Páginas

LENDI 14

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Koupe anvlòp kè nou. Renmen etranje yo, paske nou te etranje tou”.
NAN LIV DETEWONÒM 10, 12-22
Moyiz pale ak pèp la, li di:
“Koulye a, Izrayèl, ki sa Granmèt Bondye ou la mande ou, si se pa pou ou respekte Granmèt Bondye w’ la, pou w’ mache nan chemen l’ yo, pou w’ renmen l’; pou w’ sèvi Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou; pou ou kenbe kòmandman Granmèt yo ak desizyon l’ yo, sa mwen kòmande w’ jodi a, pou sa kapab bon pou ou?
Men syèl la ak syèl ki anlè syèl la, se pou Granmèt Bondye w’ la yo ye, ni tè a ak tout sa k’ nan li; epoutan se ak zansèt ou yo Granmèt la te fè zanmi, li renmen yo, li chwazi desandans yo apre yo, kidonk nou menm menm, sot nan pami tout nasyon, jan yo kapab konstate sa jodi a.
Konsa, se pou nou koupe chè ki vlòpe kè nou, pa fè kou nou vin rèd ankò; paske Granmèt Bondye nou an, se li menm ki Bondye dye yo, ak Granmèt mèt yo, Bondye ki gran, ki gen pouvwa, ki terib, ki pa konsidere figi moun ni kado, ki fè jijman pou òfelen ak vèv, ki renmen etranje, ki ba l’ manje ak rad. Nou menm tou, se pou nou renmen etranje yo, paske nou menm tou nou te etranje nan peyi Lejip la.
Se pou ou respekte Granmèt Bondye w’ la, se li menm sèl pou ou sèvi, se sou li pou ou kole kò ou, se o non l’ pou w’ fè sèman. Se li menm ki lwanj ou ak Bondye ou, li menm ki te fè mèvèy sa yo ak pwodij sa yo pou ou, se je ou ki wè yo: se ak swasann-dis moun zansèt ou yo te desann nan Lejip; koulye a gade, Granmèt Bondye w’ la fè ou vin anpil, tankou zetwal syèl yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 147, 12-13. 14-15. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo nan ou.R.
Li menm ki poze limit ou yo nan lapè li ba ou kont ble ki gra.
Li menm ki voye pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa fè konsa pou okenn nasyon, jijman l’ yo, li pa fè yo konnen yo.R.
LEVANJIL
“Y’ap touye l’, l’ap leve vivan. Pitit yo ekzante peye taks”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 21-26
Lè sa a:
Pandan disip yo te rasanble ak Jezi nan Lagalile, li di yo: “Y’ap renmèt Pitit moun nan nan men lèzòm, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan”. Yo te pran chagren anpil.
Lè yo rive Kafanawòm, moun yo ki t’ap ranmase de goud yo, yo pwoche kot Pyè, yo di l’: “Èske Mèt nou an p’ap peye de goud yo?” Li di: “Oui”.
Lè l’ antre nan kay la, Jezi pran devan l’, li di: “Sa ou di nan sa, Simon? Wa yo sou tè a, nan men ki moun yo resevwa taks oubyen enpo? èske se nan men pitit yo oubyen nan men etranje yo?” Li di: “Nan men etranje yo”.
Jezi di l’: “Ebyen, pitit yo ekzante. Sèlman, pou nou pa sèvi okazyon pou fè yo tonbe, al nan lanmè a, voye zen an; premye pwason k’ap monte a, pran l’ louvri bouch li; w’ap jwenn yon pyès lajan; pran l’, ba yo pou mwen avèk pou ou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, nan Liv Detewonòm, Bondye ap pale avèk nou atravè Moyiz pou l’fè nou konnen se pou nou mache nan chemen l’yo, se pou nou renmen l’, pou nou sèvi li ak tout kè nou.
Nan yon mond kote moun ap repouse moun, kote moun ap batay ak moun pou enterè, Pawòl Bondye a envite nou louvri kè nou pou nou akeyi frè ak sè nou, ouvri men nou pou nou pataje. Nou dwe sòti nan nou menm  pou nou kapab rankontre lòt yo. Pap Franswa di nou, chak moun se yon don, chak moun se yon kado Bondye.
Nan Levanjil la, Jezi ki anonse soufrans li pou yon dezyèm fwa. Chagren, tristès disip yo ap montre nou kòman yo pral pran konsyans  sou sa Jezi te ye tout bon vre epi ki kalite misyon li te genyen : Jezi bay lavi li pou sove tout moun alawonnbadè. Jezi t’a pral ranpòte 2 viktwa : Premyèman, li te gen pou li resisite sou twa jou aprè yo fin touye li, dezyèmman, li menm ki pa t’ soumèt anba okenn lwa, li ta pral peye taks pou nou ki lye a kondisyon nou antanke moun k’ap viv nan yon sosyete. Avèk yon sèl pyès lajan, sa vle di nan yon menm ofrand, li ofri yon sakrifis ki pou rachte nou tout ki te anba jouk peche a, pou l’ fè nou vin tounen pitit Bondye nan yon sèl kò.
Jezi te genyen byen klè nan tèt li ke l’ap detwi, men se pa nan edifis materyèl Tanp lan, men se nan fason tanp la òganize ak fason li fonksyone nan nivo enstitisyosyonèl e ki pa ale nan sans volonte Bondye. Menmsi Jezi pa t’ dakò ak jan bagay yo t’ap fèt, finalman li deside peye taks la, men se pi gwo biyè a li bay, sa vle di lavi li. Alò, se pou nou pran ekzanp sou Jezi, pou taks n’ap peye tounen pwòp lavi nou, ke n’ap ofri pou lòt yo, pou fè wayòm Bondye a parèt byen klè nan sosyete nan viv nan tan sa a..
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri fè nou rive mete tèt ansanm pou nou viv kòm frè ak sè. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON:M’ap aprann akeyi tout moun san m’ pa gen prejije.

No hay comentarios:

Publicar un comentario