Koulè Vèt
VENNTWAZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Si ou pa
pale ak mechan an, m’ap chèche san l’ nan men ou»
LEKTI LIV
PWOFÈT EZEKYÈL 33, 7-9
Men pawòl
Granmèt la:
«Kanta ou
menm, pitit moun, mwen mete ou kòm santinèl pou kay Izrayèl la; lè ou tande yon
pawòl sot nan bouch mwen, se pou ou anonse yo sa pou mwen. Si m’ di moun mechan
an: «Mechan, w’ap mouri», epi ou pa pale pou mechan an prezève tèt li sot nan
chemen l’ nan, li menm mechan an ap mouri nan peche l’ la, men se nan men ou
m’ap chèche san l’; men si ou anonse mechan an pou l’ vire do bay chemen l’ yo,
epi li pa vire do bay chemen l’ yo, l’ap mouri nan mechanste l’ la, men ou menm
w’ap delivre nam ou».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Pito jodi a nou koute vwa Granmèt la: «Pa fèmen kè
nou».
Vini, an
nou fete pou Granmèt la; an nou bat bravo pou Bondye ki sove nou.
An nou
pwoche devan fas li avèk lwanj, epi ak mizik an nou bat bravo pou li.R.
Vini, an
nou adore, an nou plwaye kò nou, an nou met ajenou devan Granmèt la ki fè nou,
paske li
menm se Bondye nou, epi nou menm nou se pèp pak li, mouton ki nan men l’.R
Pito jodi
a se vwa l’ nou koute: «Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba,
daprè jou
Masa nan savann nan, lè zansèt nou yo te chèche pran m’ nan pyèj la:
yo te
eseye m’, malgre yo te wè travay mwen yo».R.
DeZYÈM LEKTI
«Sa k’
reyalize lalwa a nèt, se renmen an»
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 13, 8-10
Frè m’ yo:
Nou pa dwe
pèsonn anyen, sof pou youn renmen lòt; moun ki renmen pwochen l’, li reyalize
lalwa a; sèke «pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa fè temwayaj-manti, pa anvi»,
epi si gen kèk lòt kòmandman, se nan pawòl sa a li jwenn rasi n’ li: «Se pou ou
renmen pwochen ou tankou ou menm». Renmen pwochen an pa fè sa k’ mal. Sa k’
reyalize lalwa a nèt la, se renmen an.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«Si l’
koute ou, w’ap pran tèt frè w’ la»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
18,
15-20
Lè sa a:
Jezi di disip li yo:
«Si frè
ou fè peche kont ou, ale, reprann li ant ou menm ak li menm sèl. Si l’ koute
ou, w’ap pran tèt frè w’ la; men si l’ pa koute ou, pran youn oubyen de lòt
moun avèk ou ankò, pou tout pawòl la kapab regle nan bouch de oubyen twa
temwen. Si l’ pa koute yo, di legliz la sa: men si l’ pa koute legliz la, se
pou l’ tankou payen ak kolektè pou ou.
An verite
mwen di nou, tout sa nou mare sou tè a, y’ap mare nan syèl la; epi tout sa nou
lage sou tè a, y’ap lage nan syèl la.
Mwen di
nou tout, si de nan nou met tèt yo ansanm sou tè a, nenpòt ki sa yo mande sou
nenpòt bagay, l’ap reyalize pou yo sot nan Papa m’, ki nan si syèl la. Paske
kote de oubyen twa moun rasanble o non m’, mwen la nan mitan yo».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Sa ki
poto mitan relijyon Kris la, se Renmen: Renmen pou Bondye, renmen pou pwochen
nou. Se sa ki rezime tout lalwa Moyiz, paske depi w’ap aji ak renmen nan kè w’
pou pwochen ou an, ou nan chimen Bondye a tout bon.
Men, pafwa
konn gen ti kont nan mitan kretyen yo, akoz tripotay, oubyen jalouzi, ki fè yo an
dezakò. Sa konn rive: se nòmal. Men lè sa rive, nou dwe chèche yon solisyon pou
nou rive jwenn lapè.
Si gen yon
moun ki ofanse w’, li pa nesesè pou ou fè kòmantè sou sa ak lòt moun: se pou ou
pale ak moun nan dirèkteman. Si moun nan pa vle rekonsilye avè w’, lè sa ou ka
mande lòt moun nan kominote a ede nou rekonsilye. Sa pa vle di fè tripotay,
non! Se konsèy pou nou mande yo, pou nou vrèman rezoud pwoblèm nan yon fason
pou nou pa gate zanmi.
Pawòl la
di konsa, si moun nan vrèman mechan, epi menm lòt frè ak sè yo pa ka fè l’
chanje, ou mèt bay moun nan vag. Sa vle di, ou p’ap lènmi moun nan, pou ou
toujou rete nan konfli avè l’. Tou senpleman, ou p’ap okipe moun nan ankò, san
ou pa kenbe l’ nan kè w’.
Pa bay
moun nan vag si ou poko fè efò pou ou rekonsilye avè l’. Epi pa
al mete lòt moun nan pwoblèm nan si ou poko pale ak moun nan pou kont ou.
Anpil
fwa, lè nou dyaloge, n’ap konprann se pa fòt moun nan, li pa t’ wè si l’ t’ap
fè ou mal, epi l’ap ka chanje konpòtman li pou nou rete zanmi. Kèk lòt fwa tou,
lè ou dyaloge, sa ka ede ou dekouvri nan
ki fason ou kapab ofanse yon moun san ou pa rann ou kont. Nou dwe
aprann trete tout moun, menm lènmi nou, jan nou ta renmen pou yo trete
nou. Li bon pou nou padone e aprann mande padon tou.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt, paske ou montre nou kòman pou n’ mete kè poze ak zanmitaj
kote ki gen rayisman. Ede nou aji ak renmen nan kè nou.
PWOPOZISYON: M’ap
dyaloge ak yon moun m’ gen kont avè l’, pou chache rekonsilye avè l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario