Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Noemi
rive avèk Rut, fi Moab la, li tounen Bètleyèm”.
KÒMANSMAN LIV RUT
1, 1. 3-6. 14b-16. 22
Nan tan yon jij, lè jij yo t’ap
kòmande a, te gen grangou nan peyi a. Gen yon mesye Bètleyèm Jida ki pati pou
l’ al abite nan peyi Moabit yo avèk madanm li, avèk de pitit gason l’ yo.
Elimelèk, mari Noemi, mouri;
madanm nan rete avèk pitit gason l’ yo, yo marye avèk fi Moabit yo, youn yo
rele Orfa, lòt la menm Rut. Yo rete la pandan dizan, de gason yo mouri: madanm
nan rete san de pitit gason l’ yo ni mari a.
Li leve pou l’ tounen sot nan
peyi Moabit la avèk de bèlfi l’ yo; paske li te tande kijan Granmèt la te voye
je sou pèp li a, li te ba yo manje.
Yo leve vwa yo, yo pran kriye
ankò. Orfa anbrase bèlmè l’, li tounen lakay li; Rut kole kò l’ sou bèlmè l’.
Noemi di l’: “Men fanmi ou an
tounen al jwenn pèp li ak dye l’ yo: ale avèk li”.
Li reponn: “Pa kontrarye m’ pou
m’ kite ou, pou m’ pati; sèke nenpòt ki kote w’ a prale, m’a prale tou, kote
w’ap mouri a, m’ap mouri tou; pèp pa m’, Bondye w’ la se Bondye m’”.
Noemi rive avèk Rut, fi Moabit
la, bèlfi l’ la, sot nan peyi kote l’ t’al abite a, li tounen Bètleèm, nan
kòmansman rekòlt ble yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 145, 5-6. 7. 8-9a. 9bc-10
R/ Fè lwanj Granmèt la, nanm mwen.
Se chans pou sila a Bondye Jakòb
la pote l’ sekou a, sila a ki gen espwa l’ nan Granmèt Bondye l’ la, li menm ki
fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa k’ nan li.R.
Li menm ki kenbe verite a pou
tout tan, li fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, li bay sa k’ grangou yo
manje. Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo,
Granmèt la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la
pwoteje etranje yo.R.
Òfelen an ak vèv la, li soutni
yo, men wout pechè yo, li gaye l’. Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye w’ la,
Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
“Se pou
ou renmen Granmèt Bondye w’ la, ak pwochen ou tankou ou menm”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 22, 34- 40
Lè sa a:
Farizyen yo tande kijan Jezi te
fèmen bouch sadiseyen yo, yo rasanble ansanm. Youn nan yo ki te savan nan lalwa
a poze l’ kesyon, pou l’ eseye l’: “Mèt, kilès ki gran kòmandman an nan lalwa
a?”
Jezi di l’: “Se pou ou renmen
Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou”. Sa a
se pi gran, se premye kòmandman an. Dezyèm nan menm sanble avèk li: “Se pou ou
renmen pwochen an tankou pwòp tèt ou”. Se nan
de kòmandman sa yo tout lalwa a pandye ansanm ak pwofèt yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Men 2 kòmandman ki pi konsekan yo: Renmen
Bondye Granmèt la ak tout kè ou, ak tout nanm ou ak tout lespri ou, ak tout fòs
ou; renmen pwochen w’ tankou tèt pa ou. Pa gen kòmandman ki pi konsekan pase 2
sa yo. Pwofesè lalwa yo te poze Jezi kesyon sa a, paske yo te konn gen anpil
diskisyon antre yo, kòm nan tan sa a jwif yo te gen anpil kòmandman pou yo mete
an pratik pou yo te fè volonte Bondye tout bon vre; e yo t’ap chèchè konnen nan
tout kòmandman yo kilès ki pi gran.
Frè m’ak sèm
yo, jodi a Jezi ap pale ak nou tankou pèp Izrayèl la, pèp Bondye chwazi mete
apa pou li a, se li menm ki sèl mèt nou, se pou nou renmen l’ ak tout kè nou,
ak tout nanm nou, ak tout fòs nou, e ak tout kouraj nou. Se bagay pou nou pa
janm bliye, pou nou repete nan tèt nou tout kote n’ pase, ekri yo pou nou pa
jan bliye yo paske nou tout se kreyati Bondye nou ye, li renmen n’ san mezi,
san kondisyon; nou menm tou se pou nou fè menm jan avèk li. Anvan tout bagay se
renmen, paske li te renmen nou an premye, pa chèchè bay anyen premye plas nan
lavi nou sof Bondye. Si nou rive renmen l’ tout bon vre n’a renmen pwochen n’
yo.
Pafwa nou di
nou renmen Bondye, nou bliye frè ak sè ki bò kote nou, nou pa konnen si yo
ekziste. Si nou di nou renmen Bondye epi nou rayi frè ak sè nou, ki enpòtans sa
genyen? Èske nou konn pran
tan pou n’ reflechi lè nou gade lavi Bondye ba nou gratis? Kisa n’ap fè pou li,
pou n montre l’ nou renmen l’ vre? Pandan n’ap chèchè renmen pwochen n’ tankou
pwòp tèt pa nou, an nou tout renmen tankou Bondye, pou lavi nou sou tè a ka
bèl. Jezi mande pou nou renmen.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, tanpri ban mwen yon kè ki ba t’ pou ou toutan, yon kè ki devwe, yon kè ki
sansib pou ou tout bon. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Jodi a
m’ap reflechi sou kalite renmen mwen gen nan kè m’ pou Bondye ak pou pwochen m’
yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario