Páginas

MADI 1

Koulè Blan
ALFONS DE LIGORI KI SEN, Evèk ak Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Granmèt la t’ap pale ak Moyiz fas a fas”
NAN LIV EGZÒD 33, 7-11; 34, 5b-9. 28
Jou sa yo:
Moyiz pran joupa a, li drese l’ an deyò kote joupa yo te poze a, byen lwen; li rele non l’ “joupa contra a”. Tout pèp la, ki te gen kichòy pou regle, yo te konn soti al nan joupa contra a an deyò kote joupa yo te poze yo.
Lè Moyiz te konn sòti pou l’al nan joupa a, tout pèp la te konn leve, chak moun te konn kanpe nan papòt joupa l’, yo te konn fikse je dèyè Moyiz, joustan li antre nan joupa a. Lè l’ antre nan joupa contra a, kolòn nyaj la te konn desann, li te konn kanpe nan papòt la; Granmèt la te konn pale avèk Moyiz, pandan tout moun ap gade kijan kolòn nyaj la te konn kanpe nan papòt joupa a. Tout moun te konn ret kanpe, yo te konn adore devan joupa yo. Granmèt la menm te konn ap pale avèk Moyiz fas a fas, tankou yon moun konn pale avèk zanmi l’. Lè li menm li te konn tounen nan kote joupa yo te poze a, Jozye sèvitè l’ la, pitit Noun nan, yon ti gason, pa t’ konn sòti nan joupa a.
Moyiz rele non Granmèt la. Lè l’ pase devan l’, li di: “Mèt Granmèt Bondye, ki sansib, ki bon, ki gen pasyans, ki gen anpil kè sansib, ki fidèl, ki kenbe kè sansib li pou mil ak mil jenerasyon, ki wete mechanste ak fot ak peche, pèsonn pa inosan devan ou, ou menm ki renmèt mechanste papa yo sou pitit ak pitit pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon”. Moyiz fè vit, li ajenou, li met kò l’ plat atè, li adore, li di: “Si m’ jwenn favè devan fas ou, Granmèt, tanpri mache avèk nou (sèke pèp la gen kou rèd), wete fot nou yo ak peche nou yo, pran posesyon sou nou”.
Li rete la avèk Granmèt la pandan karant jou ak karant nuit; li pa manje pen, li pa bwè dlo, li ekri dis pawòl kontra yo sou galèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 6-7. 8-9. 10-11. 12-13
R/ Granmèt la sansib, li pran pitye.
Granmèt la fè jistis ak jijman pou tout moun k’ap sibi jouman.
Li fè Moyiz konnen chemen l’ yo, li fè pitit Izrayèl yo konnen mèvèy li yo.R.
Granmèt la sansib, li pran pitye, li pran pasyans, kè l’ sansib anpil.
Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li fache.R.
Se pa daprè peche nou yo li aji avèk nou, se pa daprè fot nou yo li rekonpanse nou. Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li vide sou moun ki respekte l’ yo.R.
Otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li voye peche nou yo lwen nou.
Tankou papa sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou moun ki respekte l’ yo.R.
LEVANJIL
“Menm jan yo ranmase chendan yo, yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 36- 43
Lè sa a:
Lè Jezi fin ranvwaye foul yo, li rive nan kay la; disip li yo pwoche kote l’, yo di: “Eksplike nou parabòl chendan yo nan jaden an”. Li reponn, li di yo:
“Moun k’ap simen bon semans la, se Pitit moun nan. Jaden an, se tè a; bon semans la menm, se pitit rèy nan; chendan an, se pitit dyab yo; lènmi an menm ki simen yo a, se dyab la; rekòlt la, se finisman syèk tan yo; moun k’ap rekòlte yo menm, se Mesaje yo.
Men jan yo ranmase chendan, yo boule l’ nan dife a, se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Pitit moun nan ap voye Mesaje l’ yo, y’ap ranmase tout moun k’ap fè lòt yo tonbe yo, y’ap wete yo sot nan rèy nan, ni sila yo k’ap fè peche, y’ap voye yo nan boukan dife a: se la k’ap gen dlo nan je ak manje dan. Lè sa a atò moun ki kòrèk yo ap klere tankou solèy nan rèy Papa yo a. Moun ki gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Disip yo mande Jezi pou l’eksplike yo parabòl chendan an ak semans la. Jezi fè yon entèpretasyon pou ede moun yo konprann rapò ki genyen ant lavi y’ap mennen kounye a ak Jijman nan finisman syèk tan yo. Lè Bondye ap fè Jijman an, l’ap fè sa selon fason chak moun te mennen bak lavi li. Genyen yon pwovèb kreyòl k’ap ede nou konprann sa pi byen : «Sa ou plante, se li ou rekòlte!».
Levanjil Matye a ede nou konprann reyalite Juif yo atravè imaj (konparezon) Jezi itilize a. Tèm Jezi prezante a, se sou sa ki konsène «bon aksyon» ak «move aksyon» chak moun nan rankont definitif li gen pou fè ak Bondye. Selon Matye, chendan an (move zèb la) p’ap gen enpòtans pou santans Bondye, li menm ki valorize fwi semans nou yo.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tanpri, fè m’ gen pasyans ak sajès nan difikilte ak pwoblèm lavi a. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap pran prekosyon nan fason mwen relasyone ak pwochen mwen, pou m’ pa kontribye nan malè yo men pou m’ede yo grandi nan lagras Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario