Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
“Mwen
vin tounen sèvitè legliz la pou m’ reyalize mèvèy sakre a ki kache depi syèk
tan yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO
1, 24-2, 3
Frè m’ yo:
Koulye a mwen kontan
nan soufrans m’ap soufri pou nou yo, m’ap konplete sa k’ manke nan soufrans
Jezikri nan chè mwen, pou kò l’ ki se legliz la; se sèvitè legliz sa a mwen vin
tounen, daprè sèvis Bondye ban mwen pou m’ fè nan nou an, pou m’ reyalize pawòl
Bondye a.
Mèvèy sakre a, ki te
kache depi syèk tan yo ak jenerasyon yo, koulye a li devwale nan sen l’ yo.
Bondye te vle montre sen yo richès bèlte sekrè sa a nan nasyon yo; sèkrè sa a
se Jezikri, espwa bèlte a nan nou; nou anonse li antan n’ap reprann tout moun,
antan n’ap bay tout moun lansèyman nan tout kalite sajès, dekwa pou nou
prezante tout moun kòrèk nèt nan Jezikri; se pou li m’ap travay, m’ap batay
daprè aktivite l’ k’ap aji nan mwen nan pouvwa a.
Reyèlman vre, mwen vle
nou konnen ki kalite kalkilasyon mwen gen pou nou ak pou sila yo ki Laodise a,
ni tout moun ki pa t’ wè fas mwen nan chè a, pou kè yo jwenn konsolasyon, antan
yo jwenn lansèyman nan charite ak nan tout kalite richès ki plen entelijans la;
konsa n’a konnen mèvèy sakre Bondye Papa a ak Jezikri, kote tout trezò sajès ak
syans la kache.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 61, 6-7. 9
R/ Nan Bondye delivrans
mwen ak bèlte m’.
Nan Bondye sèlman pou
ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti.
Reyèlman vre se li
menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap souke.R.
Espere nan li, tout
fanmi pèp la, vide kè nou devan li; Bondye se kachèt pou nou.R.
LEVANJIL
“Yo
t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
6, 6-11
Rive yon jou saba, li te
antre nan yon kay reyinyon, li t’ap bay lansèyman. Te
gen yon moun la, men dwat li te sèk.
Pwofesè yo ak farizyen
yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a, pou yo te jwenn dekwa akize l’.
Li menm menm li te
konnen panse yo, li di moun nan ki te gen men l’ sèk la: “Leve, kanpe nan
mitan”. Li leve, li kanpe.
Jezi di yo: “M’ap poze
nou kesyon: èske jou saba yo gen dwa fè dibyen, oubyen dimal; sove yon lavi,
oubyen pèdi l’?”
Li gade tout moun
alantou, li di moun nan: “Lonje men ou”. Li
lonje l’, men l’ vin enganm. Yo menm yo te plen raj, yo fè konplo antre yo pou
yo wè sa pou yo fè ak Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Sen Pòl anseye avèk atitid e ekzanp li, ke
kretyen an kapab e dwe imite Kris la menm nan soufrans: “Koulye a mwen kontan nan soufrans m’ap soufri pou nou yo, m’ap konplete
sa k’ manke nan soufrans Jezikri nan chè mwen, pou kò l’, ki se Legliz la”.
Kris la te deja ekzije moun pa li yo,
pou yo fè sakrifis, pou yo antre nan Wayòm syèl la: si yon moun vle suiv mwen
se pou li chaje kwa li chak jou.
Alò
fidelite a Jezi ekzije sakrifis. Se pou nou antre nan pot jennen an; paske gran
pot la ki laj anpil e ke tout moun kapab antre san pwoblèm nan, pa mennen lòt
kote ke nan pèdisyon, e se anpil moun ki antre nan pot sa.
Youn
nan konfli ki te genyen ant Jezi ak pwofesè lalwa yo avèk farizyen yo, se te
pozisyon li fas a lwa sabatik la.
Levanjil jodi a montre
nou yon ekzanp ke Jezi viv plizyè fwa. Yon mesye avèk men dwat li paralize, e
ki t’ap suiv ansèyman Jezi nan sinagòg la, e Jezi te geri li. Jiske la pa t’
gen pwoblèm paske konfli sa pa t’ devwale. Entansyon doktè lalwa yo avèk
farizyen yo te diferan ak entansyon Jezi. Pou farizyen yo avèk doktè yo, geri
yon moun ki malad jou samdi, se te yon gwo peche paske se te kont lalwa repo a.
Pou Jezi, repo jou
samdi a relatif; sa vle di, tou depan de sitiyasyon ki prezante a, li kapab
obsève, konsa li kapab pa obsève li. Si se pou sove lavi moun, pa gen pwoblèm
pou l’ pase sou lalwa sabatik la.
Levanjil Sen Lik ap fè
nou wè ke rezon ki fè gen plis konfli ant Jezi ak doktè lalwa yo avèk farizyen
yo, se paske li te mete diyite ke moun genyen pi wo pase nenpòt ki lwa ki
ekziste. E yo menm, yo pa t’ renmen sa. Paske pou yo, sa ki te pi enpòtan, se
te obsève lalwa e se sa ki t’ap sove yo. Alò, pou yo, di mil moun te mèt mouri,
te mèt gen pwoblèm. Sa pa regade yo; depi yo obsève lalwa a, yo bon nèt. Konsa,
nan sosyete kote n’ap viv la, genyen farizyen ak doktè lalwa ki ekziste nan
fason y’ap viv.
E tankou mesye ki te
paralize a, nou konn paralize tou sitou lè nou pa konnen ki kote vrè kè kontan
nou ye, lè nou pa idantifye ki kote n’ap jwenn vrè delivrans la; nou konn
paralize lè nou fè Legliz Jezikri a tounen yon relijyon kote se ipokrizi,
enterè, egoyis k’ap mennen. Lè nou pa vle renmen frè ak sè nou yo jan Bondye
mande nou, nou pa obsève kòmandman Granmèt la, nou paralize.
LAPRIYÈ:
Granmèt ede nou kase tèt tounen vin jwenn ou, ou menm ki se sous liberasyon
an; tanpri geri tout paralizi nou yo.
PWOPOZISYON:
M’ap gade kòman lide mwen ak konsepsyon kapab tounen yon obstak pou pwochen
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario