Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Yo pa
gen dwa janm jwenn peyi yo anvi a”.
NAN LIV NONB
13, 2-3a. 26-14, 1. 26-30. 34-35
Jou sa a yo:
Granmèt la pale ak Moyiz nan
dezè Faran an, li di: “Voye gason, pou yo ekzamine peyi Kanaan an, sa m’ap bay
pitit Izrayèl yo; w’a pran youn nan chak ras, w’a pran nan chèf yo”.
Moun yo ki te ale ekzamine peyi
a, yo tounen aprè karant jou, lè yo fin fè tout tou zòn nan, yo rive kot Moyiz
avèk Aawon. Avèk tout reyinyon pitit Izrayèl yo, nan pale avèk yo epi avèk tout
foul la, yo montre fwi tè a, yo bay nouvèl, yo di:
“Nou t’ale nan peyi a, kote ou
te voye nou an, kote lèt ak myèl koule tout bon vre; nou kapab rekonèt sa nan
fwi sa yo. Men li gen gadyen ki fò anpil, li gen gran vil, ak miray. Nou wè
desandans Enak ladan l’; Amalèk abite nan mitan l’; Itit la ak Jebizeyen an ak
Amoreyen an nan mòn yo; Kananeyen an menm rete bò lanmè avèk bò larivyè Jouden
an”.
Kalib kalme pèp la ki t’ap
babye, ki t’ap leve kont Moyiz, li di: “An nou monte, pou nou posede tè a,
paske nou kapab pran li”. Men lòt ki te avèk li yo, yo t’ap di: “Nou p’ap janm
reyisi monte kot pèp sa a, paske li pi fò pase nou”.
Yo pale peyi a mal devan pitit
Izrayèl yo, peyi sa a yo t’al ekzamine a, yo di: “Peyi a nou sot ekzamine a, li
devore moun ki abite ladan l’ yo; pèp la nou wè a, yo wo anpil. Laba a, nou te
wè mons ki sot nan pitit Enak yo, nan ras jèn yo; devan yo, nou te tankou
krikèt”. Tout pèp la rele, yo kriye nan nuit sa a. Granmèt la pale ak Moyiz ak
Aawon, li di: “Jouskilè foul moun pa bon sa yo ap babye kont mwen? Mwen tande
repwòch pitit Izrayèl yo. Di yo: “Sou lavi m’, deklarasyon Granmèt la, jan nou
pale a, daprè sa m’ tande a, se konsa m’ap aji avèk nou. Nan dezè sa a kadav
nou ap tonbe. Nou tout, ki gen ventan ak plis laj, nou menm ki babye kont mwen
an, nou p’ap antre nan peyi a, sa m’ te fè sèman mwen t’ap fè nou abite ladan
l’ nan, sof Kalèb, Pitit Yefone ak Jozye, pitit Noun. Daprè kantite karant jou
yo, sa nou te pran pou nou ekzamine peyi a, n’ap konte yon ane pou chak jou.
Pandan karantan, n’ap peye konsekans peche nou yo, n’ap konnen vanjans mwen an:
jan m’ pale a, se konsa m’ap aji avèk foul sa a ki move vre, ki leve kont mwen
an: nan dezè sa a l’ap tonbe, l’ap mouri”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 105, 6-7a. 13-14. 21-22. 23
R/Sonje nou, Granmèt, nan bon kè
ou genyen pou pèp ou a.
Nou fè peche avèk zansèt nou yo,
nou aji yon jan ki pa korèk, nou fè fot. Zansèt nou yo nan Lejip la, yo pa t’
konprann mèvèy ou yo.R.
Yo fè vit, yo bliye aksyon l’
yo, yo pa konte sou desizyon l’ nan, yo mete lide yo sou anvi yo te genyen nan
savann nan, yo eseye Bondye nan tè sèk la.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a,
li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan,
pwodij nan lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’
Moyiz, sila a li te chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la devan
fas li, pou l’ vire kòlè l’, pou l’ pa fè yo peri.R.
LEVANJIL
“Lafwa
ou gran, madanm”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
15, 21-28
Lè sa a:
Jezi pati, l’ale nan rejyon Tir
ak Sidon. Yon madanm Kanaan sòti nan rejyon sa yo, li rele byen fò, li di l’:
“Pitye pou mwen, Granmèt, pitit
David, pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete l’ anpil”. Li pa reponn li
yon mo.
Disip li yo pwoche kote l’, yo
lapriyè l’, yo di: “Ranvwaye l’ paske l’ap rele apre nou”.
Li menm, li reponn, li di:
“Yo voye m’ sèlman kot mouton k’ap peri yo, nan kay
Izrayèl la”.
Li menm li rive, li adore l’, li
di: “Granmèt, ede m’”.
Li reponn, li di: “Sa pa bon pou
pran pen ti moun yo, pou jete l’ bay chyen”.
Li menm li di: “Oui, Granmèt; men
ti chyen yo manje nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo”.
Lè sa a atò Jezi reponn, li di:
“Madanm, lafwa ou gran, se pou sa rive pou ou jan ou vle a”. Pitit fi l’ la
geri menm lè sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Premye lekti a ap raple nou
Granmèt la fidèl. Fidelite li a san limit. Malgre nou menm nou enfidèl, li menm li toujou
fidèl paske non li se Bondye. Pèp Izrayèl te fè anpil eksperyans mizerikòd
Bondye, li te wè kijan li te fè gwo mèvèy pou li, kijan li te delivre li sòti
anba esklavaj, men sa pa t’ anpeche li babye kont Granmèt la.
Nou menm tou, frè ak sè m’ yo,
gen anpil fwa nou konn bliye sa Bondye fè pou nou, pa ekzanp nou konn bliye nou
te malad e li te geri nou; nou konn bliye nou te grangou e li te ba nou manje;
nou konn bliye nou te nikò e li te abiye nou; nou konn bliye nou t’ap dòmi nan
lari e li te ba nou yon kay pou nou rete, nou konn bliye anpil mirak Yave te
opere nan lavi nou. Lè nou bliye konsa, sa vle di nou engra.
Konbyen fwa tou nou bliye
sakrifis yon moun te fè, pou ede nou sòti nan yon sitiyasyon difisil, moun sa a
petèt se yon paran oubyen yon zanmi, yon moun Bondye te itilize pou li kapab
libere nou.
Frè mwen, sè mwen, li enpòtan
pou nou konte sou Bondye, li enpòtan pou nou konswi lavi nou sou Bondye, paske
si se pa sa nou kapab echwe nan tout sa n’ap fè. Si n’ap chèche suiv lide pa
nou, si nou pa chèche konnen volonte Bondye nan lavi nou, nou se moun ki deja
pèdi batay, paske anpil fwa lide pa nou yo se nan twou pèdisyon yo lage nou,
paske se lide ki fèmen nou nan ti sèk pa nou, ti sèk egoyis nou ki pa pèmèt nou
wè ni tande lòt yo, ki pa pèmèt nou wè limyè Granmèt la.
Sòm 105 la ap ede nou konprann
sa trè byen: «Yo fè vit, yo bliye aksyon
l’ yo, yo pa konte sou desizyon l’ nan, yo mete lide yo sou anvi yo te genyen
nan savann nan, yo eseye Bondye nan tè sèk la». Men lè yo pran konsyans de
peche yo, yo mande Granmèt la pran pitye pou yo, paske yo konnen li se yon
Bondye ki gen kè sansib.
Nan Levajil la, se kalite kè
sansib sa Jezi manifeste pou madanm sa a, ki te gen yon denmon ki t’ap toumante
li; sa ki enteresan nan Levanjil sa a, sèke Jezi di: «Yo voye m’ sèlman kot mouton k’ap peri yo, nan kay Izrayèl la».
Jezi vini pou li kapab pote
lespwa, pou li kapab pote lavi, gerizon, lapè ak trankilite. Madanm nan te
esklav move lespri, men Jezi libere li akòz lafwa li te genyen. Avèk lafwa,
tout bagay posib. Menm si nou wè n’ap soufri, nou pa dwe kite lanp lafwa nou
tenyen, paske Bondye fidèl, li p’ap chanje; sa li ye a, se sa l’ap rete pou
toutan.
LAPRIYÈ: Granmèt,
anpil fwa mwen konn bliye mèvèy ou fè nan lavi mwen. Jodi a
m’ap mande ou padon pou tout engratitid mwen yo. Tanpri lave mwen, ban mwen yon
kè ak yon lespri tou nèf.
PWOPOZISYON: Pa kite
difikilte lavi a fè ou eseye Bondye ou. Pa kite anyen fè ou pèdi trezò lafwa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario