Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
"Nan
ane jibile a, tout moun dwe reprann posesyon yo".
LEKTI LIV LEVITIK 25, 1. 8-17
Granmèt la pale ak Moyiz nan mòn
Sinayi a, li di:
"W’ap konte sèt semèn ane,
sa vle di sèt fwa sèt, ki fè ansanm karant-nèf ane; w’a sonnen twonpèt sou
setyèm mwa a, dizyèm jou mwa a, tan Padon an, sou tout tè nou an. W’a fè wè
kijan senkantyèm ane a sen, w’a deklare delivrans pou tout moun ki abite tè ou
la; se jibile a sa. Chak moun ap tounen nan posesyon l’, chak moun ap tounen
nan premye fanmiy li, paske se jibile a, senkantyèm ane a. Pa simen, pa rekòlte
fwi ki donnen pou kont yo nan jaden, pa ranmase premye fwi rezen yo, poutèt
jibile a sen; men w’a manje ofyamezi sa k’ genyen nan jaden.
Nan ane jibile a, tout moun ap
tounen nan posesyon yo. Lè w’ap vann yon bagay bay moun ki nan peyi avèk ou,
oubyen lè w’ap achte nan men l’, pa fè frè ou la lapenn; men se daprè kantite
ane jibile a w’a achte nan men l’, epi se daprè valè fwi yo l’a vann ou. Plis
gen ane ki rete anvan lòt jibile a, plis pri a ap vin pi gran; mwens w’a konte
tan, se mwens y’a achte chè: se tan fwi yo l’ap vann ou.
Pa fè moun menm fanmiy avèk ou yo
lapenn, men se pou chak moun respekte Bondye l’, paske mwen se Granmèt Bondye
nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
66, 2-3. 5. 7-8 (r.: 4)
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou,
Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou
nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè
a, delivrans ou a nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou
yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk,
ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou,
Bondye nou an;
Se pou Bondye nou an beni nou, se
pou tout limit tè a respekte l’.R.
LEVANJIL
"Ewòd
voye koupe tèt Jan, disip li yo vini, yo pote nouvèl bay Jezi".
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ SEN MATYE
14, 1-12
Lè sa a, Ewòd chèf ka peyi a,
tande repitasyon Jezi, li di sèvitè l’ yo: "Sila a, se Jan Batis; li leve
vivan sot nan pami mò yo, se pousa l’ap fè mirak sa yo".
Sèke Ewòd te arete Jan, li te
mete l’ nan chenn, li te mete l’ nan prizon poutèt Ewodyad, madanm frè l’ la.
Jan te di l’: "Ou pa gen dwa pran l’ pou ou". Li te vle touye l’, li
te pè pèp la, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
Jou nesans Ewòd la, pitit fi
Ewodyad la te danse nan mitan yo, sa te fè Ewòd plezi. Li te fè sèman poutèt
sa, li te pwomèt li li t’ap ba l’ nenpòt ki sa l’ ta mande l’. Li menm
menm, li pran konsèy nan men manman l’. Li di: "Ban m’ tèt Jan-Batis
koulye a menm nan yon plat". W’a kontrarye; men poutèt sèman an ak poutèt
sila yo ki te sou tab avèk li yo, li pase lòd pou yo bay li; li voye koupe tèt
Jan nan prizon an. Yo pote tèt li sou yon plat, yo
bay ti fi a, li menm li pote l’ bay manman l’.Disip li yo pwoche, yo pran kò
l’, yo antere l’; yo vin anonse Jezi sa.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, litiji a envite nou kontanple yon
enjistis: enjistis lanmò Jan Batis. An menm tan tou, se yon envitasyon pou nou
dekouvri nan Pawòl Bondye nesesite pou nou pote temwayaj lafwa ki klè, ki
konkrè pou nou kapab anonse mond la yon esperans.
An nou santre refleksyon nou an
sou Ewòd. An reyalite, pou nou menm li reprezante yon move temwen, men l’ap ede
nou manifeste kèk aspè enpòtan pou temwaye lafwa nou nan mond lan. ‘‘Lè sa a,
Ewòd chèf ka peyi a, tande repitasyon Jezi’’(Mt 14,1).
Deklarasyon sa a, nou ta ka di li
montre yon bon atitid, men li pa sensè. Se yon reyalite nou kapab rankontre nan
lavi anpil moun, petèt nan pwòp lavi pa nou. Anpil tande pale de Jezi, men yo mande: Kilès
sa a ? Ki moun li ye? Ki angajman pèsonèl ki
soude nou ak Li?
Dabò, li nesesè pou nou bay yon
repons ekzak: repons Ewòd la sanble byen vag: «Sila a, se Jan Batis; li leve vivan sot nan pami mò yo» (Mt 14,2).
Li klè ke nou regrèt lefèt ke nou pa bay menm repons Pyè te bay la, lè Jezi te
poze li kesyon an: ‘‘E nou menm, kilès
nou di mwen ye?’’.
Pyè pran lapawòl, li deklare: «Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan!» (Mt
16,15-16). Pawòl sa pa kite okenn doutans, li pa gen ni laperèz ni lendiferans,
men li louvri pòt esperans ki anrasinen nan Levanjil la.
Men kijan Jan
Pòl II te pale nan Ekzòtasyon Apostolik Ecclesia
in Europa: «Avèk tout Legliz la, mwen envite frè ak sè m’ yo nan lafwa
pou yo louvri yo bay Kris la ak tout konfyans epi kite li renouvle yo, antan
y’ap anonse tout moun, avèk fòs lapè a, fòs lanmou an, ke tout moun ki
rankontre Granmèt la konnen Verite a, li dekouvri Lavi a, e li jwenn Chemen ki
mennen ladan li».
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, tanpri, granmesi konkou lapriyè Lavyèj Mari, Manman lesperans la, ede
nou dekouvri reyèlman kilès Jezi ye e fè nou pote bon jan temwayaj sou li bay
frè nou yo.
PWOPOZISYON: M’ap
reflechi sou konbyen fwa mwen te konpòte mwen tankou Ewòd. M’ap
mande Bondye padon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario