Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Lè yo wè fas Moyiz, yo pè pwoche tou pre".
LEKTI LIV EKZÒD 34, 29-35
Lè Moyiz te desann sot sou mòn
Sinayi a, li te gen de galèt temwayaj la, li pa t’ konnen fas li te klere ak reyon
limyè akoz konvèsasyon li te fè ak Granmèt la. Lè Aawon ak pitit Izrayèl yo wè
kijan fas Moyiz klere, yo pè pwoche tou pre. Li rele yo, Aawon tounen ansanm ak
chèf kay reyinyon yo. Lè l’ fin pale avèk yo, pitit Izrayèl yo vin jwenn li
tou, e li te kòmande yo tout sa l’ te tande nan bouch Granmèt la sou mòn Sinayi
a.
Lè l’ fin di
tout pawòl yo, li poze yon vwal sou fas li. Lè l’ konn antre pou pale ak
Granmèt la, li konn wete l’, joustan li sòti; lè l’ sòti, li konn pale ak pitit
Izrayèl yo tout sa l’ te aprann. Yo te konn wè fas Moyiz klere lè l’ap sòti, men
li menm li te konn kouvri fas li ankò, lè l’ap pale avèk yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 98, 5. 6. 7. 9 (r.: cf. 9c)
R/ Ou sen, Granmèt Bondye nou.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an,
adore l’ devan
macheskalye pye l’, paske li sen.R.
Moyiz avèk Aawon,
nan pami prèt li yo, ak Samyèl,
nan pami sila
yo ki rele non l’ yo.
Yo rele
Granmèt la, li menm li reponn yo.R.
Nan kolòn nyaj
la li t’ap pale avèk yo.
Yo te kenbe temwayaj
li yo ak kòmandman li te ba yo a.R.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an,
Adore l’ sou
mòn li ki sen an,
paske li sen,
Granmèt Bondye nou an.R.
LEVANJIL
"Li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden sa a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 13, 44-45
Lè sa a: Jezi
di foul yo:
"Rèy syèl
la sanble ak yon trezò ki kache nan yon jaden; moun ki jwenn li a, li kache l’,
li tèlman kontan, l’ale, li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden an.
Konsa tou rèy
syèl la sanble ak yon komèsan k’ap chèchè bon bijou; lè l’ jwenn yon bijou ki gen
anpil valè, li vann tout sa l’ genyen, li achte l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a, Levanjelis Matye envite nou reflechi sou 2 parabòl sou Wayòm Syèl la. Pou
Jezi, li trè enpòtan pou nou anonse Wayòm nan, konsa tou pou esperans pèp
Bondye chwazi a. Men, li klè, se pa tout moun ki te konnen kisa Wayòm sa a ye. Sila yo ki te kondane Jezi pou li mouri a, yo
pa t’ konprann li, Pilat ak Ewòd pa t’ konprann li non plis, menm nan kòmansman
an, disip yo pa t’ konprann li. Bon lawon an ki te klouwe sou kwa a bò kote
Jezi a, se li ki ede nou konprann kisa Wayòm nan ye, lè li di: «Jezi, sonje m' wi lè w’a vin pran gouvènman
an nan men ou!» (Lik 23,42). Ni Jezi ni bon lawon an, toulede te sibi akizasyon
e yo te prèske mouri, men pou yon rezon ke nou pa konnen, bon lawon an rekonèt
Jezi kòm Wa nan yon Wayòm ki gen pou tabli aprè lanmò li sou lakwa a. Se yon
Wayòm Espirityèl.
Nan premye predikasyon
li, Jezi pale de Wayòm Syèl la tankou yon trezò ki kache anba tè, moun ki rive
jwenn trezò sa a, li si tèlman gen kè kontan, li vle achte tè sa a, pou li
kapab pwofite trezò a pou tout tan. «Li tèlman kontan, l’ale, li vann
tout sa l’ genyen, li achte jaden an» (Mt.
13, 44). An menm tan, pou nou jwenn Wayòm nan, nou pa dwe sispann chèche
li, menm si nou ta dwe vann tout sa nou genyen: «Lè l’ jwenn yon bijou ki gen anpil valè, li vann tout sa l’ genyen, li
achte l’» (Mt.13, 46).
«De ki sa y’ap pale nou lè yo di nou: ‘chèche’ oubyen ‘moun ki chèche l’a jwenn’? Èske mwen ta kapab di se de bijou ki gen
anpil valè y’ap pale, bijou moun ki bay tout bagay e ki aksepte pèdi tout bagay
kapab jwenn…» (Orijèn).
Wayòm nan se Lapè, Lanmou, Jistis ak
Libète. Trezò sa a, menm si se Bondye ki ka ede nou rive jwenn li, jefò pa nou
konte. Devan grandè kado Bondye a, nou konstate feblès ak defo jefò pa nou, ke
peche a ak lagè souvan detui. Men nou dwe gen konfyans, paske sa ki parèt
enposib pou moun, li posib pou Bondye.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt pou trezò
lafwa a ou ban mwen.
PWOPOZISYON: Kisa mwen ka kite jodi a pou m’ jwenn trezò syèl la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario