Páginas

VANDREDI 11

Koulè Blan
KLÈ KI SEN, Vyèj
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Li renmen zansèt ou yo, li chwazi ras yo apre yo”.
NAN LIV DETEWONÒM
4, 32-40
Moyiz pale ak pèp la, li di:
“Mande jou lontan yo, ki te anvan ou yo, depi jou Bondye te kreye moun nan sou tè a, sot nan yon bout syèl la rive jous nan lòt bout la, mande yo si yon bagay konsa te janm fèt, oubyen si yo janm konnen yon bagay konsa, pou yon pèp tande vwa Bondye k’ap pale nan mitan dife, jan ou tande a, epi ou ret vivan; mande yo si Bondye te fè yon ras sòti nan pami nasyon yo pou l’ pran l’ pou li, antan l’ eseye l’, antan l’ fè mèvèy, pwodij, batay, ak ponyèt li, ak men l’ ki gen fòs, ak bra l’ ki lonje, ak vizyon ki terib, daprè tout sa Granmèt Bondye nou fè pou nou nan Lejip la, sa ou wè ak je ou; mande, pou ou kapab konnen Granmèt la se li menm ki Bondye, pa gen lòt si se pa li.
Antan l’ nan syèl la, li fè ou tande vwa l’, pou l’ ba ou leson; sou tè a, li fè ou wè gran dife l’ la; ou tande pawòl li nan mitan dife a paske li te renmen zansèt ou yo, li te chwazi ras yo aprè yo. Li fè ou sòti nan Lejip, antan l’ mache devan ou ak gran fòs li, pou l’ detwi gran nasyon yo ki pi fò pase w’ yo, lè w’ap antre a; pou l’ fè ou antre; pou l’ ba ou peyi yo kòm eritaj, jan ou wè jodi a.
Se pou n’ aprann sa jodi a, se pou ou reflechi sou sa nan kè ou, se Granmèt la li menm ki Bondye nan syèl la anlè a ak sou tè a anba a, pa gen lòt. Kenbe lòd yo ak kòmandman yo, sa m’ pase w’ jodi a, pou sa kapab bon pou ou ak pou pitit ou aprè ou, pou ou rete anpil tan sou tè a, sa Granmèt Bondye w’ la ap ba ou a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
76, 12-13, 14-15. 16 e 21
R/ M’ap sonje travay Granmèt yo.
M’ap sonje travay Granmèt yo; m’ap sonje mèvèy ou fè depi nan kòmansman yo. M’ap kalkile sou tout travay ou yo, m’ap reflechi sou aksyon ekstrawòdinè ou yo.R.
Bondye, chemen w’ nan sen: kilès dye ki gran tankou Bondye nou an? Ou se Bondye ki fè mèvèy, ou fè konnen pouvwa ou nan pèp yo.R.
Ou delivre pèp ou a ak fòs bra ou, pitit Jakòb ak Jozèf yo. Ou kondui pèp ou a tankou mouton, nan men Moyiz avèk Aawon.R.
LEVANJIL
“Kisa yon moun kapab bay pou peye lavi l’?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
16, 24-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si yon moun vle vin aprè m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle sove lavi l’, l’ap pèdi l’; moun ki vle pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn li. Sa sa ap sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, men li peye sa ak lavi l’?
Oubyen ki sa yon moun kapab bay pou l’ peye lavi l’?
Pitit moun nan gen pou l’ vini nan bèlte Papa l’ avèk Mesaje l’ yo, lè sa a l’ap renmèt chak moun daprè travay li. An verite mwen di nou, gen moun ki kanpe isit la, ki p’ap goute lanmò, jous yo wè Pitit moun nan k’ap vin nan rèy li a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Kisa yon moun kapab bay pou peye lavi l’?”
Aprè Pyè te fin dekouvri vrè idantite Jezi kòm Mesi a, Jezi antre nan kominikasyon ak disip yo. Antan li sou wout la li  pral Jerizalèm, li ba yo lansèyman, li pran eksplike yo ki konsekans sa genyen lè yon moun di li se disip li, sa mande pou moun nan renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’. Li fè disip li yo reflechi sou sans 2 mo sa yo byen: «genyen» ou «pèdi» lavi.
Sans lavi a, se youn nan bagay ke chak moun ap chèche dekouvri: poukisa lavi a, ak kisa lavi ap abouti? Nou menm kòm moun, nou gen tandans rejte soufrans, difikilte.
Poutan, Jezi li menm, li vle nou wè lavi yon lòt fason: nan fason nou bay tèt nou pou lòt yo, e menm nan pi gwo difikilte nou rankontre, nou kapab jwenn sans lavi a.
Lavi a, prezante tankou yon chemen kote mwen dwe pran desizyon trè enpòtan.
Abraham Lincoln di nou: «Finalman, sa ki enpòtan se pa kantite ane nou fè ap viv, men se lavi nou bay ane nou viv yo». Avèk yon kè ki senp se pou nou fè sa Bondye mande nou ak kè kontan, antan n’ap chèchè bay lavi nou yon sans nan Jezi, li menm ki te aksepte bay lavi l’ pou l’ sove nou.



LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki te kondui Klè ki sen ak mizerikòd ou nan renmen kondisyon pòv, tanpri, gras a priyè l’ fè nou favè pou, antan nou suiv Jezikri nan kondisyon pòv Espri a bay la, nou merite rive kontanple ou nan peyi wa syèl la. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: M’ap branche lavi m’ sou Bondye nan fason m’ap viv relasyon m’ ak pwoche mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario