Koulè Blan
JAN-MARI VYANE KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE
LEKTI
"Moyiz pa tankou nenpòt ki
lòt pwofèt; pouki sa nou pa pè pale l’ mal?"
LEKTI LIV NONB 12, 1-13
Jou sa yo:
Mari avèk Aawon pale kont Moyiz
poutèt madanm Etyopi a li te genyen an, Yo di: "Èske se pa lantremiz Moyiz
sèl, Granmèt la pale? Èske li pa pale pa lantremiz nou tou?"
Lè Granmèt la tande sa, (sèke
Moyiz se te yon moun ki te dou anpil, pi plis pase tout moun ki abite sou tè
a), menm lè a li pale avèk li, ni avèk Aawon epi avèk Mari:
"Sòti nou twa-a sèlman, al
nan joupa kontra-a".
Lè yo pati, Granmèt la desann
nan kòlòn nyaj la, li kanpe nan papòt joupa a, li rele Aawon avèk Mari. Lè yo antre, li di yo: "Koute pawòl mwen yo.
Si gen yon pwofèt Granmèt la nan pami nou, se nan vizyon m’ap parèt devan l’,
se nan rèv m’ap pale avèk li. Men se pa konsa pou Moyiz, sèvitè m’ nan, li menm
ki fidèl anpil nan tout kay mwen an, se bouch a bouch mwen pale avèk li, se
aklè, se pa nan parabòl, epi li wè figi Granmèt la.
Poukisa nou pa pè pale mal sou
Moyiz, sèvitè m’ nan?" Li fache kont yo, li pati, nyaj la ki te sou joupa
a pati tou; Mari parèt, blan tankou lanèj, li kouvri ak lalèp.
Lè Aawon gade l’, li wè kijan l’
vlope ak lalèp; li di Moyiz:
"Tanpri, Mèt mwen, pa mete
peche sa a sou do nou, sa nou fè avèk foli a, pou pitit sa a pa tankou yon moun
mouri, ak tankou yon ti pitit yo jete, ki tonbe sot nan vant manman l’: Gade
kijan mwatye chè l’ devore ak lalèp". Moyiz rele kot Granmèt la, li di:
"Bondye, tanpri, geri l’".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
50, 3-4. 5-6. 12-13 (r.: 32)
R/ Pitye Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye daprè kè sansib ou;
daprè kantite bon kè ou, efase fòt mwen an.
Lave m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’
sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an se mwen menm ki konnen
l’, peche m’ nan devan m’ tout tan.
Kont ou, kont ou sèl, mwen fè peche, sa k’
mal devan ou, mwen fè l’, se pou yo jwenn ou kòrèk nan desizyon ou, dwat nan
jijman ou.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè
yon lespri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, lespri sen ou nan,
pa wete l’ nan mwen.R.
LEVANJIL
"Pase m’ lòd pou m’ vin
jwenn ou sou dlo yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE
14, 22-36
Lè foul la fin manje kont li,
menm lè a Jezi fòse disip yo pou yo monte nan batiman an pou yo pran devan l’
lòt bò lanmè, joustan li fin ranvwaye foul yo. Lè l’ fin ranvwaye foul la, li
monte sou mòn nan pou l’ lapriyè pou kont li. Lè aswè rive, li te pou kont li
la a. Batiman an menm te nan mitan lanmè, lanm yo t’ap souke l’: sèke van yo
t’ap vin nan sans kontrè.
Vè twazè nannuit Jezi vin kote
yo, antan l’ap mache anwo lanmè a. Disip yo wè l’ap mache sou lanmè a, yo
twouble; yo di: "Se yon zonbi", yo pran rele poutèt yo pè.
Tousuit Jezi pale avèk yo, li
di: "Pran tèt nou, se mwen menm, pa pè". Pyè menm reponn, li di:
"Granmèt, si se ou menm, pase m’ lòd pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo".
Jezi di l’: "Vini".
Pyè desann sot nan batimán an,
li mache sou dlo a, pou l’ al jwenn Jezi. Men lè l’ wè kijan van an fò, li pè;
li kòmanse fonse, li rele, li di: "Granmèt, sove m’".
Menm lè a Jezi lonje men l’, li
kenbe l’, li di l’: "Lafwa ou piti, pouki sa ou fè dout?"
Lè yo monte nan batimán an, van
an sispann. Moun yo ki te nan batiman an, yo pwoche, yo adore l’, yo di:
"An verite, ou se Pitit Bondye".
Yo travèse lòt bò lanmè a, yo
rive nan peyi Jenezarèt. Moun peyi a rekonèt li; yo voye avèti tout rejyon an,
yo mennen tout malad yo ba li; yo lapriyè l’ pou l’ kite yo touche omwen fil
rad li. Tout moun ki te touche l’, yo te sove.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, nou nou pa wè Jezi k’ap dòmi nan
yon kannòt k’ap koule, ni nou pa wè l’ap kalme tanpèt ak pawòl li, pou lakòz
admirasyon disip li yo (Mat 8, 22-23). Men nou wè pito Jezi gen yon atitid ki
trè diferan.
Jezi te oblije disip li yo monte
nan kannòt la pou yo te ale lòtbò lanmè a. Li te pati kite tout moun, aprè li
te fin bay foul la manje epi li te rete pou kont li sou tèt mòn nan, kote li
t’ap lapriyè (Mt 14,22-23). Si Mèt la pa la, disip yo avanse
ak plis difikilte. Lè Jezi t’ap mache sou lanmè a pou li te pwoche pi pre
kannòt la disip yo te pè, yo t’ap tranble lè yo wè li: kòm yo pa t’abitye wè
moun ap mache sou dlo, yo te panse se yon zonbi ki t’ap avanse sou yo.
Men yo te mal panse: se pa t’
yon ilizyon, men se te Granmèt la menm, ki te envite yo pou yo gen konfyans,
tankou li te fè sa nan kèk okazyon deja. Jodi a, nou menm tou, Jezi ap envite
nou gen konfyans nan dout nou yo, lè nou santi nou pèdi pye nan lanmè pwoblèm lavi
a. Jezi di nou nou pa bezwen pè, paske depi li la, nou p’ap koule, tout bagay
posib. Se pou nou gen lafwa.
Pyè di Jezi:«Granmèt, si se ou menm tout bon vre, pase m’
lòd pou m’ vin jwenn ou sou dlo a»(Mt 14,28). Nan sans sa Pyè montre kisa
lafwa a vle di, se obeyi pawòl Kris la: li pa di Jezi pou li fè li kapab mache
sou dlo a, men li te vle fè sa Granmèt la mande li pou li te ka kwè nan verite
pawòl Mèt la.
Akoz li te doute, li pèdi pye,
li bite nan lafwa li a ki te tou wòwòt la, men dout li a te pèmèt lòt disip yo
kwè, lafwa yo te vin pi solid:«Vrèman ou
se Pitit Bondye» (Mt 14,33).
Sen Ambwaz di nou: Ti gwoup sila
yo ki te deja apot la, men ki pa t’ toujou gen flanm lafwa yo limen, lè yo te
wè mouvman dlo yo anba pye Granmèt la ki pa t’ pèdi pye, yo te kwè Jezi se
Pitit Bondye a tout bon vre, e yo te rekonèt li’’.
LAPRIYÈ: Jezi,
menm si lafwa mwen piti, tanpri pa kite
m’ doute sou prezans ou ki pa janm manke mwen’’.
PWOPOZISYON: M’ap dekouvri
nan lavi m’ kisa ki fè m’ pèdi pye, ki fè mwen poko kapab rive kote Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario