Páginas

DIMANCH 30

Koulè Vèt
DISETYÈM SEMÈN ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Ou mande sajès pou ou»
LEKTI PREMYE LIV WA YO 3, 5. 7-12
Jou sa yo:
Granmèt la parèt devan Salomon nan rèv nan nuit, li di: «Mande sa ou vle pou m’ ba ou». Salomon di: «Ou te fè kè ou sansib anpil avèk sèvitè ou David, papa m’, jan l’ te mache devan fas ou nan verite ak jistis ak yon kè ki dwat avèk ou; ou kenbe gran kè sansib ou a pou li, ou ba l’ yon pitit ki chita sou fotèy li a, jan sa fèt jodi a.
Koulye a Granmèt Bondye, ou fè sèvitè ou la kòmande nan plas David papa m’. Mwen menm mwen se yon ti moun piti, mwen pa menm konn kondui tèt mwen. Sèvitè ou la nan mitan pèp la ou chwazi a, yon pèp yo pa kapab ni konte, ni kalkile tèlman li anpil. W’a bay sèvitè ou yon kè ki dosil, pou l’ kapab jije pèp ou a, pou l’ konprann diferans ant byen ak mal. Sèke kilès ki kapab jije pèp sa a, pèp ou sa a ki anpil la?»
Jan Salomon pale a, sa li mande a, fè Granmèt la plezi. Granmèt la di Salomon: «Poutèt ou mande bagay sa a, e ou pa t’ mande lavi long ni richès ni lanmò lènmi ou yo, men ou te mande sajès pou ou kapab konprann jijman: men mwen fè pou ou daprè pawòl ou yo, mwen ba ou yon kè plen sajès ak entelijans, a tèl pwen pèsòn anvan ou pa t’ sanble ou, ni aprè ou p’ap genyen k’ap leve».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS                   118, 57 e 72. 76-77. 127-128. 129-130
R/Se pa ti kras renmen mwen renmen lalwa w’ la, Granmèt:
Pòsyon pa m’, Granmèt: mwen di se kenbe pawòl ou yo.
Lalwa bouch ou a bon pou mwen, pase milyon lò ak lajan.R.
Se pou kè sansib ou a rive pou l’ console m’, daprè pwomès ou bay sèvitè w’ la. Se pou kè sansib ou vin sou mwen pou m’ viv, paske lalwa ou la se plezi m’ li ye.R.
Se pousa mwen renmen kòmandman ou yo plis pase lò ak bijou ki gen anpil pri. Se pousa mwen pran direksyon tout kòmandman ou yo, tout chemen manti mwen rayi l’.R.
Temwayaj ou yo ekstrawòdinè, se pousa nam mwen kenbe yo.
Deklarasyon pawòl ou yo klere, li bay ti moun yo entelijans.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li mete nou apa davans pou nou pran fòm pòtre Pitit li a».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 8, 28-30
Frè m’ yo:
Nou konnen pou moun yo Bondye renmen yo, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo vin sen, daprè desizyon li pran davans.Reyèlman vre, sila yo li chwazi davans yo, li pare plas yo davans tou, pou yo vin moule nan pòtre Pitit li a, pou li menm li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo.
Sila yo li fin pare plas yo a, li rele yo tou; sila yo li rele a, li fè yo vin sen tou; sila yo li fè vin sen an, li ba yo bèlte a tou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
[NB: Si yo vle yo kapab li Levanjil la rive nan pati ki make avèk asterik la (*)]
«Li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden sa a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 44-52
Lè sa a: Jezi di foul yo:
«Rèy syèl la sanble ak yon trezò ki kache nan yon jaden; moun ki jwenn li an, li kache l’, li tèlman kontan, l’ale, li vann tout sa l’ genyen, li achte jaden sa a.
Konsa tou rèy syèl la sanble ak yon kòmèsan k’ap chèche bon bijou; lè l’ jwenn yon bijou ki gen anpil valè, li vann tout sa l’ genyen, li achte l’.(*)
Rèy syèl la sanble ankò ak yon senn yo voye nan lanmè, ki ranmase tout kalite pwason. Lè l’ plen, yo rale l’, yo chita bò lanmè a, yo mete sa k’ bon yo apa nan veso; kanta sa k’ move yo menm, yo jete yo deyò. Se konsa sa ap fèt nan finisman syèk tan yo: Mesaje yo ap sòti, y’ap separe move yo sot nan mitan moun ki kòrèk yo, y’ap jete yo nan boukan dife a: la a ap gen kriye ak manje dan.
Nou konprann tout bagay sa yo? »
Yo di l’:«wi».
Li di yo: «Konsa tout pwofesè labib ki resevwa lansèyman nan rèy syèl yo, li sanble ak yon pèd-fanmi, ki pran nan trezò l’ ni sa k’ nouvo, ni sa k’ ansyen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: 1.-Nan premye lekti a, nou wѐ kote Granmѐt la te di Salomon pou l’ mande yon bagay, men Salomon pa t’ mande ni pouvwa ni lonѐ ni lajan, men li te mande Granmѐt la sajѐs pou l’ kapab jije, pou l’ kapab konprann diferans ant byen ak mal. Sa Salomon te mande a te fѐ Granmѐt la plezi anpil e tout bagay te rive jan Salomon te mande l’ la. Granmѐt la te ba li yon kѐ plen ak sajѐs, kado youn nan moun ki te anvan l’ yo pa t’ janm resevwa.
Nou menm, byen souvan lѐ n’ap pale avѐk Granmѐt la, anvan tout bagay nou toujou prѐt pou nou mande richès tankou kay, machin, pou l’ fѐ nou vwayaje ale nan yon lt peyi, ban nou pouvwa, elatriye; men nou bliye mande li richѐs k’ap ede nou rive nan lavi ki p’ap janm fini an.
2.- «YON TREZÒ KI KACHE NAN YON JADEN; YON KÒMÈSAN K’AP CHÈCHE BON BIJOU»
Jodi a, Levanjil la ap ede nou gade sou andedan, pou nou jwenn sa ki kache:«Rèy syèl la sanble ak yon trezò ki kache nan yon jaden» (Mt 13,44). Lè nou pale de trezò, nou pale de yon bagay ki gen anpil valè, bagay ki gen plis apresyasyon ke lòt.

Trezò Jezi ap pale nou an, se sa ki kache nan pwofondè nanm nou an, nan nannan menm sa nou ye a. Se Wayòm syèl la. Sa vle di pou nou twouve nou nan yon mistè renmen fas a Sous Lavi a, sa ki Bèl la, sa ki Vrè a, ak sa ki Byen an, epi pou nou fè yon sèl kò ak Sous sa a; konsa, lè nou fini pelerinaj nou, lè nou detache ak tout bijou fantezi initil: Wayòm nou t’ap chèche a nan lafwa ak anpil lanmou nan fon kè nou an, n’ap wè li ouvri tankou yon flè, n’ap wè bèlte trezò sa ki te kache a.
Anpil moun, tankou Sen Pòl e menm Bon Lawon an, sanzatann, sibitman, yo te retwouve yo fas a fas ak Wayòm Syèl la, paske wout Granmèt la pa gen limit, men nòmalman pou yon moun rive dekouvri trèzò kache sa a, fòk li chèche li avèk entansyon: «rèy syèl la sanble ak yon kòmèsan k’ap chèche bon bijou» (Mt 13,45).
Nan mond tanporèl la, n’ap pale de moun ki enkyè, moun ki gen lanbisyon, moun k’ap chèche fè richès, men nan mond espirityèl la, nou kapab di se de sen yo n’ap pale: yo pa ezite van tout sa yo genyen pou yo achte teren an, tankou Sen Jan de Lakwa te di sa: «Pou w’ rive genyen tout bagay (trezò kache a), fòk ou pa anbarase ak okenn lòt bagay».
LAPRIYÈ: Bondye Granmѐt, pa kite kѐ nou gonfle ak lὸgѐy, lanvi, renmen richѐs latѐ; men pito pou nou kouri dѐyѐ tout sa k’ap fѐ nou rive eritye wayòm syѐl la. Amѐn.

PWOPOZISYON: Si m’ gen sajѐs ak bon konprann, m’a kapab fѐ diferans ant byen ak mal.

No hay comentarios:

Publicar un comentario