Páginas

DIMANCH 27

VENTEYINYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE A.
Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap mete kle kay David la sou zepòl li»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI
22, 19-23
Men sa Granmèt la di Sobna, responsab kay sakre a:
«M’ap chase ou sot nan pòs ou a, m’ap retire ou sot nan sèvis ou a. Jou sa a, m’ap rele sèvitè m’ nan Elyasim, pitit Elsyas, m’ap abiye l’ ak rad ou a, m’ap mare senti l’ ak sentiwon ou nan, m’ap renmèt pouvwa ou la nan men l’; l’ap tankou yon papa pou moun yo ki abite Jerizalèm nan ak kay Jida a.
M’ap renmèt kle kay David la sou zepòl li; l’ap louvri, pèsòn p’ap kapab fèmen; l’ap fèmen, pèsòn p’ap kapab louvri. M’ap fikse l’ tankou yon poto nan yon kote ki solid, l’ap tankou yon fotèy bèlte nan lakay papa l’ la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 137, l-2a.2bc-3. 6 e 8bc
R/ Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men ou yo, pa lage l’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen.
Devan mesaje yo m’ap chante pou ou, m’ap adore ou nan kay sakre ou la ki sen an.R.
M’ap fè louanj pou non-ou poutèt kè sansib ou ak verite ou.
Nan nenpòt ki jou mwen rele ou, ou reponn mwen; ou mete anpil fòs nan nam mwen.R.
Sèke Granmèt la wo anlè a, li voye je sou pòv la, li rekonèt grandizè a byen lwen. Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men ou yo, pa lage l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Se nan sous li, se pa lantremiz li, se nan li menm tout bagay ekziste»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 11, 33-36
Ala wotè richès sajès ak syans Bondye! Yo pa kapab konprann jijman l’ yo, yo pa kapab sonde chemen l’ yo! Ki moun ki te konnen lespri Granmèt la? Oubyen ki moun ki te ba l’ konsèy? Oubyen ki moun ki te fè l’ favè anvan, pou l’ blije renmèt li sa? Sèke se nan sous li, se pa lantremiz li, se nan li menm tout bagay ekziste. Konpliman pou li pou tout tan! Amèn.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa syèl la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
16, 13- 20
Lèsa a:
Jezi rive nan rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: «Ki sa moun yo di osijè Pitit moun nan? »
Yo menm yo di: «Yon pòsyon di se Jan-Batis, yon lòt se Eli, yon lòt menm se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo».
Jezi di yo: «E nou menm, ki sa nou di mwen ye?»
Simon Pyè pran lapawòl, li di: «Ou se Kris la, Pitit Bondye ki vivan an».
Jezi menm pran lapawòl, li di: «Se chans pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa chè a ak san an ki devwale ou sa, men se Papa m’, ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se Pyè, se pou pyè sa a menm m’ap bati legliz mwen an, pòt lanfè yo pap ranpòte laviktwa kont li. M’ap ba ou kle peyi wa syèl yo; tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la; tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou». Lè sa a atò, li pase disip li yo lòd, pou yo pa di pèsonn li se Kris la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se venteinyèm dimanch tan senp (Ane litijik A).  Se jou Granmèt la (dies Domini), jou Rezireksyon, jou lavi pote laviktwa sou lanmò. Se jou solèy la leve ak tout klète li, paske se jou sa Bondye papa a te fè Pitit li a leve byen vivan sòti nan tonbo a. N’ap di Granmèt la mèsi pou kokenn chenn mèvèy sa, mèvèy ki pote lespwa yon lavi tou nèf pou tout moun. An nou gade ki mesaj pawòl Bondye a pote pou nou jodi a.
Nan premye lekti a, yo rakonte nou yon istwa ki sanble anpil ak sa nou li nan pòsyon Levanjil Matye pou jodi a. Tandiske dezyèm Lekti parèt tankou yon kantik pou fè lwanj ak konpliman pou Bondye ki kreye linivè ak yon sajès ekstrawòdinè. Sen Pòl byen eksplike nou, se Sajès Bondye ki anfante tout bagay: «se nan li menm tout bagay ekziste». (Wom 11, 36). Konsa, se pout kreyati koube byen ba devan Bondye pou adore grandè non li nan gwo chan ak tout enstriman. Paske Bondye gen kè li sansib, li pa bliye sa li kreye yo (Sòm 137).
An nou fè yon ti fikse atansyon nou sou Levanjil la kounye a. Pòsyon Levanjil sa se youn nan pasaj ki trè enpòtan nan istwa pèp Izrayèl, puiske li make ak yon dezisyon istorik Jezi te pran sou sa ki konsène Legliz la.
Deklarasyon lafwa Pyè, nan rejyon Sezare Filip la, inogire dènye etap nan ministè piblik Jezi e li prepare nou pou nou viv evénman desizif lanmò ak rezireksyon li. Aprè Jezi te fin miltipliye pen ak pwason yo, li te deside ale yon kote ki apa ansanm ak disip li yo pou li te ka apwofondi fòmasyon yo. Se atravè disip li yo ke semans Wayòm syèl la te kòmanse devwale, Legliz la.
Sa fè de dimanch depi nou te tande kijan Pyè te kòmanse koule aprè li te fin mache sou dlo a, e nou te tande repwòch Jezi te fè li: «Lafwa ou piti, pouki sa ou fè dout?» (Mt 14,31). Jodi a repwòch la vin tounen yon konpliman: «Se chans pou ou, Simon, pitit Jan» (Mt 16, 17). Pyè kontan, paske li ouvri kè li pou li akeyi revelasyon Bondye a e li rekonèt Jezi kòm Pitit Bondye a ki te vin sove limanite. Pandan tout listwa, kesyon sa a toujou kontinye poze: «Ki sa moun yo di osijè Pitit moun nan? » (…) E nou menm, kisa nou di? (Mt 16,13-15).
Nou menm tou, nan yon moman oubyen nan yon lòt, nou te dwe reponn kesyon sa yo: Kisa Jezi ye pou mwen epi kisa mwen wè nan li? Lafwa nou te resevwa nan men paran nou, pwofesè katechèz, pè yo, zanmi nou, li vin tounen yon lafwa pèsonèl nan Jezikri, e nou menm tou nou dwe tounen temwen paske se sa ki poto mitan lafwa nan Jezikri.
Se lè nou gen lafwa epi nou viv nan kominyon ak Jezikri nou kapab rive venk puisans mal la. Rèy lanmò a manifeste nan mitan nou e li fè nou soufri, li pouse nou poze tèt nou kesyon; men Wayòm Bondye a manifeste nan mitan nou tou, antan li devwale nou esperans lan. Legliz la ki se sakreman Wayòm Bondye nan mond la, ki fonde sou wòch lafwa Pyè a, li fè nou gen lespwa ak kè kontan lavi ki p’ap janm fini an. Toutotan gen moun nan mond lan, ap toujou gen nesesite pou nou pote lespwa, e toutotan li nesesè pou nou pote lespwa, misyon Legliz la nesesè; se poutèt sa pouvwa lanfè a p’ap janm ka pote laviktwa sou Legliz la, puiske Kris la k’ap mache ansanm ak pèp li a li ba nou garanti.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè kè fidèl yo gen yon sèl volonte, fè pèp ou yo renmen sa ou kòmande, fè yo anvi sa ou pwomèt la, pou nan mitan divès chanjman k’ap fèt sou tè a, kè yo ret fikse kote ki gen vrè kè kontan an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Pran yon ti tan nan jounen an pou adore Jezi. Di li mèsi pou Legliz la li ba nou kòm manman nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario