Koulè
Blan
TRANSFIGIRASYON GRANMÈT LA
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Rad li te blan tankou nèj”.
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL
7, 9-10. 13-14
Mwen t’ap gade, joustan yo poze
twón yo; Ansyen nan jou yo vin chita. Rad li te blan tankou nèj, cheve tèt li
te tankou lenn ki byen pwòp; twón li a se flanm dife, wou l’ yo se dife ki
limen. Yon rivyè dife ap koule byen vit sot devan fas li; pakèt mil fwa konbyen
mil pèsonaj t’ap sèvi l’, di mil fwa konbyen san mil te kanpe devan l’. Jijman
an enstale, liv yo louvri.
Mwen t’ap gade nan vizyon
lannuit; sou nyaj syèl la se tankou yon pitit moun ki t’ap vini, li rive jous
devan Ansyen nan jou yo. Yo mennen l’ devan l’, yo ba l’ pouvwa, konsiderasyon
ak peyi wa; tout pèp, ras, lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa tout tan, ki
p’ap disparèt; peyi wa l’ p’ap detwi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 96, 1-2. 5-6.9
R/ Granmèt la wa, li anwo nèt anlè tout tè a.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo
kontan.
Nyaj yo ak bwouya antoure l’,
jistis ak jijman se platfòm fotèy li.R.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas
Granmèt la,
devan fas Granmèt la tout tè a blayi.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè
glwa li.R.
Paske ou menm Granmèt, ou anwo nèt anlè
tout tè a,
ou anlè byen wo, anlè tout dye yo.R.
DEZYÈM
LEKTI
“Vwa sa a, nou te tande l’ sot
nan syèl la”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 16-19
Nou menm mwen si tèlman renmen an:
Se pa istwa moun envante nan tèt yo nou
t’ap suiv, lè nou te fè nou konnen pouvwa ak prezans Granmèt nou Jezikri, men
se ak pwòp je nou nou te wè grandè l’.
Li te resevwa konsiderasyon ak glwa nan
men Bondye Papa a, lè vwa a sot nan grandè glwa Bondye Papa a, desann sou li:
“Sa a se Pitit mwen an, sa m’ renmen an; nan li mwen jwenn plezi m’; koute l’. Vwa sa a
nou te tande l’ sot nan syèl la, lè nou te avèk li sou mòn ki sen an.
Nou gen pawòl pwofèt yo ki solid; nou
gen rezon ret ap gade l’ tankou yon lanp k’ap klere nan yon kote ki fè nwa,
joustan lajounen an parèt, pou zetwal granmaten an monte nan kè nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Moyiz ak Eli t’ap pale sou depa
l’ la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
9, 28b-36
Lè sa a:
Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, li monte sou
mòn nan pou l’ priye.
Rive, pandan li t’ap priye, aparans figi
l’ vin chanje, rad li vin blan, klere. Gen de mesye ki t’ap pale avèk li.
Se te Moyiz avèk Eli, ki parèt
nan glwa a; yo t’ap pale sou depa l’ la, sa l’ t’ap reyalize Jerizalèm nan.
Pyè menm avèk sa yo ki te avèk
li a, yo te lou avèk somèy. Yo ret je klè, yo wè glwa l’ la avèk de mesye yo ki
te kanpe avèk li.
Rive, pandan y’ap kite l’, Pyè
di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ret isit la; an nou fè twa tant, youn pou ou,
youn pou Moyiz ak youn pou Eli”; li pa t’ konnen sa pou l’ te di. Pandan li
t’ap pale, yon nyaj rive, li kouvri yo; yo sezi, pandan y’ap antre nan nyaj la.
Yon vwa rive nan nyaj la, li di:
“Sa a se Pitit mwen an, sa m’ renmen an: koute l’”. Pandan vwa
a rive a, Jezi vin pou kont li.
Yo menm, yo fè silans; epi, nan
jou sa yo, yo pa di pèsòn anyen nan sa yo te wè yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Frè ak sè m’ yo, jodi a Legliz la
envite n’ pou n’ fè kè n’ kontan pou gwo mèvèy sa a ki te rive nan lavi kèk
disip Jezi yo epi ki gen pou wè ak pwòp lavi pa nou kòm disip misyonè. Mèvèy sa
a, se sa nou rele Transfigirasyon Granmèt
la.
Pwofèt Danyèl, nan kèk gwo
ekspresyon, li vle pale n’ sou entronizasyon Mouton Pak la, Jezikri ki kraze
lanmò a, li menm ki akonpli gwo misyon Papa l’ te konfye l’ la: Rekonsilye tè a
ak Bondye, rekonsilye moun yo ant yo menm, Li fè tout bagay vin nouvo, Li detwi
rèy lanmò a pou lavi a ka boujonnen. Jezi detwi rèy fènwa a pou limyè a kab
klere nèt ale, Li detwi rèy manti a pou
laverite a ka leve kanpe, Li detwi rèy
rayisans lan pou lanmou an ka parèt.
Jezi Pitit Bondye a te akonpli
misyon l’ jous nan bout; li rive tan an, jan pwofèt la te anonse l’ la pou l’
resevwa tout onè, tout otorite, tout pouvwa li te genyen depi tout tan bò kote Papa l’.
Reyalite Transfigirasyon Jezi a
ede n’ dekouvri, menm jan ak twa disip yo ki te temwen evènman sa a, Jezi se
vrè Pitit Bondye a ki vini sou tè a. Se sa vwa k’ te sòti nan mitan nyaj la, ki
se vwa Bondye Papa a te di: «Sila a se Pitit
mwen renmen anpil la, koute li».
Nan prezans Moyiz ak Eli, ki senbolize
Lalwa a ak Pwofèt yo, Bondye Papa a manifeste prezans li pou l’ montre pwòp Pitit
li a pi gran pase Moyiz ak Eli, de gran pèsonaj sa yo ki enpòtan anpil nan lavi
relijyej pèp Izrayèl la.
Nan moman Transfigirasyon an
Pyè, Jak ak Jan te gen chans goute yon moman nan bèlte Granmèt la. Yo te vle
rete nan kote sa a byen trankil tandiske travay la gen pou l’ kontinye anba mòn
nan. Tout sa Jezi fè, tout sa li di yo fè n’ jwenn avan-gou reyalite syèl la.
Pawòl li ak aksyon l’ yo te okazyon pou anpil moun kwè li se sila Bondye Papa a
voye a.
Anpil fwa nan lavi nou kòm
kretyen nou gen bezwen fè eksperyans tranfigirasyon Jezi a. Menm jan ak apot
yo, nou dwe fè n’ dosil ak Lespri Sen k’ap ede n’ dekouvri piti piti prezans
Jezi nan lòt yo, nan sa yo meprize nan kominote n’ap viv la, nan pòv ki san
sekou a, nan malad ki poko jwenn gerizon an, nan mèvèy ki nan lanati yo men,
yon fason espesyal, nan lavi yon kretyen vivan ki kreye selon imaj ak pòtre
Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri ede n’ fè n’ piti nan kè n’ pou n’ kite Lespri pa w’ la ede n’ rankontre
prezans ou nan frè ak sè n’ yo nan kote n’ap viv, nan kote n’ap travay, nan
chimen kote n’ap pase yo.
PWOPOZISYON: Ann
kade ansanm kisa nou kapab chanje nan fanmi nou oubyen nan kominote nou, nou ka
gen yon espas ki pi bèl. Si m’ chanje kònpòtman, ou chanje
kònpòtman, tout bagay ap chanje.
No hay comentarios:
Publicar un comentario