Páginas

SAMDI 12

Koulè Vèt
DOMINIK KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Se pou ou renmen Granmèt ou a ak tout kè ou".
LEKTI LIV DETEWONÒM
6, 4-13
Moyiz pale ak pèp la, li di:
"Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye nou an se yon sèl Granmèt la. Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout fòs ou.
Pawòl sa yo m’ap di ou jodi a, se pou yo ret nan kè ou, se pou ou rakonte yo bay pitit ou yo, se pou ou kalkile sou yo, antan ou chita lakay ou, antan w’ap mache sou wout la, antan ou kouche, antan ou leve; se pou ou mare yo tankou yon siy nan men ou, se pou ou mete yo sou fwon ou, pou yo souke devan je ou, se pou ou ekri yo sou papòt ou ak nan fenèt lakay ou.
Lè Granmèt Bondye ou ap fè ou antre nan tè a, sa l’ te fè sèman bay zansèt ou yo, Abraam, Izaak ak Jakòb, lè l’ap ba ou bèl gran vil ou pa t’ bati; kay ki plen tout kalite richès, sa ou pa t’ bati; pui ou pa t’ fouye, jaden rezen ak pye oliv ou pa t’ plante; lè w’a manje, e vant ou ap plen: Fè atansyon anpil pou ou pa bliye Granmèt la, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la, nan kay esklavaj la.
Se pou ou respekte Granmèt Bondye ou la, se li menm sèl pou ou sèvi, se sou non l’ pou ou fè sèman".
SÒM REPONS
17, 2-3a. 3bc-4. 47 e 51 ab (r.: 2)
R/ Mwen renmen ou, Granmèt, ou menm ki fòs mwen.
Mwen renmen ou Granmèt, ou menm ki fòs mwen.
Granmèt, fondasyon m’ ak kachèt mwen, ou menm k’ap delivre m’.R.
Bondye mwen, sekou m’, se nan li m’ap espere, pwoteksyon m’, kòn delivrans mwen, li menm k’ap soutni m’.
M’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap sove m’ anba men lènmi m’ yo.R.
Viv Granmèt la, konpliman pou sila a k’ap pote m’ sekou a, lwanj pou Bondye delivrans mwen an, li fè wa l’ la ranpòte gran laviktwa, li fè kè l’ sansib pou Kris li a.R.
LEVANJIL
"Lè nou gen lafwa, anyen p’ap enposib pou nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 17, 14-20
Lè sa a:
Gen yon mesye ki pwoche kot Jezi, li plwaye jenou devan l’, li di: "Granmèt, pran pitye pou pitit mwen an, li gen epilepsi, li soufri anpil; anpil fwa li tonbe nan dife, souvan tou se nan dlo. Mwen prezante l’ bay disip ou yo, yo pa kapab geri li".
Jezi reponn, li di:
"Jenerasyon ki san lafwa, ki move, jouskilè m’ap ret avèk nou? jouskilè m’ap sipòte nou? Mennen l’ isit la ban mwen". Jezi menase l’, demon an sòti nan li; pitit la geri lè sa a menm.
Lè sa a atò disip yo pwoche kot Jezi an sekrè, yo di: "Pouki sa nou pa t’ kapab chase l’?"
Jezi di yo:
"Se paske nou pa gen lafwa. An verite mwen di nou, si nou gen lafwa tankou yon grenn seneve, n’ap di mòn sa a: "Travèse sot isit la al laba-a', l’ap travèse; anyen p’ap enposib pou nou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti a sitiye nou nan kontèks kontinyasyon pelerinaj pèp Bondye a sou wout peyi lespwa ak kè kontan, peyi Bondye pwomèt li a. Lekti sa a se yon envitasyon pou nou aprann koute; men sitou pou nou aprann koute Bondye.
Sou plan relasyon moun ak moun, nou plis gen tandans ekzije yo koute nou olye nou koute. Poutan yon vrè kominikasyon mande pou nou pale epi pou nou koute. Sou plan relasyon moun ak Bondye, nou gen menm tandans la tou, nou plis ta vle ekzije Bondye koute nou olye nou koute li.
Fason nou kominike ak Bondye, li diferan ak fason nou kominike ak lòt moun. Sèl fason nou ka kominike ak Bondye, se nan lapriyè. Jodi a, li enpòtan pou nou koute sa Bondye ap di nou, li pa pale nan zòrèy nou, men vwa li fè eko nan kè nou.
Misyon Moyiz te prèske bout sou tè a, poutan pèp Izrayèl la ki te gen pou lite, pou fè fas ak anpil difikilte, li te dwe kontinye wout li.
Moyiz di pèp la ‘‘koute Izrayel’’, kidonk li envite li prete anpil atansyon. Nan lang Ebre a mo ‘‘shema’’ (= koute)  gen anpil enpòtans: koute, se pa sèlman tande ak zorèy ou, men se kite sa w’ tande a fè enpak, pou rive reflechi epi pran yon pozisyon oubyen yon desizyon.
Koute Izrayèl, Granmèt Bondye nou an se yon sèl Granmèt la. «Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout fòs ou». Moyiz envite pèp la sonje tout mèvèy Bondye te fè lè li te fè li sòti nan peyi Legip, se Granmèt la ki ba l’ kote pou l’abite.
Levanjil la rakonte nou Jezi geri yon moun (san dout yon jèn gason) ki t’ap soufri ak yon epilepsi, e se ak konkou lapriyè papa li Jezi fè li favè sa a. Disip yo mande l’ poukisa yo menm yo pa t’ kapab fè gerizon sa; Granmèt la di yo se paske yo pa gen lafwa. Lafwa fè gwo mirak, se fondman lavi kretyen an. Se lafwa ki ba nou lespwa ke bagay yo pral chanje, se lafwa ki fè nou wè tout bagay pozitif. Se lafwa k’ap fè nou pa pèdi fòs ak kouraj.
Chak fwa nou lapriyè se pou n’ mande Bondye ogmante lafwa nou.
LAPRIYE: Granmèt, aprann mwen koute pawòl ou epi mete li an pratik, ogmante lafwa m’ pou m’ ka kenbe sou wout la.

PWOPOZISYON: M’ap aprann fè diferans ant tande ak koute. M’ap aprann koute pawòl Bondye a pou lavi m’ chanje.

No hay comentarios:

Publicar un comentario