Páginas

LENDI 28

Koulè Blan
OGISTEN KI SEN, Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PRÉMIÉ LÉKTU
"Nou chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, n’ap espere Pitit li a li fè leve vivan an".
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 1, 1-5. 8b-10
Pòl ak Silven ak Timote, pou legliz Tesalonisyen yo nan Bondye Papa a ak Granmèt Jezikri. Favè pou nou ak lapè.
N’ap di Bondye mèsi tout tan pou nou tout, antan n’ap sonje nou nan lapriyè nou san rete; n’ap sonje travay lafwa nou, lapenn nou, charite nou, epi jan nou ret fèm nan espwa Granmèt nou Jezikri devan Bondye Papa nou.
Nou konnen, frè nou yo Bondye renmen an, kijan li chwazi nou: Levanjil nou an pa t’ rive kote nou nan pawòl sèlman, men nan pouvwa ak nan Lespri Sen, ak nan anpil reyalizasyon ki kòrèk nèt, jan nou konnen kijan nou te konpòte nou kote nou poutèt nou.
Lafwa nou an, ki veritab lafwa nan Bondye a, li vanse devan tout kote, atèl pwen nou pa bezwen di anyen ankò; se yo menm menm k’ap anonse sou nou kijan nou te rive lakay nou epi kijan nou menm menm nou te chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, pou nou sèvi Bondye ki vivan an, ki vre a, pou nou tann Pitit li a k’ap sot nan syèl la, li menm li te fè leve vivan sot nan pami mò yo: Jezi, ki delivre nou anba kòlè k’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo.
Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo a.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a,
L’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Madichon pou nou, chèf avèg".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 13- 22
Lè sa a: Jezi pale, li di:
"Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paské nou fèmin ringn sièl yo dévan moun yo ! Nou minm nou pa antré, épi moun k-ap antré yo, nou pa kité yo antré.
Madichon pou nou, profésè ak farizyin ipokrit, paské n-ap manjé kay vèv yo, pandan n-ap fè lapriyè ki long; sé pousa n-ap jouinn kondanasion ki pi rèd !
Madichon pou nou, profésè ak farizyen ipokrit, paske n’ap fè tout tou lanmè a ak savann nan pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’, nou fè l’ vin tounen pitit lanfè a de fwa plis pase nou!
Madichon pou nou, chèf avèg, k’ap di: «Moun ki fè sèman sou kay sakre a, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou lò kay sakre a, li gen dèt». Enbesil, avèg! Ki sa ki pi gran: lò a oubyen kay sakre a ki fè lò a vin sen an?
«Epi moun ki fè sèman sou lotèl la, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou kado a ki sou li a, li gen dèt». Avèg! Ki sa k’ pi gran: kado a oubyen lotèl la ki fè kado a vin sen an?
Moun ki fè sèman sou lotèl la, li fè sèman sou li, ak sou tout sa k’ sou li. Moun ki fè sèman sou kay sakre a, li fè sèman sou li ak sou sila a ki abite nan li a. Moun ki fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou fotèy Bondye a, ak sou sila a ki chita sou li a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske nou fèmen rèy syèl yo devan moun yo! Nou menm nou pa antre, epi moun k’ap antre yo, nou pa kite yo antre».
Lè ou mennen yon moun nan malè, ou pa montre li chemen lavi, men se chemen lanmò ou montre li. Moun ki aprann yon moun touye lòt, se pa yon pwofesè li ye men li se yon ‘‘asasen’’.
Jodi a, nou ta kapab di kè Jezi pa twò kontan; li an kòlè avèk sila yo ki di yo se lidè epi k’ap fè lòt yo pèdi chemen, y’ap fè yo pèdi gou lavi, e finalman yo fè yo pèdi menm lavi a menm: « Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap fè tout tou lanmè a ak savann nan pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’, nou fè l’ vin tounen pitit lanfè a de fwa plis pase nou!» (Mt 23,15).
Farizyen yo chèche tout fason pou yo fè lòt moun kwè nan sa yo kwè; pa nan sa ki konsène Bondye, men nan sa ki konsène yo menm.Yo vle fè moun yo tounen pitit lanfè. Lògèy yo p’ap mennen yo nan syèl la, li p’ap mennen yo nan lavi, men nan pèdisyon. Yo pa manke nan erè!
Jezi di farizyen yo: «Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal! » (Mt 24,24). Tout bagay tèt anba, pandan plizyè fwa Granmèt la eseye ovri zòrèy farizyen yo, men pwofèt Zakari deja di nou «Men, yo te derefize koute. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande» (Zakari 7,11).
Epi nan jou Jijman an, Jij la va di yo: «Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal» (Mt 7,23).  Sa ki enpòtan pou nou menm, frè ak sè mwen yo, se konnen verite a epi fè lòt moun konnen li antan nou rete fidèl nan sèvis Kris la. An nou sonje sa Sen Toma d’Aken te di: «Moun ki leve tèt yo, yo bese verite a!»
LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ konprann Pawòl ou, pou l’ pa tounen yon chay pou mwen, men pou li libere mwen.

PWOPOZISYON: Si m’ viv nan lanmou ak pwochen mwen san ipokrizi, m’a fè Bondye plezi tout bon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario