Páginas

SAMDI 26

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt la pa aksepte pou manke yon moun pou kontinye fanmi ou a. Sila a se papa Jese, papa David".
LEKTI LIV RUT 2, 1-3. 8-11; 4, 13-17
Elimelèk, mari Noemi te gen yon moun nan fanmi li, yon mesye ki gen pouvwa, ki gen anpil richès, yo te rele l’ Bòoz.
Rut fi Moabit la, di bèlmè l’ konsa: "Si ou pase m’ lòd, m’a pral nan jaden, m’ap ranmase zepi yo k’ap tonbe sot nan men moun k’ap fè rekòlt yo, tout kote m’a jwenn favè bon kè pèd-fanmi an pou mwen". Li reponn li: "Ale, ti fi m’". Konsa l’ale, li ranmase zepi yo dèyè moun ki t’ap rekòlte yo.
Bòz di Rut: "Koute, mafi: pa al nan lòt jaden pou ou ranmase, pa pati kite kote sa a, men ret ansanm avèk sèvant mwen yo, kote y’ap rekòlte, suiv yo; sèke mwen pase sèvitè m’ yo lòd pou pèsòn pa fè ou malonnèt; men menm si ou swaf, al nan krich yo, bwè dlo, kote sèvitè yo ap bwè a".
Li tonbe sou fas li, li adore atè a, li di l’: "Kote sa sòti pou mwen, pou m’ jwenn favè devan je ou, pou ou aksepte rekonèt mwen, mwen menm ki yon madanm etranje?"
Li reponn li: "Yo rakonte m’ tout sa ou fè pou bèl-mè-ou aprè lanmò mari ou la, kijan ou kite fanmi ou yo ak peyi ou kote ou te fèt la, epi ou vini nan yon pèp ou pa t’ konnen anvan".
Konsa, Boòz pran Rut, li resevwa l’ kòm madanm li, l’al jwenn li, Granmèt la fè l’ favè pou l’ vin ansent, pou l’ fè yon ti gason.
Medanm yo di Noemi: "Konpliman pou Granmèt la ki pa pèmèt pou ou manke yon moun pou kontinye fanmi ou an, pou rele non l’ nan Izrayèl, pou ou kapab gen yon moun ki konsole nam ou, ni okipe vyeyès ou; se nan bèlfi ou la li fèt, li menm ki renmen ou nan, ki pi bon pou ou pase si ou te gen sèt pitit gason". Noemi pran ti pitit la, li poze l’ sou lestomak li, li sèvi l’ kòm nouris ak bòn.
Medam yo ki nan vwazinaj la, yo fè l’ konpliman, yo di: "Noemi gen yon pitit gason ki fèt pou li", yo rele non l’ Obèd. Se li menm ki papa Jese, papa David.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5 (r.: 4)
R/ Men kijan moun ki respekte Granmèt la beni.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan wout li yo.
Se fii travay men ou w’ap manje,
se chans pou ou, w’ap jwenn avantaj.R.
Madanm ou ap tankou yon jaden rezen ki byen donnen sou bò lakay ou;
pitit ou yo ap tankou jèn plant pye oliv alantou tab ou a.R.
Men se konsa moun nan ap beni, sa k’ respekte Granmèt la.
Se pou Granmèt la beni ou sot Siyon, se pou ou wè byen Jerizalèm toulejou lavi ou.R.
LEVANJIL
"Yo di, men yo pa fè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 1-12
Lè sa-a:
Jezi pale ak foul yo epi avèk disip li yo, li di:
"Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak farizyen yo chita; tou sa yo di nou, obsève l’, fè l’, sèlman pa suiv sa yo fè: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa kapab pòte, yo mete yo sou zepòl moun yo; men yo pa vle souke yo ak yon ti dwèt. Tout aksyon yo, yo fè yo pou moun yo kapab wè yo: yo laji bwat priyè yo, yo lonje fil manch yo. Yo renmen premye plas nan soupe yo, ak premye chèz nan kay reyinyon yo, ak bèl bonjou sou laplas, epi pou moun yo rele yo 'Rabi'.
Kanta nou menm pa kite yo rele nou 'Rabi'; sèke se yon sèl la ki mèt nou, nou tout se frè nou ye. Epi pa rele moun 'papa' nou sou tè a; paske se yon sèl la ki Papa nou, ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou 'mèt'; paske se yon sèl ki mèt nou, se Jezikri.
Moun ki pi gran nan pami nou an, se pou l’ vin tounen sèvitè nou. Moun ki leve tèt li, y’ap rabese l’, men moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Moun ki leve tèt li, y’ap rabese l’, men moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’".
Jodi a, Jezi envite nou gen imilite, li envite nou pou nou mete nou nan vrè plas nou: Kanta nou menm pa kite yo rele nou 'Rabi' (…). Epi pa rele moun 'papa' nou sou tè-a. Pa kite yo rele nou 'mèt' (Mt. 23,8-10). Avan nou kouri dèyè gwo tit, an nou kòmanse di Bondye mèsi pito pou tout sa nou genyen, tout sa li ba nou.
Tankou Sen Pòl di sa: «Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li? (1 Ko 4,7). Kidonk, lè nou aji yon fason pou konsyans nou pa repwoche nou, li ta pi bon pou nou di: «Se domestik nou ye, nou fè sa n' te dwe fè» (Lik 17,10).
Lòm nan tan modèn nan ta sanble gen tèt li pa dwat: anpil fwa nou viv e nou aji kòm si se nou ki mèt lavi, kòm si se nou ki kreye lemond. Yon fason kontradiktwa, Aristòt se yon sous admirasyon: daprè tewoloji natirèl li a, li pa t’ konnen sa yo rele «kreyasyon» (nan epòk li t’ap viv la, moun yo pa t’ gen revelasyon sous a), poutan, pou Aristòt, mond nou an se Bondye ki te fè li (li te eseye eksplike sa lè li te pale de yon «Koz ki pa gen koz, oubyen Premye Motè». Nan sans sa li te vle montre mond la pa ekziste pou kont li.  Jan Pòl II mande nou sonje dèt nou genyen anvè Bondye: «Fòk moun nan fè lwanj pou Kreyatè li a, antan l’ap fè ofrann, nan di Bondye mèsi, nan fè konpliman pou li pou tout sa li resevwa nan men li. Moun nan pa ka bliye dèt sa, nan pami tout kreyati yo, se li menm sèl ki ka rekonèt li».
Si nou reflechi sou lavi espirityèl nou, kolaborasyon pa nou (Bondye pa fè anyen san patisipasyon pa nou), se kite Lespri Sen an fè travay li: Kite Bondye aji!, paske se pa nou se pa nou menm k’ap fè tèt nou vin kòrèk, se Bondye ki Mèt la, li menm ki Papa nou, se li k’ap fè nou gras sa a. Antouka, si nou kwè nou gran, oubyen nou gen yon merit, ann fè jefò pou nou mete sa nou ye a nan sèvis lòt yo: «Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an.» (Mt 23,11)
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede m’ pa fè grandizè, antan m’ap beni non w’ pou tout kado mwen resevwa nan men w’. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap aprann sèvi pwochen mwen olye mwen tann yo sèvi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario