Páginas

DIMANCH 13

Koulè Vèt
DIZNEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Kanpe sou mòn nan devan Granmèt la»
LEKTI PREMYE LIV WA YO
19, 9a. ll-13a
Jou sa yo:
Lè Eli rive sou mòn Bondye a, Orèb, li rete nan twou wòch la. Pawòl Granmèt la rive kote l’, li di l’: «Sòti, kanpe sou mòn nan devan Granmèt la».
Men Granmèt la vin ap pase. Yon van ki gran, ki fò, k’ap soulve mòn yo, k’ap kraze wòch yo devan Granmèt la; Granmèt la pa t’ nan van an. Aprè van an, yon tranblemantè; Granmèt la pa t’ nan tranblemantè a. Aprè tranblemantè a, yon dife; Granmèt la pa t’ nan dife a. Aprè dife a, yon ti souf tou dou, byen leje k’ap sifle. Lè Eli tande l’, li kouvri fas li ak manto l’, li sòti, li kanpe nan papòt twou wòch la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9ab-10. 11-12. 13-14
R/Fè nou wè, Granmèt, jan kè ou sansib; delivrans ou a, ba nou l’.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo.
Reyèlman vre delivrans li a tou pre moun ki respekte l’ yo, pou bèlte a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase.
Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
DEZYÈM LEKTI
«Mwen te swete pou m’ te madichonnen pou frè m’ yo»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 9, 1-5
Frè m’ yo:
Se laverite mwen di nan Jezikri, mwen pa fè manti, konsyans mwen rann mwen temwayaj nan Lespri Sen an; sèke chagren m’ gran, doulè ap pèsiste nan kò m’.
Mwen te swete pou m’ madichonnen sot nan Jezikri poutèt frè m’ yo, yo menm ki nan ras mwen daprè chè a; yo menm ki Izrayelit, yo menm ki pitit adoptif, ki gen bèlte a, testaman an, lalwa a, desizyon yo, ak pwomès yo: yo menm ki gen zansèt yo, epi se nan yo menm Jezikri sòti daprè chè a, li menm ki anlè tout bagay, li menm ki Bondye ki beni pou tout tan.Amèn.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Pase m’ lòd pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A MATYE KI SEN 14, 22-33
Lè foul la fin manje kont li, menm lè a Jezi fòse disip yo pou yo monte nan batiman an, pou yo pran devan l’ lòt bò lanmè, joustan li fin ranvwaye foul yo. Lè l’ fin ranvwaye foul la, li monte sou mòn nan pou l’ lapriyè pou kont li. Lè aswè rive, li te pou kont li la a.
Batiman an menm te nan mitan lanmè, lanm yo t’ap souke l’; sèke van yo t’ap vin nan sans kontrè.
Vè twazè dimaten, li rive kote yo, antan l’ap mache sou lanmè a. Lè yo wè l’ap mache sou lanmè a, yo twouble, yo di: «Se yon zonbi», yo tèlman pè, yo rele.
Menm lè a Jezi pale avèk yo, li di: «Gen konfyans: se mwen menm, pa pè».
Pyè menm pran lapawòl, li di: «Granmèt, si se ou, pase m’ lòd pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo».
Li di l’: «Vini».
Pyè desann sot nan batiman an, li mache sou dlo a, pou l’ al jwenn Jezi. Men lè l’ wè kijan van an fò, li pè; li kòmanse fonse, li rele, li di: «Granmèt, sove m’».
Menm lè a Jezi lonje men l’, li kenbe l’, li di l’: «Lafwa ou piti, pouki sa ou fè dout?» Lè yo monte nan batiman an, van an sispann.
Moun yo ki te nan batiman an, yo pwoche, yo adore l’, yo di: «Reyèlman vre, ou se Pitit Bondye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pafwa n’ap tann yon repons nan men Bondye, men lè li ba nou li, nou konn pa rekonèt li. Se paske n’ap tann yon gwo siy, ak anpil bwi, van, ak dife, men se ti bagay senp Granmèt la chwazi pou li montre nou prezans li ak jan l’ renmen nou.
Se sa nou wè nan premye moso Labib nou li jodi a, men nou wè l’ tou nan Pawòl Bondye ki te tounen moun, Jezikri. Depi l’ te yon ti bebe tou piti, Jezi te Pitit Bondye deja, li te gen tan ap pale nou de Papa li, menm avan l’ te ka pale ak bouch li. Lè l’ te fin granmoun, li te konn preche Bòn Nouvèl la ak parabòl, ti istwa senp kote l’ ba nou ekzanp ki sòti nan lavi nou, pou nou te ka konprann mesaj la pi byen. Bondye nou an se yon Bondye senp li ye. Li renmen sa ki senp, li renmen sa ki piti, ki pa sou ogèy.
Si n’ te ka gen plis konfyans nan Bondye sa a, nou ta gen plis konfyans nan nou menm tou. Nou ta ka rekonèt li toujou la avèk nou, l’ap montre nou jan l’ renmen nou chak jou nan yon bann ti detay li fè pou nou.
Si m’ envite Jezi antre nan bato lavi mwen, nenpòt kote m’ ale, mwen ap toujou byen asire. Depi Jezi avèk mwen, m’ pa bezwen pè anyen, menm lè lamè a move. Si m’ kwè nan Jezi, m’ ka reyalize tout rèv mwen yo, m’ ka menm fè sa ki ta sanble enposib, tankou mache sou dlo a.
LAPRIYÈ: An nou priye jodi a pou tout frè ak sè nou yo ki pran batiman pou yo al chache yon lavi miyò, pou Jezi akonpaye yo, pwoteje yo devan tout danje. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap kite Bondye itilize mwen pou sove frè ak sè mwen nan malè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario