Koulè Blan
MAT KI SEN (Memwa)
PREMYE LEKTI
“Si
nou youn renmen lòt, Bondye fè youn ak nou”.
NAN
PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-16
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt
paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo
ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki
pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li
te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an
ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te
voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou youn renmen lòt.
Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n’a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. Nou
konnen nou fè youn ak Bondye, Bondye fè youn ak nou, paske li ban nou Sentespri
li. Nou menm, n’ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout
moun. Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè youn ak yo, yo fè youn
ak Bondye. Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se
renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè youn ak Bondye, Bondye fè
youn ak yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33 2-3. 4-5. 6-7
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt
la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo
tande, pou yo kontan.R.
Fè
lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm. Mwen chèche
Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la tande l’ anba tout tray li sove
l’.R.
LEVANJIL
“Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
11, 19-27
Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak
lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t’ap vini, li pati, li al kontre li. Men,
Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m’ lan
pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa
ou mande li. Jezi di li: Frè w’ la va leve vivan ankò. Mat reponn li: Wi, mwen
konn sa. Li gen pou l’ leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo
va leve. Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay
lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive
mouri. Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri.
Èske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Granmèt, mwen kwè ou se Kris la, Pitit
Bondye. Ou se moun ki te gen pou ini sou latè a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Sen Jan eksplike nou nan ki fason
Bondye renmen nou: «Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li
te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi». Nou menm, pi bèl prèv renmen nou kapab bay Bondye tou,
se lè nou renmen pwochen nou. Puiske Bondye renmen nou, li padone nou nan Jezi
ki vin montre nou vrè vizaj li.
Jezi
te manifeste renmen sa pou tout moun, espesyalman sa ki nan sosyete l’ t’ap viv
la, moun yo pa t’ konsidere kòm moun, sa yo t’ap toupizi onon lalwa Bondye a.
Jezi te vin fè yo konprann kè sansib Bondye ki san limit.
Nou
menm ki se disip Jezi, nou dwe temwaye renmen Bondye a pou tout moun
alawonnbadè. N’ap dekouvri Bondye nan lavi nou lè n’ renmen youn lòt: sa a se
temwanyaj nou dwe bay nan lemond.
Nan pòsyon Levanjil Jan nou li jodi a, nou
dekouvri nan istwa lanmò Laza a, frè Mat ak Mari a, kote Jezi pral deklare li
se «leve vivan» (rezireksyon), moun
ki kwè nan li ap viv menm si li mouri. Nan fason Legliz la ap sonje Sent Mat jodi a, li
vle montre kalite lafwa fanm sa a nan
JeziKri, Pitit Bondye Vivan an. Mat se youn nan pitit Izrayèl, ki t’ap tann
reyalizasyon pwomès Bondye a. Se sa li menm menm afime menm nan moman difisil
fanmi li ap travèse. Li di Jezi: «Si ou te la frè m’ nan pa t’ap mouri». Li afime lafwa l’ nan Jezi,
sila ki abitye leve moun mouri, sila a ki pote pawòl lavi a.
Nou pa gen anpil detay sou lanmò Laza a, men Mat afime lafwa l’ nan leve
byen vivan an nan dènye jou a. Jan Jezi te di yon lè, èske zanmi lamarye a ka
tris pandan mesye marye a ak li!
Jezi ki se Lavi a menm pral montre nan resisite Laza a sa k’ap ret tann
tout moun k’ap sèvi Bondye, k’ap mache daprè sa li mande yo. Se pou nou mize
lavi n’ plis sou pawòl Bondye a, se pou n’ pwoklame lafwa nou nan Jezikri, ak
tout fòs nou, tout kote n’ pase. Se pou nou viv lafwa nou nan Sila a ki te
mouri a, men ki te leve byen vivan an epi k’ap viv nan mitan nou, nan chak moun
ki batize, ki se pwòp manb kò pa li a.
Menm jan ak Mat an nou montre Jezi nou kwè nan pouvwa li, li menm l’a montre
nou pouvwa lavi gen sou lanmò.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout
tan, ou menm Pitit ou a te aksepte pou yo resevwa l’ kay Mat ki sen, tanpri, an
konsiderasyon priyè l’ fè nou gras, pou antan n’ap sèvi Jezikri avèk fidelite
nan frè nou yo, nou merite ou resevwa nou nan palè syèl la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Fè yon ti gwoup 2 ou 3 moun, al vizite
yon malad, mande Bondye manifeste pwisans leve byen vivan l’ lan pou gerizon
kòporèl ak espirityèl malad la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario