Koulè Blan
MARI KI
SEN, KI VYÈJ, KI RÈN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Jedeyon,
w’ap delivre Izrayèl: konnen mwen voye ou”.
NAN LIV JIJ YO 6, ll-24a
Jou sa yo:
Mesaje Granmèt la rive; li chita
anba pye bwadchèn nan, sa k’ nan Efra a, ki pou Joas, papa fanmi Ezri a. Pandan
Jedeyon t’ap kale ble, li t’ap netwaye l’ nan preswa a, pou l’ sove kò l’ lwen
Madyan, Mesaje Granmèt la parèt devan l’, li di: “Granmèt la avèk ou, ou menm
ki pi vanyan nan tout moun yo”.
Jedeyon di l’: “Tanpri, mèt
mwen, si Granmèt la avèk nou, poukisa tout bagay sa yo rive nou? Kote mèvèy li
yo, sa zansèt nou yo te rakonte nou an, yo te di: “Granmèt la fè nou sòti
Lejip?” Koulye a menm Granmèt la lage nou, li renmèt nou nan men Madyan”.
Granmèt la gade l’, li di: “Ale
ak fòs sa a ou genyen an, w’ap delivre Izrayèl sot nan men Madyan: konnen se
mwen menm ki voye ou”.
Li reponn,
li di: “Tanpri, mèt mwen, ak kisa m’ap delivre Izrayèl la? Men fanmi mwen se li
menm ki pi piti nan Manase, epi mwen menm menm mwen pi piti nan kay papa m’”.
Granmèt la di l’: “M’ap avèk ou,
w’ap frape Madyan tankou yon sèl moun”.
Li menm, li di: “Si m’ jwenn
favè devan ou, ban m’ yon siy se ou menm k’ap pale avèk mwen; pa pati sot isit
la, toutotan mwen pa tounen kote ou, antan m’ pote sakrifis la pou m’ ofri ou”.
Li reponn: “M’ap tann ou vini”.
Konsa Jedeyon antre, li kuit yon
kabrit, li fè pen san leven avèk yon mezi farin; li mete vyann yo nan yon
mamit, li mete sòs vyann nan nan yon boutèy, li pote tout sa anba pye bwadchèn
nan, li ofri l’. Mesaje Granmèt la di l’: “Pran vyann yo ak pen san leven yo,
mete yo sou wòch sa a, vide sòs la sou li”. Lè l’ fin fè sa, Mesaje Granmèt la
lonje pwent baton an li te gen nan men l’ nan, li touche vyann yo ak pen san
leven yo; dife monte sot nan wòch la, li devore vyann yo avèk pen san leven yo;
Mesaje Granmèt la menm disparèt sot devan je l’.
Lè Jedeyon wè se te Mesaje
Granmèt la, li di: “Malè pou mwen, Granmèt Bondye; paske mwen wè Mesaje Granmèt
la fas a fas”. Granmèt la di l’: “Lapè avèk ou, pa pè, ou p’ap mouri”. Jedeyon
drese yon lotèl pou Granmèt la nan kote sa a, li rele l’: “Lapè Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 84, 9. 11-12. 13-14
R/ Se lapè Granmèt la ap pale ak pèp li a.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap
di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo, avèk pou sila yo ki chanje nan
kè yo.R.
Kè sansib ak verite rankontre,
jistis ak lapè anbrase.Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan
syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè
nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
“Li pi
fasil pou yon chamo pase nan je zegwi, pase pou yon moun rich antre nan rèy
syèl yo”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19, 23-30
Lè sa a:
Jezi di disip li yo: “An verite,
mwen di nou, l’ap difisil pou yon moun rich antre nan rè syèl yo. Mwen di
nou sa ankò: li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegwi pase pou moun rich
antre nan rèy syèl yo”.
Lè disip yo tande sa, yo sezi
anpil, yo di: “Ebyen kilès ki kapab sove?”
Jezi gade, li di yo: “Pou lèzòm
sa pa posib; pou Bondye menm, tout bagay posib”.
Lè sa a atò Pyè pran lapawòl, li
di l’: “Men nou menm nou kite tout bagay, nou suiv ou; ki sa n’ap genyen?”
Jezi menm di yo: “An verite mwen
di nou, nou menm ki suiv mwen an, lè tout bagay ap refèt, lè Pitit moun nan ap
chita sou fotèy bèlte l’, n’ap chita nou menm tou sou douz fotèy, pou nou jije
douz fanmi Izrayèl yo. Tout moun k’ap kite kay oubyen frè, oubyen sè, oubyen
papa, oubyen manman, oubyen madanm, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt non
mwen, l’ap resevwa san fwa plis, l’ap genyen lavi tout tan an”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
‘‘Li
difisil pou yon moun rich antre nan Wayòm syèl la (…). Kilès ki kapab sove?’’
Jodi a, nou kontanple reyaksyon
moun ki t’ap koute Jezi nan dyalòg li te genyen ak nèg rich la. ‘‘Kilès ki
kapab sove?’’(Mt 19, 25). Pawòl Granmèt la di jenòm rich la vrèman di, se pawòl
ki pou etone nou, pawòl ki pou reveye nou nan dòmi. Se pa yon pawòl izole ke
nou jwenn pa aza nan levanjil la : nou jwenn menm mesaj sa a ven fwa youn dèyè
lòt. Nou dwe sonje Jezi bay avètisman sou obstak moun ki pi rich yo kapab jwenn
pou yo antre nan lavi a.
Poutan, Jezi te renmen epi li te
rele nèg ki rich, san li pa mande yo abandone responsablite yo. Richès la nan
sa li ye, se pa yon move bagay, se pito orijin li: si richès la fèt atravè
enjistis, oubyen si yo itilize li yon fason egoyis, san yo pa konsidere moun ki
pi defavorize, oubyen si li fè moun fèmen kè yo sou vrè valè espirityèl yo
(kote moun nan santi li ba bezwen Bondye).
‘‘Kilès ki kapab sove?’’. Jezi
reponn: ‘‘Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib’’ (Mt 19, 26).
Granmèt, ou menm ki konnen kijan lèzòm gen feblès pou chanje sans pawòl ou a.
Mwen dwe di ou, Granmèt, pote m’ sekou! Chanje kè mwen!
Aprè nèg rich la fin ale, tou
tris, akoz li te atache ak richès li yo, Pyè pran lapawòl e li di: —Granmèt,
pèmèt Legliz ou a ak disip ou yo gen kapasite pou yo kite tout bagay pou ou.
“An verite mwen di nou, nou menm
ki suiv mwen an, lè tout bagay ap refèt, lè Pitit moun nan ap chita sou fotèy
bèlte li’’.(Mt 19,28). Deja ou gen tan ap panse ak jou
sa a, jou sa ki gen pou rive a. Ou se yon nèg ki prale nan lafen dimond, nan
plenitid lòm nan. Lè moman sa rive, Granmèt, tout bagay ap
vin nouvo, renouvle, bèl.
Jezi di nou: — Nou menm ki te swiv
mwen, n’ap chita sou douz fotèy pou jije douz tribi Izrayèl, n’ap resevwa plis
toujou, e n’ap resevwa eritaj lavi ki p’ap janm fini an’’ (Mt 19, 28-29).
Lavni ou pwomèt moun pa w’ yo,
moun ki te swiv ou yo nan jefò pou venk obstak yo, se yon lavni kè kontan, se
lavi an abondans.
—Mèsi Granmèt, kondui m’ nan
gran jou sa a !
LAPRIYE: Granmèt,
mèsi pou tout sa ou ban mwen. Fè m’
gen lajwa pataje li ak frè ak sè m’ yo.
PWOPOZISYON:
Dekouvri kisa ki anpeche m’ mache ak Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario