Koulè Wouj
LORAN KI
SEN, Dyak e Mati (Fèt)
PREMYE LEKTI
“Bondye
renmen moun ki bay ak kè kontan”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
KORENTYEN YO 9, 6-10
Frè m’ yo:
Moun ki simen chich, li rekòlte
chich tou; men moun ki louvri bra l’ pou l’ simen, li louvri bra l’ pou
rekòlte. Chak moun, daprè sa l’ te deside nan kè
l’, san se pa nan chagren ni nan fòse; sèke Bondye renmen moun ki bay ak kè
kontan. Bondye gen pouvwa pou l’ fè nou vin gen anpil gras, pou nou gen tout sa
nou bezwen tout tan, pou nou kapab debòde nan tout kalite bon aksyon, daprè sa
k’ ekri a: “Li separe, li bay pòv yo, jistis li dire pou tout tan gen tan”.
Sa a k’ap bay semans pou moun k’ap
simen an, k’ap bay pen pou moun manje a, se li menm k’ap fè semans nou an vin
anpil, k’ap fè plant jistis nou yo grandi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
111, 1-2. 5-6. 7-8.9
R/ Ala
kontantman pou moun ki pran pitye, ki prete.
Ala kontantman pou moun ki krenn
Granmèt la, ki met anvi l’anpil nan kòmandman l’ yo.
Ras li ap gen pouvwa sou tè a,
jenerasyon moun ki dwat yo ap beni.R.
Se kontantman pou moun ki pran
pitye, ki prete, ki regle zafè l’ nan jijman, paske li p’ap tranble. Moun kòrèk
la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
Li p’ap pè move nouvèl. Kè l’
pare, li espere nan Granmèt la. Kè l’ asire, li p’ap pè, joustan li meprize
lènmi l’ yo.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistan
li dire pou tout tan gen tan, kòn li ap leve nan glwa.R.
LEVANJIL
“Si yon
moun ap sèvi m’, Papa m’ ap fè l’ jwenn konsiderasyon”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
12, 24-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Amèn, amèn mwen di nou: si
grenn ble a ki tonbe nan tè a pa mouri, l’ap ret pou kont li; men si l’ mouri,
l’ap donnen anpil fwi. Moun ki renmen lavi l’ l’ap pèdi l’, men moun ki rayi
lavi l’ sou tè sa a, l’ap konsève l’ pou lavi tout tan an.
Si yon moun ap sèvi m’, se pou
l’ suiv mwen; epi kote m’ ye a, se la sèvitè m’ nan ap ye tou. Si yon moun ap
sèvi m’, Papa m’ ap fè l’ jwenn konsiderasyon.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap fete youn nan zanmi
Bondye yo, ki se Sen Loran. Chak fwa n’ap fete yon sen, li toujou enteresan pou
nou fè yon ti repase istwa li, pou nou wè ki kalite moun sa a te genyen ki fè
Legliz la prezante nou li kòm yon modèl. Fete yon
sen, se fete renmen, paske premye bagay ki fè yon moun vin sen, se renmen an,
renmen pou Bondye ak renmen pou pwochen an. Se
renmen sa ki te pran Loran nan zantray ki fè li pa t’ pè bay lavi li pou Jezikri
ke li te kontanple nan pòv yo, sila yo ki pi fèb nan sosyete a.
Ann fè yon ti koudèy sou istwa
Loran epi n’ap rive konprann poukisa li sen:
Istwa fè nou konnen ke Loran te
fèt vè 210 ou 220 nan peyi Espay, kote wa Aragon t’ap kòmande. Paran li yo te voye
li nan yon vil yo rele Saragòs pou li te kapab konplete etid li e se la li te
fè konesans sila ki t’a pral vin pap, Sixte II, ki te fèt nan peyi Lagrès e ki
te yon gran pwofesè. Kòm nèg ki te byen edike, ki te entelijan e ki te respekte
moun, yon jou yo te mete Loran kòm chèf sou lòt dyak yo, nan Legliz Wòm nan. Se
nan vil sa ke li ta pral bay temwayaj levanjil la, jiskaske li te rive bay san
li, menm jan ak mèt li a ki te vin pap la, Sixte II.
Lè pap Sixte II te monte sou
chèz Sen Pyè a, touswit li te rele Loran ki te bon zanmi li ak ansyen elèv li
pou li te ba li jere tout lajan Legliz Wòm nan. Nan epòk sa a, gwo chèf yo te
rele Valeryen an te pase lòd pou yo te pèsekite tout moun ki te oze di yo se
patizan Jezikri. Se konsa pap la te tonbe anba men malveyan yo, yo touye li.
Avan pap la te mouri, li te pase
Loran lòd pou li separe tout kòb la bay pòv yo. Lè yo fin touye li, yo vin
mande Loran kont sou lajan li t’ap jere yo. Men Loran te refize ba yo li, li te
distribiye lajan bay pòv yo. Lajan sa a, wa ki t’ap gouvènen an te bezwen li
pou li te bay sòlda li yo manje ak pou li te achte rad ak zam pou yo.
Kòm malfèktè yo pa t’ rive jwenn
kòb la, yo te deside touye Loran. Se konsa yo te boukannen li sou yon gri menm
jan nou konn wè yo boukannen yon poul. Loran te obeyi. Yo touye li e li mouri
mati avèk anpil kouraj. Se te yon kretyen tout bon, se te yon gason vanyan! Se
kalite nèg sa ke Legliz la prezante nou kòm modèl lafwa, esperans ak charite
jodi a, yon nèg ki te fè yon opsyon preferansyèl pou pòv yo e ki mouri poutèt
non Jezikri.
Zanmi mwen, swiv Jezi se pa yon
bagay ki fasil non! Fèt sa a, se sa l’ap fè nou sonje tou. Swiv Jezi, se
aksepte desespyon, se aksepte fè fas ak pèsekisyon, se aksepte mouri mati. Jezi
te aksepte tout bagay sa yo. E nou menm tou, nou dwe pare pou nou fè fas ak yo,
paske Levanjil Jan ap di nou: “si grenn
ble a ki tonbe nan tè a pa mouri, l’ap ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap
donnen anpil fwi” (Jan 12,24).
Jezi di nou ankò, si yon moun ap
sèvi li, se pou li swiv li. Epi li fè konnen nenpòt moun ki sèvi li epi ki swiv
li, l’ap jwenn konsiderasyon nan men Papa li. Sa se yon bèl pwomès ki te
reyalize pou Sen Loran.
Nou menm tou, ann chèche viv pou
Bondye pou nou kapab merite jwenn konsiderasyon nan men li menm jan ak tout sen
yo, espesyalman Sen Loran ki te montre anpil atansyon pou pòv yo, e li mouri
mati poutèt kalite chwa sa ke li te fè a. Bondye kouwone li, li ba li yon plas
espesyal nan syèl la.
LAPRIYÈ: Bondye,
se nan chalè charite w’ la Loran ki sen te fè wè valè l’ antan l’ fidèl nan
sèvis la, epi antan li jwenn glwa nan mati a, tanpri, fè nou renmen sa l’ te
renmen, epi sa l’ te anseye a, fè nou reyalize l’ nan sa n’ap fè. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Pataje:
se pa fòseman lajan, ou ka ofri li yon plat manje, oubyen yon rad, oubyen
nenpòt bagay ki ka fè kè yon moun kontan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario