Páginas

MÈKREDI 23

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Ou di: “Se pou yon wa kòmande sou nou, malgre se Granmèt la ki t’ap kòmande sou nou”
NAN LIV JIJ YO 9,6-15
Jou sa yo:
Tout mesye Sikèm yo rasanble, ak tout fanmi vil Melo a; yo pati, yo enstale Abimelèk kòm wa, bò pye bwadchèn nan ki Sikèm nan.
Lè yo anonse Joatan sa, l’al kanpe sou tèt mòn Garizim nan, li leve vwa l’, li rele byen fò, li di: “Koute m’, mesye Sikèm yo. Konsa Bondye kapab koute nou tou. Pye bwa yo te pati pou yo sakre yon wa sou yo. Yo di pye oliv la: “Kòmande sou nou”. Li reponn: “Èske m’ kapab kite luil mwen ki sèvi ni dye yo ni moun yo, pou m’ vin balanse anlè tèt pye bwa yo?” Pye bwa yo di pye fig frans la: “Vini aksepte rèy nan sou nou”, Li reponn yo: “Èske mwen kapab kite dousè ak fwi m’ yo ki gou anpil yo, pou m’ al balanse anlè tèt pye bwa yo?” Pye bwa yo di pye rezen an: “Vini, kòmande sou nou”. Li reponn yo: “Èske m’ kapab kite diven m’ nan, ki fè kè Bondye kontan, ni kè moun yo, pou m’ al balanse nan pami lòt pye bwa yo?” Tout pye bwa yo di pye pikan an: “Vin kòmande sou nou”. Li reponn yo: “Si se tout bon vre nou enstale m’ kòm wa nou, vin poze anba lonbraj mwen; men si nou pa vle, se pou dife sòti nan pye pikan an, pou l’ devore pye sèd Liban yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 20, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Granmèt, wa a ap kontan nan pouvwa ou.
Granmèt, wa a ap kontan nan pouvwa ou, sou delivrans ou a l’ap fete anpil. Ou ba li sa kè l’ te anvi a, ou pa refize sa bouch li te mande a.R.
Ou pran devan l’ nan benediksyon dousè a; ou mete sou tèt li yon kouwòn lò ki gen anpil valè. Li mande ou lavi, ou ba li l’, longè jou yo pou syèk tan ak tan ki p’ap fini.R.
Bèlte l’ gran nan delivrans ou a, ou mete grandè ak bèlte sou li, ou fè l’ sèvi benediksyon pou tan ki p’ap fini, ou fè l’ kontan anpil devan fas ou.R.
LEVANJIL
“Èske je ou move, paske mwen bon?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 1-16a
Lè sa a: Jezi di parabòl sa a pou disip li yo:
“Rèy syèl yo sanble ak yon pèd-fanmi, ki sòti granmaten pou l’ angaje travayè nan jaden rezen l’. Li pase kontra avèk travayè yo pou yon goud pa jou, li voye yo nan jaden rezen l’ nan.
Li sòti vè nevè dimaten, li wè dòt ki kanpe nan lari a san yo p’ap fè anyen, li di yo: “Nou menm tou, al nan jaden rezen m’ nan; sa k’ kòrèk, m’a ba nou l’. Y’ale vre. Li sòti ankò vè midi, vè twazè, li fè menm jan.
Vè senkè aprè midi, li sòti tou, li jwenn dòt ki kanpe, li di yo: “Poukisa nou kanpe tout jounen san nou pa fè anyen?” Yo di l’: “Paske pèsòn pa anplwaye nou. Li di yo: “Ale nou menm tou nan jaden rezen m’ nan”.
Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di jeran l’ nan: “Rele travayè yo, ba yo pri travay yo, kòmanse ak dènye yo pou nou rive nan premye yo”. Lè sa k’ te rive vè senkè apre midi yo pwoche, yo chak, yo jwenn yon goud.
Lè premye yo menm pwoche, yo te konprann yo t’ap jwenn plis; men yo chak yo jwenn yon goud sèlman.
Lè yo pran l’, yo babye kont pèd-fanmi an, yo di: “Dènye sa yo fè inèdtan sèlman, epi ou trete yo menm jan ak nou, nou menm ki pote pwa lajounen an ak chalè a.” Li menm li reponn youn nan yo, li di: “Zanmi, mwen pa fè ou abi; èske se pa t’ pou yon goud ou te antann ou avèk mwen? Pran zafè ou, al fè wout ou; mwen vle bay sila a ki vin an dènye a menm jan avèk ou. Oubyen, èske mwen pa gen dwa fè sa m’ vle? Èske je ou move, paske mwen menm mwen bon?”
Se konsa dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Moun ki te dènye ap tounen premye, moun ki te premye ap tounen dènye.
Jodi a, Pawòl Bondye envite nou konprann kijan lojik Bondye ale pi lwen ke lojik moun. Alòske nou menm moun, nou kalkile (‘‘yo te panse yo t’ap resevwa plis”: Mt.20, 10), Bondye li menm – ki se Papa ki sousye – tou senpleman li renmen nou (‘‘Èske je ou move, paske mwen menm mwen bon?” : Mat 20,15). Mezi lanmou an, se renmen san mezi: ‘‘Mwen renmen paske mwen renmen, mwen renmen pou renmen’’ (Sen Bèna).
Men, sa pa vle di ke lajistis initil: ‘‘M’ap ban ou sa k’ kòrèk ’’ (Mt 20,4). Bondye pa pwofitè e li vle trete nou tankou pitit ki entelijan: kikonk, se yon bagay ki lojik si li negosye avèk nou. Ansèyman Jezi yo fè nou konprann moun ki te resevwa plis, y’ap mande li plis (ann sonje parabòl talan yo).Anfen, Bondye jis, men charite a (renmen an) pa inyore lajistis; men li depase li pito (1 Ko 13,5).
Anpil fwa, nou menm moun, jistis nou konn tounen enjistis. Nou konn mete apse sou klou. Chans pou nou, jistis Bondye ki debòde nan lanmou li na, li ale pi lwenn ke vizyon nou. Si se te yon senp jistis, ebyen nou ta toujou an atant, nou ta joujou ap tann redanmsyon nou. Pi rèd toujou, nou pa ta gen espwa sove ankò.
Nan yon jistis estrik nou pa merite okenn redanmsyon: Yo ta sèlman wete nan men nou tout sa Bondye te fè nou kado nan moman kreyasyon an epi nou te refize lè peche orijinèl la. An nou gade kapasite jijman nou, konparezon ak kalkil nou nan fason nou relasyone ak lòt yo.
Anplis, se de sentete n’ap pale, nou dwe pati sou baz ke tout bagay se gras. Verite ki pi klè a, se ka Dima, bon lawon an. Men posiblite pou nou gen valè nan je Bondye a se yon gras li ye (se yon bagay yo fè nou kado gratis). Bondye se mèt la, se pou li nou ye, li menm ki sòti al chache kèk travayè pou mete nan jaden li an (Mt 20,1). Jaden rezen an, (sa vle di, lavi a, syèl la…) se pou  Granmèt la; nou menm, nou se envite, e se pa nan nenpòt fason yo envite nou: se yon lonè nou genyen pou nou travay la, epi, nan fason sa a, pou nou rive eritye syèl la.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou rele mwen travay nan jade w’ lan. Tanpri, ban m’ fòs ou lè mwen vle dekouraje.

PWOPOZISYON: Rekonèt gras Bondye fè mwen epi chèche jere li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario