Koulè Wouj
MATI JAN
BATIS KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Nou te
vle renmèt nou pa sèlman levanjil Bondye a, men menm lavi nou tou”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
TESALONISYEN YO 2, 1-8
Nou konnen nou menm menm, frè m’
yo, kijan nou te rive lakay nou, se pa t’ pou granmesi; men anvan sa, nou te
soufri, yo te maltrete nou nan vil Filip, jan nou konnen an;, nou te gen
konfyans nan Bondye nou an, pou nou anonse nou levanjil Bondye a avèk anpil
swen.
Prèch nou an pa t’ sòti nan sa k’
pa laverite, ni nan sa k’ pa pwòp, ni nan riz; men, tankou moun Bondye fin
eseye pou l’ konfye nou levanjil la, se konsa nou pale; se pa tankou moun k’ap chèche fè lèzòm plezi, men se Bondye nou
t’ap chèche fè plezi, li menm ki eseye kè nou. Nou pa janm preche pou flate
moun, jan nou konnen an, ni pou chèche fè lajan, Bondye temwen, ni pou chèche
konsiderasyon nan men lèzòm, ni nan nou menm ni nan men lòt moun yo. Malgre nou
te kapab fè nou santi chaj apot Jezikri te ban nou an, okontrè nou fè kò nou
tou piti nan mitan nou, tankou yon nouris k’ap swen pitit li yo.
Konsa nou te si tèlman renmen
nou, se pa levanjil Bondye a sèlman nou te vle ban nou men ata lavi nou, paske
nou te gen anpil valè pou nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 138, 1-3. 4-6
R/ Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen
m’, ou konnen chita m’ ak leve m’. Ou konprann panse m’ depi byen lwen, tras
wout mwen ak kouche m’, ou ekzamine yo.Tout wout mwen yo, ou wè yo byen klè.R.
Sèke pawòl la pa ko sou lang
mwen, epi, Granmèt, ou deja konnen tout bagay. Dèyè ak
devan, ou sere m’, ou poze men ou sou mwen. Li ekstrawòdinè anpil, konesans ou
sou mwen an; li wo anpil, mwen pa kapab jwenn li.R.
LEVANJIL
“Se pou
nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 23-26
Lè sa a: Jezi pale, li di:
“Madichon pou nou, pwofesè ak
farizyen ipokrit, nou menm k’ap bay dizyèm pòsyon sou mant la avèk lanis la
avèk legim yo, men nou kite sa k’ pi konsekan nan lalwa a: jijman, kè sansib,
lafwa! Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo. Chèf avèg, n’ap
pase mouch la nan paswa, men nou vale chamo a!
Madichon pou nou, pwofesè ak
farizyen ipokrit, paske n’ap pwòpte sa k’ deyò vè a avèk plat la, men anndan an
menm nou plen bagay nou vòlè, ak sa ki pa pwòp! Farizyen avèg, kòmanse pwòpte
sa k’ anndan vè a avèk asyèt la, pou sa k’ deyò a kapab vin pwòp”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se fèt Sen Jan Batis ki te mouri mati, kidonk
Legliz la ap fè yon memoryal raple kalite lanmò l’ te mouri antan li t’ap
ekzèse misyon li kòm pwofèt. Lavi Jan Batiste kòm misyonè, se
yon repons li te bay apèl Bondye te fè li depi anvan li te fèt, depi li te nan
vant manman l’. Manman l’ ak papa l’ te fè l’ nan vyeyès; se yon timoun ki fèt
pa mirak.
An plis, manman Jan ak
manman Jezi, Elizabèt ak Mari, se te 2 kouzin; kidonk de mesye sa yo se te
kouzen, yo te pataje natirèlman menm lanmou pou rèy Bondye a. Depi nan zantray
manman l’ Bondye te chwazi l’ kòm pwofèt, men gen kèk bagay ki fè l’ distenge
li ak lòt pwofèt yo: an premye pwofèt la gen misyon pou l’ anonse ak denonse; e
pandan l’ap denonse mal k’ap wonje Izrayèl, l’ap anonse rèy Bondye a rive, l’ap
anonse yon Mesi ki deja la. Sila l’ap anonse a, se Jezi, kouzen li ke li batize
ak men l’ nan larivyè Jouden an avan Ewòd te mete l’ nan prizon.
Dezyèmman, Jan se
pwofèt nan Nouvo Kontra a, se dènye pwofèt ki anonse Kris la. Yon bagay ki
kapab atire atansyon nou, sèke tout sen nan legliz la, yo fete yo nan dat lanmò
yo, paske se jou sa a moun nan pran nesans pou letènite. Sepandan, pou Jan, yo
fete lanmò li ak nesans 24 jen ak jou mati 29 out ki koresponn ak dat jodi a.
Anpil fwa kondisyon lanmò yon pwofèt se yon bagay ki trajik e Jan pa t’ yon
eksepsyon. Paske li t’ap denonse adiltè Ewòd ak madanm pwòp frè li, li pèdi
lavi l’.
Men gwo misyon li te
vin akonpli a, te sanse fini paske pandan li nan prizon, deyò a Jezi te kòmanse
preche rèy Bondye a rive. Wi, pwofèt sa a, jan l’ te di l’ la, te rekonèt mesi
a nan Jezi e li te fè kò l’ tou piti pou l’ kite l’ grandi. Ala yon gran nonm
sa a, se Jan Batis! Ala bèl bagay se lè yon kretyen bay temwanyaj ak pawòl k’ap
sòti nan bouch li ak nan lavi li. Lavi Jan Batis se yon modèl pou tout kretyen. Nou tout, depi nou batize
nou resevwa twa kalite misyon: pwofetik, wayal, ak sasèdotal.
Nan premye lekti a Sen Pòl ap eksplike
kòman yo te reyalize misyon preche bòn nouvèl Jezikri a nan mitan pèp Tesalonik
la, malgre tout difikilte yo te rankontre avan yo rive nan kominote sa, yo ofri
pawòl la ak tout kè yo e sitou yo ofri tout nanm yo, kòm yon manman pran swen
pitit li. Sa se yon bon ekzanp pou nou, nan sans ke nou dwe sèvi Bondye ak tout
kè e sitou, temwaye lafwa nou nan fason nou aji. Kòm batize, nou genyen misyon
pou nou pwoklame Levanjil la, men sèlman nou byen reyalize devwa sa lè nou
temwaye ak lavi nou mesaj n’ap anonse a.
Sèvi Levanjil temwen vle di: viv
selon eksijans Granmèt la mande nou an, renmen Bondye ak tout kè ou, renmen
pwochen ou menm jan ak pwòp tèt pa ou. Bay Bondye premye plas nan lavi ou,
ouvri pòt kè ou ba li, epi tou viv nan pataj, nan solidarite ak frè ak sè ou
yo, pa fè yo enjistis, ni maltrete
yo, pa viv nan ipokrizi ansanm avèk yo,
viv ak yon kè sensè, san ou pa pwofite sa k’ pi piti yo.
Yon lòt aspè nou dwe sezi nan
mesaj jodi a, sèke, nou pa fèt pou n’ jije lòt yo; se pou nou gade pwòp peche
pa nou, lè nou ap gade sitiyasyon lòt, nou p’ap gen tan pou nou akzamine atitid
pèsonèl nou ki, pafwa pi kritik pase pa vwazen yo.
Menm jan ak Jan Batis nou dwe fè
jefò pou nou mennen misyon nou jous nan bout; konsa Granmèt la va mete sou tèt
nou bèl kouwòn li resève pou sen li yo.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, ou menm ki te rele Jan Batis depi nan vant manman l’ pou l’ te tounen
mesaje k’ap anonse kris ou a, tanpri fè nou kado favè dekouvri misyon nou nan
mitan pèp ou a pou rèy lapè, lanmou ak jistis ou a kab avanse chak jou pi plis.
Amèn
PWOPOZISYON: Se nan jan w’ap aji pou w’ bay temwayaj lafwa
a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario