; se Moyiz ki te
resevwa Lalwa a nan men Bondye pou pèp la te kapab gen yon limyè ki gide li nan
fason li t’ap aji.
Atravè Levanjil jodi a, Jezi ap
pwopoze nou yon metòd pou nou kapab rezoud konfli. Se yon metòd trè senp ki gen
twa etap: premyèman, se dyalòge ak
moun ki nan konfli avèk ou a. Si li pa rive koute ou, w’ap pran kèk temwen ki kapab sèvi entèmedyè. Si li pa koute temwen yo, prezante ka a devan Legliz la. Si li pa
koute Legliz la, kite li trankil epi chèche mennen vi ou trankil.
Lòt mesaj Levanjil la pote pou
nou, sèke nou pa kapab ap viv lafwa nou fèmen nan yon ti kwen pou kont nou, fòk
nou viv lafwa nou tou nan kominote. Lè sa a lapriyè nou monte ak plis
fòs devan Bondye. Se pa mwen ki di sa, men se Jezi ki di li: “Mwen di nou ankò, si de nan nou mete yo dakò
sou tè a, pou yo mande nenpòt ki bagay, y’ap jwenn li nan men Papa m’ ki nan
syèl la.”
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, ou rele nou pou nou konstwi yon mond kote ki gen lapè ak fratènite,
tanpri ede nou depase tout ti diferans nou yo pou nou kapab rive konstwi lavi
nou sou baz solidarite fratènèl.
PWOPOZISYON: Jodi a mwen pral dyaloge ak sila a mwen te kenbe nan kè a. Sa fè plizyè
jou, [plizyè mwa, ane] depi li sou kè mwen. Mwen santi mwen pa viv byen paske
si mwen pa padone li, Bondye p’ap padone mwen. Mwen pral rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario