Páginas

VANDREDI 4

Koulè Blan
DOMINIK KI SEN,
Prèt e savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Fèt Granmèt la, n’ap rele yo jou ki konsakre, ki sen anpil”.
NAN LIV LEVITIK 23, 1. 4-11. 15-16. 27. 34b-37
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
“Men fèt Granmèt yo ki sen yo, yo menm nou dwe fete nan tan yo a: Premye mwa a, katòzyèm jou mwa a, nan aswè, se Pak Granmèt la li ye. Kenzyèm jou mwa sa a, se gran fèt Pen san leven Granmèt la li ye.
Pandan sèt jou, n’a manje pen san leven. Premye jou a se yon jou ki sakre anpil, ki sen, l’ap ye pou nou: nou pa dwe fè okenn travay esklav nan jou sa a; men se pou nou ofri sakrifis nan dife bay Granmèt la pandan sèt jou. Setyèm jou a menm se yon jou ki pi sakre, ki pi sen, nou pa dwe fè okenn travay esklav jou sa a”.
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Pale ak pitit Izrayèl yo, w’a di yo: “Lè n’a antre nan tè a m’ap ba nou an, lè n’a rekòlte fwi, n’a pote bras zepi yo, premye rekòlt nou yo, bay prèt la; li menm l’ap leve pake a devan Granmèt la, pou l’ resevwa nou avèk bon kè, nan landmen jou saba a, e l’a fè l’ vin sen.
N’a konte apati landmen jou Saba a, jou nou te ofri bras premye rekòlt yo, n’a kalkile sèt semèn plen, jous nan landmen finisman setyèm semèn nan, sa vle di senkant jou; konsa n’a ofri yon sakrifis nouvo bay Granmèt la.
Sou dizyèm jou setyèm mwa sa a, ap gen jou Padon yo ki sakre anpil la, y’ap rele l’ sen; n’a fè penitans jou sa a, n’a ofri sakrifis antye bay Granmèt la.
Apati kenzyèm jou setyèm mwa sa a, ap gen fèt Joupa yo pandan sèt jou pou Granmèt la. Premye jou a y’ap rele l’ sakre anpil, sen anpil: nou pa dwe fè okenn travay esklav jou sa a. Pandan sèt jou n’a ofri sakrifis antye bay Granmèt la; uityèm jou a se yon jou ki sakre anpil, ki sen anpil, n’a ofri sakrifis antye bay Granmèt la; se reyinyon avèk rasanbleman: nou pa dwe fè okenn travay esklav jou sa a.
Sa yo se fèt Granmèt la, n’ap rele yo sakre anpil, sen anpil; n’a ofri kado bay Granmèt la jou sa yo, sakrifis antye ak sakrifis likè daprè seremoni chak jou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 80, 3-4. 5-6a. 10-llab
R/ Fete nan Bondye, li menm ki pote nou sekou.
Pran kantik, frape tanbou, bon gita a avèk bandyo a.
Sonnen twonpèt la nan fèt nouvèl lin nan, nan jou plenn lin nan, nan gran fèt nou an.R.
Paske se yon kòmandman pou Izrayèl sa ye, se yon jijman pou Bondye Jakòb la.
Li mete l’ kòm temwayaj nan Jozèf, lè l’ t’ap sòti nan peyi Lejip la.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje.
Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la.R.
LEVANJIL
“Èske sila a se pa pitit menuizye a? Kote l’ jwenn tout bagay sa yo?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 54-58
Lè sa a:
Jezi rive nan peyi l’, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, atèl pwen moun yo te sezi, yo t’ap di:
“Kote l’ jwenn sajès sa a ak pouvwa sa yo? Èske sila a se pa pitit menuizye a? Èske manman l’ se pa sila yo rele Mari a, epi frè l’ yo Jak, ak Jozèf, ak Simon, ak Jid? Epi sè l’ yo, èske yo tout pa lakay nou? Kote l’ jwenn tout bagay sa yo?” Yo te dekontwole akòz li.
Jezi menm di yo: “Pa gen pwofèt ki manke konsiderasyon sof nan peyi l’ ak nan lakay li”. Li pa fè anpil mirak nan kote sa a poutèt lafwa yo pa t’ genyen.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi retounen Nazarèt, nan zòn kote li te rete a. L’ap bay lansèyman nan sinagòg la. Anpil moun gen dout sou sa l’ap di: «Kote l’ jwenn sajès sa a ak pouvwa sa yo? Èske sila a se pa pitit menuizye a?». Sou yon ton fèm, Jezi reponn yo ak tristès paske yo pa t’ rekonèt li nan zòn li, moun sa yo ki di yo konnen li a.
Eksperyans Jezi a, se yon bagay ki fè pati reyalite lavi nou chak jou. Sa ki pase Jezi a, li pase nou souvan. Jezi tris, paske li vin anonse yo Wayòm nan, men moun yo fèmen kè yo. Youn nan pi gwo difikilte pou yon moun kwè, se lè li fèmen kè li. Levanjil jodi a envite nou aprann resevwa moun lakay nou, nan peyi nou, nan kominote nou, ak nan sosyete a; se pa pou nou tankou moun sa yo ki p’a resevwa Jezi lakay yo.
Jezi konnen sa k’ t’ap pase nan kè yo, li reponn yo konsa: Pa gen pwofèt ki manke konsiderasyon sof nan peyi l’ ak nan lakay li”. Se poutèt sa li pa t’ fè anpil mirak nan peyi sa, paske yo pa t’ kwè nan li, lafwa yo te wòwòt. Se klè: Pawòl sa a di verite, nou gen anpil ekzanp devan nou, yon moun ki aprann yon pwofesyon, moun bò lakay li pa fasil ba l’ dyòb, paske yo minimize konpetans li ak kapasite li. Èske nou menm tou, nou pa konn bay tretman sa a? Lè nou fè sa nou sanble ak moun ki pa akeyi Jezi bò lakay li.
LAPRIYÈ: Granmèt ede m’ konbat tout fòm prejije nan lavi mwen, nan sosyete nou an, konsa n’a rekonèt valè ak diyite chak moun genyen nan je Bondye.

PWOPOZISYON: Mwen vle fè efò nan lite pou m’ derasinen tout sa ki anpeche m’ resevwa Jezi avèk lòt yo lakay mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario