Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Mwen pa
kapab pote pèp sa a pou kont mwen”.
NAN LIV NONB 11, 4b-15
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl yo di: “Kilès k’ap
ba nou vyann pou nou manje? Nou sonje pwason nou te konn ap manje gratis nan
Lejip; nan lespri nou nou sonje konkonb yo ak melon yo, pwawo yo ak zonyon yo
ak lay yo. Gòj nou vin sèk, nou pa wè anyen nan je nou pase lamán”.
Lamán nan te tankou yon ti grenn
lanni, koulè jòn. Pèp la te konn gaye, yo te konn ranmase l’, yo te konn kraze
l’ nan moulen, oubyen yo te konn pile l’ nan pilon, yo te konn kuit li nan
mamit, yo te konn fè kasav avèk li; li te gen gou pen ki kuit nan luil. Lè
lawouze te konn desann lannuit nan kote joupa yo te konn drese yo, lamán nan
tou te konn desann.
Konsa Moyiz tande pèp la k’ap kriye, nan
chak fanmiy, chak moun nan papòt joupa l’. Kòlè Granmèt la chofe anpil. Moyiz
tou te konsidere bagay la kòm ensipòtab, li di Granmèt la:
“Pouki sa w’ap fè sèvitè w’ la
pase mati a? Poukisa mwen pa jwenn favè devan ou? Pouki sa
ou mete chaj tout pèp sa a sou mwen an? Èske se mwen menm ki te ansent tout
foul sa a, oubyen ki te ba l’ nesans, pou ou fè di m’: “Pote yo nan vant ou,
tankou yon nouris konn pote yon ti pitit, epi pote yo nan peyi a, sa m’ te fè
zansèt yo sèman pou li a?” Kote m’ap jwenn vyann pou m’ bay tout foul sa a?
Y’ap kriye kont mwen, y’ap di: “Ban nou vyann pou nou manje”. Mwen pa kapab
pote tout pèp sa a pou kont mwen, paske li lou anpil. Otreman si se yon lòt
fason ou kalkile sa, mwen lapriyè ou pou ou touye m’, fè m’ jwenn favè nan je
ou, pou m’ pa sibi tout kalite gran malè sa yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
80, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Fete pou
Bondye, li menm ki pote nou sekou.
Pèp mwen an pa koute vwa m’,
Izrayèl pa fè atansyon sou mwen.
Mwen lage yo daprè kè yo ki rèd
la, y’ap mache nan lide yo.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si
Izrayèl te mache nan wout mwen yo, yon ti moman mwen ta kraze lènmi l’ yo, mwen
ta lonje men m’ sou sila yo k’ap fè l’ pase tray yo.R.
Lènmi Granmèt yo ta flate l’, sò
yo ta regle pou tout tan;
mwen ta fè yo manje nan ble ki
gra, mwen ta pase swaf yo nan myèl ki sot nan wòch.R.
LEVANJIL
“Li gade
nan syèl la, li beni pen yo, li bay disip yo, disip yo menm bay foul yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN 14, 13-21
Lè sa a:
Lè Jezi tande lanmò Jan-Batis,
li pati sot la nan batiman, l’al yon kote nan savann ki pou kont li; lè foul yo
tande sa, yo suiv li a pye sot nan lavil yo. Lè l’ sÒti, li wè yon pakèt foul;
li pran pitye pou yo, li geri malad yo.
Lè aswè rive, disip li yo pwoche
kote l’, yo di: “Kote a se yon savann, lè a deja ta; ranvwaye foul yo, pou y’al
nan bouk yo, pou yo achte manje”. Jezi menm di yo: “Yo pa bezwen ale; ba yo
manje nou menm”.
Yo reponn li: “Nou pa gen anyen
isit la sof senk pen ak de pwason”. Li di yo: “Pote yo ban mwen isit la”. Li
pase foul la lòd pou l’ kouche sou zèb la, li pran senk pen yo ak de pwason yo,
li leve je l’ nan syèl la, li beni pen yo, li kase yo, li bay disip yo, disip
yo menm bay foul yo. Tout moun manje, vant plen. Yo ranmase rès yo, douz panye
plen moso. Kantite moun yo menm ki te manje yo, se te senk mil gason, san konte
fi ak ti moun.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:Pèp Izrayèl
la, ki te manifeste enkyetid li bay Moyiz ki t’ap akonpaye li sòti nan tè
esklavaj la pou ale nan tè pwomès la.
Sa konn rive, pandan nou sou wout
ak Granmèt la, nou fè fas ak yon difikilte epi nou dekouraje, nou santi nou pa
byen asire oubyen nou santi pa gen anyen ki chanje. Nou konn rive tounen nan
vye woutin nou yo, kote nou santi nou pi alèz, paske nou gen tandans atache ak
bagay k’ap pase yo; nou konn bliye pouvwa Granmèt la, epi nou bliye si se li
menm ki fè tout bagay, li gen pouvwa sou tout bagay. Kote
feblès nou ye, se la puisans Bondye pi fò.
Ebyen nan premye lekti a, nou wè
pèp la te pran babye, li te fache sou Moyiz, e li te kòmanse fè li repwòch ak
pawòl sa yo: Kilès k’ap ba nou vyann pou nou manje? Nou sonje pwason nou te
konn ap manje gratis nan Lejip; nan lespri nou nou sonje konkonb yo ak melon
yo, pwawo yo ak zonyon yo ak lay yo. Gòj nou vin sèk, nou pa wè anyen nan je
nou pase lamán”.
Pèp la t’ap viv nan yon angwas
akoz li pa t’ rive satisfè ak lamán nan Bondye te ba yo pou yo te kapab manje sou
wout la ki te long anpil la lè yo t'ap sòti Lejip pou rive Kanaan. Nou kapab
imajine ki kalite solèy yo t’ap sipòte, ki swaf yo te genyen, epi ki enèji sa
te mande pou yo te rive travèse dezè a. Yo te santi ti lamán nan pa t’ kapab fè
anyen pou yo e yo te kòmanse rele anmwe! Moyiz te santi li te antrave ak pèp la
paske li t’ap plenyen nan pye li tankou timoun ki bezwen manman li ba li tete;
Moyiz te rele Bondye pou pote li sekou. Moyiz se yon bon medyatè, yon gwo lidè
ki te ranpli wòl li trè byen.
Bondye pa manke fè entèvansyon
nan lavi pitit li yo: se sa n’ap dekouvri nan chapit katòz Levanjil Matye a
jodi a. “… li wè yon pakèt foul; li pran pitye pou yo, li geri malad yo.”
Kidonk, youn nan bagay pou nou aprann jodi a, sèke Bondye se yon Bondye kè
sansib, yon Bondye mizerikòd, yon Bondye konpasyon, yon Bondye ki panche kè li
sou mizè nou menm lèzòm.
Anpil fwa, menm jan ak foul moun
yo, nou konn fè deplasman pou nou al chèche liberasyon; nou konn ale nan jèn,
nan priyè karismatik, nou chèche mizerikòd Bondye a tout kote nou konnen nou
kapab rive jwenn li. E Bondye pa janm refize nou sa nou mande li ak lafwa.
Konsa tou, mizerikòd ak kè
sansib Bondye a konn manifeste pou nou tou yon fason nou pa t’ men atann. Gen moman
nan lavi ou, ou konn santi kè ou kontan anpil, ou konn santi ou plen ak lagras
Bondye. Lè sa a, ou konn anvi chante menm jan ak Salmis la: “Fete pou Bondye, li menm ki pote nou sekou.”
Bondye vizite nou atravè Pitit li
a, Jezikri e li vini pou kase tout vye chenn lamizè ki antrave nou, ki fè nou
pa kapab devlope, nou pa kapab grandi kòm pitit li. Ak dife puisans li, li
disparèt tout maladi, li miltipliye ti sa nou genyen e li fè nou viv nan
abondans. Sa nou te kwè ki te twò piti pou nou viv la, Granmèt la fè li vin
anpil e li voye nou al pataje li ak lòt, li voye nou pran swen sila yo ki fèb
yo e ki konte sou konpasyon li ak mizerikòd li. Granmèt la laj, li bay san
mezi. Konsa, tankou disip misyonè, nou
gen pou nou al jwenn lòt yo epi pote renmen ak kè sanbib Bondye a ba yo.
LAPRIYÈ: Granmèt,
ou se Alfa ak Omega, ou se Kòmansman ak Finisman tout bagay. Tanpri, nan limit
feblès nou yo, ede nou kwè ou toujou la pou pote nou sekou. Ede nou
kwè tout bon vre ke renmen ak konpasyon w’ lan pi fò pase limitasyon nou yo. Pa
pouvwa Jezikri Pitit ou a. Amèn
PWOPOZISYON: Si ou kwè
nan konpasyon ak mizerikòd Bondye, reyalize yon jès mizerikòd ak konpasyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario