Páginas

JEDI 24

Koulè Wouj
BATELEMI KI SEN,
Apot (Fèt)
PREMYE LEKTI
“Nan fondasyon yo menm, te gen douz non Apot Mouton an”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, 9b-14
Zanj la pale avèk mwen, li di: “Vini, m’ap montre ou madanm nan ki fèk marye ak Mouton an”.
Li soulve m’ nan espri sou yon mòn ki gran, ki wo, li montre m’ vil ki sen an, Jerizalèm, k’ap desann sot nan syèl la, kot Bondye, li gen glwa Bondye a; limyè l’ te tankou pyè kalite siperyè, tankou pyè yo rele jasp la, tankou kristal.
Li te gen yon miray ki gran, ki wo, ki gen douz pòt; nan pòt yo te gen douz zanj, te gen non ki ekri, non douz ras pitit Izrayèl yo.
Nan direksyon olevan: twa pòt; nan direksyon nò: twa pòt; nan direksyon sid: twa pòt; nan direksyon okouchan: twa pòt. Miray vil la te gen douz kolòn, sou yo te gen douz non douz Apot Mouton yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 17-18
R/ Granmèt, se pou sen w’ yo fè konnen glwa peyi wa w’ la.
Se pou yo fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; se pou sen ou yo fè konpliman pou ou.
Se pou yo deklare glwa peyi wa w’ la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Se pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa w’ la.
Peyi wa w’ la se peyi wa tout tan, kòmandman w’ nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la kòrèk nan tout wout li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la tou pre tout moun k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
LEVANJIL
“Men pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 45-51
Lè sa a:
Filip jwenn Natanayèl, li di l’: “Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf, moun Nazarèt la.
Natanayèl di l’: “Nazarèt! Èske yon bagay ki bon kapab sòti la?”
Filip di l’: “Vini w’a wè”.
Jezi wè Natanayèl k’ap vin kote l’, li di sou li: “Men yon pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti”.
Natanayèl di l’: “Kote ou konnen m’?”
Jezi reponn, li di l’: “Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou”.
Natanayèl reponn li, li di: “Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl”.
Jezi reponn, li di l’: “Paske mwen di ou “Mwen te wè ou anba pye figye a”, ou kwè: w’ap wè pi gran bagay pase sa”.
Epi li di l’: “Amèn, amèn mwen di nou: n’ap wè syèl la louvri, epi zanj Bondye yo k’ap monte-desann anlè Pitit moun nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tèks nou li nan liv Apokalips Sen Jan an, nou wè vizyon Jan ki montre nou imaj Jerizalèm ki bèl, ki klere anpil. Imaj sa pèmèt nou konprannn tankou kretyen ke nou pa dwe janm dekouraje, ke nou dwe toujou kenbe fèm pou nou pa janm lage pawòl Bondye a, paske nou gen pou n’al viv nan bèlte Granmèt la ki gen tout pouvwa, pou tout tan nan kè kontan.
Yon lòt bò, imaj douz la trè enpòtan nan Bib la, paske si n’ap swiv byen, te gen douz disip ki te pwòch Jezi anpil, Izrayèl te gen douz tribi, etc… Liv Apokalips la tou pèmèt nou wè e konprann tou, kòman Bondye gran, kòman pouvwa li san limit e tout bèl pwojè li genyen pou nou kòm pitit li.
Aprè sa nou fin wè nan liv Apokalips la, Levanjil sen Jan fè nou konprann ke nou dwe kwè san nou pa wè. Paske istwa Filip ak Natanayèl la, se yon istwa ki trè klè. Nou wè kot Filip wè nan Jezi pitit Jozèf la, sa ki ekri nan lwa Moyiz la e kote Natanayèl pa ka kwè ke Nazarèt ka gen yon bagay ki bon ki sòti ladan l’.
Lè Natanayèl rive kot Jezi, li wè nonm sa konn tout sa k’ap pase, lè sa li kwè. Li enpòtan pou nou menm jodi a kòm kretyen met lafwa nou nan Bondye san nou pa wè; fòk nou pa tann se yon mirak, se yon bagay sinatirèl ki pou fè nou kwè. Paske nan Bib la Jezi fè nou konnen si nou gen lafwa, nou kapab fè anpil bagay, nou menm kapab deplase montay yo. Se poutèt sa, kòm kretyen nou dwe fè Bondye konfyans. Li konnen tout sa nou kapab fè e tout sa k’ap pase nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, fè m’ sansib ak apèl ou pou m’ ka resevwa li nan yon kè ki laj. Pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON: Mwen pran angajman pou m’ sispann viv nan manti.

No hay comentarios:

Publicar un comentario