Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"Pèp sa
a fè anpil peche, yo fè dye avèk lò".
LEKTI LIV EGZÒD 32, 15-24. 30-34
Jou sa yo:
Moyiz tounen sot sou mòn nan, li te pote de galèt
temwayaj yo nan men l’, yo te ekri toulede kote, se Bondye menm ki te fè yo; se
ekriti Bondye tou ki te grave sou galèt yo. Lè Jozye tande bwi pèp la k’ap rele
byen fò a, li di Moyiz: "Se bwi batay nou tande nan kote yo poze joupa
yo". Li reponn: "Se pa bwi moun k’ap eksite nan batay sa, se pa bwi
moun k’ap pouse lòt yo pou yo sove kò yo non plis tou, men se bwi vwa kantik
mwen tande a".
Pandan yo t’ap pwoche nan kote joupa yo te poze a, li
wè ti towo a avèk dans yo; li fè anpil kòlè, li jete galèt yo ki te nan men l’
nan, li kraze yo nan pye mòn nan. Li sezi ti towo a yo te fè a, li boule l’, li
kraze l’ fè l’ tounen pousyè; li vide l’ nan dlo a, li bay pitit Izrayèl yo bwè
l’.
Li di Aawon: «Ki sa pèp sa a te fè ou, pou ou fè l’
pote gwosè peche sa a?» Aawon reponn li: «Piga mèt mwen fache; ou konnen pèp sa
a, kijan li gen panchan pou l’ fè sa k’ mal. Yo di m’: «Fè dye pou nou, pou yo
mache devan nou; paske Moyiz sa a, ki te fè nou sòti nan peyi Lejip la, nou pa
konnen sa k’ rive l’». Mwen di yo, «Kilès nan nou ki gen lò?» Yo pran, yo ban
mwen; mwen mete l’ nan dife, epi se towo sa a ki sòti».
Nan landmen, Moyiz pale ak pèp la: "Nou fè gwo
peche; m’ap monte kot Bondye, pou m’ wè si m’a resi kalme l’ ak lapriyè pou
peche nou an". Li tounen kot Granmèt la, li di: "Tanpri, pèp sa a fè
gwo peche, yo fè dye an lò: oubyen padonnen yo mal sa a, oubyen, si ou pa fè
sa, efase m’ sot nan liv ou te ekri a".
Granmèt la
reponn: "Moun ki fè peche kont mwen an, se li menm m’ap efase sot nan liv
mwen an. Ou menm ale, kondui pèp sa a kote mwen te di ou la: Mesaje m’ nan ap
mache devan ou; mwen menm menm, nan jou vanjans la, m’ap vizite peche yo a
tou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
105, 19-20. 21-22. 23 (r.: la)
R/ Fè lwanj Granmèt la poutèt li bon.
Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre; yo
chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a, li menm ki te fè bagay
ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz sila a li te
chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou l’ vire
kòlè l’, pou l’ pa fè yo yo peri.R.
LEVANJIL
"Grenn
senve a vin tounen yon pye bwa, atèl pwen zwazo syèl yo abite nan branch li
yo".
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ MATYE 13, 31-35
Lè sa a:
Jezi prezante yon lòt parabòl bay foul yo, li di:
"Rèy syèl la sanble ak yon grenn senve, yon moun pran l’, li simen l’ nan
jaden l’. Se pi piti nan tout semans yo; men lè l’ grandi, li vin pi gran pase
tout pye bwa jaden, li vin tounen yon pye bwa, atèl pwen zwazo syèl la yo rive,
yo abite nan branch li yo".
Li di yo yon lòt parabòl: "Rèy syèl la sanble ak
yon leven, yon madanm pran l’, li kache l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat
la leve".
Tout bagay sa yo Jezi pale yo an parabòl ak foul yo, li
pa pale avèk yo san parabòl; pou sa pwofèt la te di a te kapab rive vre:
"M’ap louvri bouch mwen nan parabòl, m’ap delkare bagay ki te kache depi
kòmansman tè a".
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lafwa pèp Bondye a si tèlman febli atèlpwen ke l’oblije Arawon fè zidòl
ba li pou l’ adore. Konpòtman pèp Izrayèl la te manifeste a, se kòm si tout gwo
mirak Bondye te fè pou li yo pa t’ sifi pou yo te kwè ke Bondye p’ap janm
abandone yo, ke Bondye t’ap kontinye fè wout ansanm avèk yo jous yo rive kote
li te vle yo rive a.
Moyiz apenn
vire, pèp la tonbe nan adore zidòl, yo fè towo ak lò, yo adore l’, yo sakrifye
zèv pwòp men yo.Yo komèt adiltè sou Bondye. Alò, Bondye di Moyiz, se chak moun
ki responsab pwòp zak li, kidonk «moun ki fè peche kont mwen an, se li menm
m’ap efase sot nan liv mwen an». Jounen jodi a, san dout, nou menm ki se yon
pèp ki nan pelerinaj, nou menm k’ap mache dèyè drapo Kris la, gen moun nan pami
nou ki pa sensè ak Bondye, ki gen moun k’ap fè adiltè sou Bondye.
Kilè yon moun fè adiltè sou Bondye menm?
Se lè moun
nan bliye kontra renmen Bondye te pase ak li a, se lè li gen yon bagay li mete
pi wo pase Bondye; se lè li gen yon bagay li bay plis valè, plis enpòtans pase
Bondye.
Jezi vle nou
wè klè, li vel louvri je entelijans nou sou reyalite syèl la, antan li pran
ekzanp ki byen senp nan reyalite tè a: se pou sa li itilize parabòl pou nou ka
konprann li pi byen. Jodi a, nan levanjil la, Jezi di nou rèy syèl la sanble ak
yon leven, yon madanm pran l’, li kache l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat
la leve".
Kisa nou konprann nan sa? Leven an se pa yon gwo bagay,
poutan li fè yon gran efè sou farin nan. Nou menm ki se patizan Jezikri, nou
gen vokasyon pou nou tounen leven nan mond n’ap viv la, pou nou kapab transfòme
li. Si nou kite pawòl Bondye a penetre nou pou li kapab transfòme nou, se konsa
nou menm tou lavi nou ak temwayaj n’ap bay chak jou va tounen leven pou
transfòme reyalite mond nou an.
LAPRIYÈ: Mèsi
Granmèt paske ou renmen mwen, ou pran pasyans avèk mwen. Aprann mwen renmen frè
ak sè m’ yo, pou m’ ka pran pasyans ak yo tou. Amen.
PWOPOZISYON: Avèk Jezi
mwen p’ap pèdi batay,m’ap kenbe konfyans mwen nan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario