Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Granmèt la fè nou jwenn lavi ansanm avèk li, antan li padonnen
tout fot nou yo".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 2, 6-15
Frè m’ yo:
Menm jan nou
resevwa Jezikri Granmèt la, se konsa pou nou mache nan li, antan nou pran rasin
nan li, nou bati nan li, nou asire nan li gras a lafwa a, jan nou te aprann
nan, antan nou plen rekonesans pou li.
Atansyon pou
pèsonn pa twonpe nou avèk filozofi ak manti ki vid, daprè lansèyman lèzòm
transmèt yo, daprè gran prensip ki antre nan konpozisyon tou sa nou wè a, san
yo pa suiv Jeziri; paske se nan li menm, ak tout kò l’, tout sa Bondye ye a
abite, epi nou plen ak sa k’ nan li a, li menm ki chèf tout otorite ak pouvwa;
se nan li yo koupe po ti kò nou ak yon sikonsizyon ki pa fèt ak men moun k’ap wete
kò chè a, men nan sikonsizyon Jezikri a: nou antere avèk li nan batèm nan, nan
li nou leve vivan, antan nou met lafwa nan aksyon Bondye, li menm ki leve l’
sot nan pami mò yo.
Nou menm, ki
te mouri akoz fot yo, epi poutèt kesyon po ti kò nou an, li fè nou viv avèk li,
li padonnen tout fot nou yo, li detui biyè dèt la ki te ekri kont nou an; sa k’
te kont nou an, li pran l’ nan li menm, li kloure l’ sou kwa a; li degrade
otorite ak pouvwa yo, li trennen yo aklè, li ranpòte laviktwa sou yo devan tout
moun nan li menm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 1-2. 8-9. 10-11 (r.: 9a)
R/ Granmèt la bon pou tout moun.
M’ap fè lwanj
ou, Bondye m’, wa mwen, m’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan ak tout tan gen
tan.
Chak jou m’ap
fè lwanj pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan. R.
Granmèt la gen
pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la
bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj
ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare
bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou. R.
LEVANJIL
"Pandan tout lannuit la li t’ap lapriyè. Li chwazi
douz yo, li rele yo apot".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 12-19
Rive jou sa
yo, Jezi monte sou mòn nan pou l’ lapriyè, li pase tout lannuit la ap lapriyè
Bondye.
Lè jou rive,
li rele disip li yo, li chwazi douz nan pami yo, li rele non yo Apot: Simon, sa
l’ bay ti non Pyè a, avèk Andre, frè l’ la, Jak avèk Jan, Filip avèk Batelemi,
Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a, ak Simon, sa yo rele Fanatik la, epi Jid,
pitit Jak la, avèk Jida Iskaryòt la, sa k’ te trayi a.
Li desann
avèk yo, li kanpe nan plenn nan, ansanm ak foul disip li yo ak anpil foul pèp
ki sòti nan tout Lajide ak Jerizalèm ak rejyon lanmè a, ak Tir ak Sidon, yo te
vini pou yo koute l’, pou yo fè l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki te gen lespri papwòp k’ap maltrete yo, yo te geri.
Tout foul la
te vle touche l’, paske te gen yon pouvwa ki te sòti nan li epi ki te geri yo
tout.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi monte sou mòn nan pou l’ lapriyè, li pase tout lannuit la ap
lapriyè Bondye. Li rele disip li yo, li chwazi douz nan pami yo, li
rele non yo Apot (premye a, se Pyè). Li desann avèk yo, li kanpe nan plenn nan,
ansanm ak foul disip li yo ak anpil foul pèp ki te sòti divès kote (Galileyen,
Juif, Payen); yo te vini pou yo koute l’, pou yo fè l’ geri yo sot
nan maladi yo.
Lik fè ladiferans, nan sans ke li montre lapriyè a se
siy ke gen yon bagay enpòtan ki pral pase: eleksyon apot yo. Li pa eksplike poukisa Jezi chwazi yo, paske
nan Liv Travay apot yo gen anpil detay sou misyon yo.Jezi pa bay lansèyman sou
tèt mòn nan (tankou Matye rakonte sa), men li desann, li kanpe nan penn nan
aprè li fin lapriyè sou tèt mòn nan. Misyon Jezi a, se yon misyon ouvè, yon
misyon inivèsèl.
LAPRIYÈ: Jezi,
ou bezwen men ak pye pou fè Wayòm ou an grandi nan lemond; se pou mwen tounen
apot ou nan peyi mwen pami pèp mwen.
PWOPOZISYON:
Disip-misyonè
a, se yon moun ki fè lanmou mizerikòd Papa vizib, espesyalman bò kote pòv yo ak
pechè yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario